Soti nan malèz fizik ale nan strès emosyonèl, nou konprann kijan yon dyagnosis kansè ak trètman kansè ka afekte chak grenn aspè nan lavi w. Se pou sa sant Sylvester Comprehensive Cancer Center ofri sèvis onkoloji sipòtif pou asire n ou menm ak tout moun pwòch ou yo resevwa swen konpreyansif ak espesyalite miltip. Ekspè nou yo abòde bezwen fizik, emosyonèl, sosyal ak espirityèl ou yo anvan. pandan avèk trètman kansè.
Ekip pliridisiplinè doktè ak klinisyen lisansye nou yo kolabore avèk onkolojis (doktè ki espesyalize nan trètman kansè) pou asire trètman ak sipò w la byen entegre byen efikas kòmsadwa. Misyon nou se amelyore kalite vi w, rann peryòd trètman w lan pase swa kòmsadwa ak amelyore rezilta sante atravè swen ki baze sou evidans.
Nou ankouraje w pou pran avantaj òf sa yo ak aprann konnen yo pandan w koumanse eksperyans pasyan w lan.