Skip to Main Content

Doulè ak Swen Palyatif pou Pasyan Kansè

Randevou

Pou w aprann plis ou pran yon randevou, rele 305-243-4129 oubyen
305-243-8204.

Gneyen kansè pa toujou vle di w ap gen doulè. Sepandan, si w gen doulè ki gen rapò ak kansè ou tretman w lan, espesyalis jesyon doulè ak swen pakyatif nan sant Sylvester Comprehensive Cancer Center a ka ede w jwenn soulajman. Nou ofri plizyè opsyon tretman sekiritè ki fè prèv yo pou ede soulaje doulè w la ak retabli kalite vi w.

Doulè se fason kò w di w gen yon bagay ki pa nòmal. Kidonk, ou dwe di pwofesyonèl swen sante w la lè w gen doulè ou gen nenpòt chanjman nan doulè w genyen an. Ou dwe fè doktè w konnen tou si trètman doulè yo travay, nan ka ou yo ta bezwen fè ajisteman nan dozaj medikaman w lan. Kontwole doulè w la se objetif apwòch konplè nou an.

Swen palyatif se swen medikal espesyalize pou amelyore kalite vi nenpòt moun k ap viv ak maladi sevè, tankou kansè. Li bon pou moun nan nenpòt laj ak nan nenpòt etap maladi a. Swen palyatif fokis sou founi w soulajman anba sentòm, doulè ak strès yon kondisyon sante — kèlkeswa dyagnostik ou prognostik ou a. Ekip nou an travay ak lòt pwofesyonè swen sante w yo pou amelyore byennèt ou pandan w ap swiv tretman an.

Swen Olistik ki Abòde Kò, Lespri, ak Nanm

Pwogram pliridisiplinè doulè ak palyatif nou an abòde tout aspè nan jesyon doulè, pandan dyagnostik, ekzamen ak pandan tretman. Nou ofri plizyè terapi ki envazif ak non-envazif, ak terapi gratis tou, tankou jesyon strès ak akiponkti. Ekip jesyon doulè nou an gen landan l doktè ki espesyalize akki gen anpