Kisa yon Enstriksyon Davans ye?
Direksyon davans yo se dokiman alekri oswa deklarasyon aloral ou fè devan yon temwen kote ou bay chwa ou pou swen sante yo oswa ou nome yon moun pou pran desizyon pou ou si ou vin pa ka pran desizyon sa yo ou menm. Enstriksyon Davans yo ka ede asire yo aksepte volonte pa ou, menm si ou ta pèdi konesans oswa ou pa ka di kisa ou ta pito. Gen twa (3) kalite Enstriksyon Davans: Testaman Lavi; Nominasyon Reprezantan Pou Swen Sante; ak Don Anatomik.
Poukisa Enstriksyon Davans yo Enpòtan?
Anpil moun vle asire yo respekte preferans yo lè yo pral mouri - menm si yo pa ka pale pou tèt yo. Gen kèk moun ki vle refize tretman medikal agresif si pa gen okenn chans rezonab pou yo geri. Gen moun ki vle evite pwolonje oswa fè yo pi enkonfòtab oswa soufri "ak machin." Malgre sa nou wè nouvèl sou gwo ka epi nou vle evite dezagreman sou preferans diferan manm fanmi. Li pa janm twò bonè pou kòmanse pwosesis desizyon sa a, epi ou pa ta dwe ranvwaye li jiskaske ou gen yon maladi grav. Si ou chwazi yon moun pou pran desizyon pou ou, asire w ou diskite detay sou preferans ou yo avan ou kòmanse resevwa swen. Li enpòtan pou reprezantan ou a konnen valè ak dezi ou yokonsènan tretman an. Pa egzanp, si ou t ap mouri epi ou pa vle tretman medikal agresif, ou ta dwe asire reprezantan ou konnen desizyon sa a. Reprezantan yo gen yon devwa pou yo fè sa ou vle - pa sa yo prefere oswa yo pi alèz ak li.
Ki sa Lalwa di?
Lwa Florida, Chapit 765 nan Estati Florida yo, ankouraje pasyan yo pou yo ranpli Enstriksyon Davans yo, ki di "chak moun majè konpetan gen dwa fondamantal pou yo pran pwòp desizyon yo pou bagay ki gen rapò ak sante yo, tankou dwa pou chwazi oswa refize tretman medikal. " Enstriksyon Davans yo se yon fason pou asire dwa sa a respekte. An 1990, Kongrè Etazini te pase Lwa sou Oto-Detèminasyon Pasyan an. Lwa federal sa a egzije pou lopital yo enfòme pasyan sou Enstriksyon Davans yo.
Kisa yon Testaman Lavi ye?
Yon testaman lavi se yon dokiman ou ka prepare ki esplike preferans swen ou si ou vin pa anmezi pou pran desizyon medikal epi ou gen yon maladi ki nan dènye etap la, yon maladi tèminal, oswa eta ou ap dejenere. Nan yon testaman lavi ou kapab:
- Endike yon moun ki responsab pou egzekite souwè ou yo.
- Di ki kalite pwosedi pou pwolonje lavi ou vle oswa ou pa vle, tankou sikonstans kote ou t ap chwazi pwosedi sa yo oswa fè yo, refize yo oswa kanpe yo.
- Diskite sou lòt pwoblèm ki ka enpòtan pou ou; pa egzanp, wòl nn preferans relijye ou yo ap jwe nan desizyon nan fen lavi ou.
Yon testaman lavi dwe gen siyati, dat la, ak de (2) temwen. Omwen youn nan temwen yo dwe yon moun ki pa mari, madanm, oswa fanmi ou. Ou ta dwe diskite souwè ou ak fanmi ou ak doktè ou. Testaman lavi ou vin fè pati dosye medikal pèmanan ou. Malgre ou pa bezwen yon avoka pou prepare yon testaman lavi, ou ka vle diskite li ak yon avoka.
Kisa yon Don Anatomik ye?
Li se yon dokiman ki endike ou vle ou a bay tout oswa yon pati nan kò ou. Sa a ka swa yon don ògàn oswa tisi pou yon moun ki nan bezwen oswa don kò ou pou fòmasyon travayè swen sante.
Ou ka endike ou vle pou w yon "donatè" sou kat idantifikasyon eta ou a oswa lisans chofè ou a.
Kisa yon Lòd pou pa Reyanime (Do Not Resuscitate Order, DNRO) ye?
Lòd sa a idantifye yon moun ki pa vle yo resisite li apre yon arè kadyak oswa respiratwa. Li se yon fòm jòn Depatman Sante Florida.
Kisa yon Reprezantan Pou Swen Sante ye?
Lwa Florida ankouraje nominasyon yon "reprezantan swen sante" pou pran desizyon pou pasyan yo si yo ta vin pa ka fè sa yo menm. Reprezantan yo bay konsantman pou tretman --- oswa eksprime dwa pasyan an pou refize tretman li pa vle. Yon reprezantan ka yon fanmi oswa yon zanmi.
Kisa Yon Manda Dirab Pou Swen Sante ye?
Gen kèk pasyan renmen egzekite dokiman legal fòmèl ki bay otorite pou pran desizyon pou yon moun patikilye. Sa a se anjeneral menm moun ou ta vle kòm reprezantan ou. Yon manda dirab pou swen sante dwe prepare avèk èd yon avoka konpetan.
Kisa pou mwen fè si mwen gen yon Enstriksyon Davans epi mwen chanje lide apre?
Ou ka chanje oswa anile Enstriksyon Davans ou a nenpòt ki lè. Ou ka jis di sa. Ou ka fè li alekri tou, oswa senpleman detwi nenpòt dokiman ki egziste deja epi avèti lòt moun ki gen kopi ou te anile enstriksyon davans ou a. Se responsablite w pou fè lòt moun konnen sa. Yo pa ka detwi kopi ki nan dosye medikal ou a men yo ka anile li. Si ou vle anile yon Enstriksyon Davans pandan w entène lopital, ou ta dwe notifye doktè prensipal ou, fanmi ou, ak lòt moun ki ka bezwen konnen. Si ou te konsilte yon avoka pou prepare dokiman ou, ou dwe mete li okouran tou Ou ka chanje tou nominasyon ou kòm yon donatè nan idantifikasyon Florida ou lè ou kontakte biwo lisans chofè ki pi pre ou a. Yon Enstriksyon Davans anile tou si ou kreye yon lòt tou nèf oswa si doktè ki responsab ou a oswa yon lòt doktè dakò ou gen kapasite ou pran desizyon pa ou. Finalman, si ou te chwazi mari oswa madanm ou kòm reprezantan swen sante ou epi nou divòse, li p ap rete reprezantan ou amwenske ou di nominasyon li kòm reprezantan ou ap rete menm si nou divòse.
Kisa pou mwen fè si mwen ranpli yon Enstriksyon Davans nan yon etap men mwen entène lopital nan yon lòt eta?
Pifò eta yo --- ki gen ladan Florida --- gen lwa ki egzije pou respekte enstriksyon davans nan lòt eta. Si volonte ou yo klè, yo ta dwe swiv yo nan nenpòt eta. An reyalite, si ou pa gen yon Enstriksyon Davans, li ka pi difisil pou konnen sa ou swete nan yon kote yo pa abitye ak ou.
Ki kote mwen ka egzekite yon Enstriksyon Davans?
Fòm yo disponib nan biwo admisyon an, oswa ou ka mande yo nan men doktè, enfimyè, oswa travayè sosyal ou. Ou ka itilize fòm nou yo epi fè chwa ou vle yo. Ou ka chanje nenpòt nan mo yo epi ajoute nenpòt enstriksyon anplis. Oswa ou ka pote pwòp fòm ou ba nou, epi yo pral fè pati nan dosye medikal ou. Lwa Florida pa egzije okenn fòmilè Enstriksyon Davans espesyal. Sepandan, deklarasyon an bezwen de (2) moun kòm temwen. Omwen yon temwen pa kapab yon madanm / mari oswa yon fanmi san.
Remake pandan lalwa aksepte yon "deklarasyon aloral devan yon temwen" kòm yon Enstriksyon Davans, anpil ekspè rekòmande yon dokiman alekri ki siyen.
Kijan mwen ka konnen davans ki pwosedi mwen ta vle pou pwolonje lavi m?
Preferans ou sou swen pou pwolonje lavi yo ka vin pi klè si ou panse sou yo epi diskite yo ak fanmi ou, zanmi ou, ak lòt moun. Ki opinyon ou gen sou lanmò? Kijan ou santi pou w depann sou swen lòt moun nèt? Èske gen kondisyon w ap viv ou ta pito mouri? Èske yo ta dwe itilize sipò lavi atifisyèl? Pou konbyen tan? Ou ta dwe santi w lib pou diskite sou nenpòt nan kesyon sa yo avèk doktè ou ak lòt manm nan ekip swen sante Sylvester ou a.
Kisa k ap rive si mwen pa gen yon Enstriksyon Davans?
Si ou pa gen yon testaman lavi oswa pou pa te nome yon reprezantan swen sante, epi yon doktè te detèmine ou pa gen kapasite pou pran desizyon pou swen sante ou, lalwa egzije pou yo nome yon Reprezantan Pou Swen Sante nan yon lòt priyorite ki gen ladan responsab legal, madanm/mari, pitit ki majè, paran, frè/sè ki majè, fanmi ki majè ak yon zanmi pwòch. Desizyon pou tretman yo konplike anpil lè pa gen okenn reprezantan, ak lè yo pa ka jwenn yon reprezantan pou swen sante. Si ou pa gen yon testaman lavi, li ka difisil pou konnen preferans ou yo lè ou prèt pou mouri.
Èske gen testriksyon sou kalite desizyon mwen kapab pran pou tèt mwen?
Gen sèten kalite desizyon reprezantan ou ka pran fè sèlman si ou te espesifikman otorize yo. Men yo gen ladan yo avòtman, esterilizasyon, terapi eletwokonlisiv, sikochiriji, sèten tretman eksperimantal, ak admisyon volontè nan yon etablisman sante mantal. Epitou, lalwa pèmèt ou mete nenpòt restriksyon adisyonèl sou otorite reprezantan an ou vle. Sa gen ladan kapasite w pou limite otorite reprezantan ou an pou konsanti pou refize oswa anile pwosedi ki pwolonje lavi.
Èske mwen oblije egzekite yon Enstriksyon Davans?
Non. Se ou ki gen dwa deside. Lwa a egzije sèlman pou yo ba ou enfòmasyon alekri konsènan dwa ou pou egzekite yon Enstriksyon dDavans si ou vle fè sa.
Kisa mwen ta dwe fè avèk Enstriksyon Davans mwen an apre li fifn egzekite?
Kou ou gen yon Enstriksyon Davans, ou ta dwe enfòme doktè ou ansanm ak fanmi ou, zanmi, ou oswa avoka ou pou yo ka jwenn li si sa nesesè. Kopi yo ta dwe fasil pou tout moun ki bezwen yo jwenn yo. Ou menm tou ou ta ka konsidere kenbe yon ti kat nan bous ou oswa valiz ou ki deklare ou gen yon Enstriksyon Davans, kote li ye ak non an ak nimewo telefòn reprezantan ou. Reprezantan ou yo ta dwe gen kopi enstriksyon davans ou a.
Ki kote pou mwen ale si mwen vle jwenn plis enfòmasyon?
Ou ta dwe toujou santi w lib pou w pale ak doktè ou, enfimyè, oswa travayè sosyal sou enstriksyon davans ou a.
Si ou gen nenpòt enkyetid oswa plent konsènan konfòmite ak egzijans pou enstriksyon davans, rele 1-888-419-3456 oswa ekri:
Consumer Assistance Unity
Agency for Health Care Administration
2727 Mahan Drive • Fort Knox Building, Room 339
Tallahassee, Florida 32303
Ajans lan gen yon sit entènèt ki gen plis enfòmasyon sou Enstriksyon Davans tou. Ale sou https://www.tmh.org. Yon lòt dokiman itil konsènan swen nan fen lavi ki disponib nan Department of Elder Affairs (Depatman Zafè Moun Aje) nan http://elderaffairs.state.fl.us.
Si ou gen nenpòt enkyetid oswa plent konsènan konfòmite ak egzijans pou enstriksyon davans, rele Agency for Health Care Administration (Ajans pou Bay Swen Sante) nan 888-419-3456 oswa ale sou www.floridahealthfinder.gov.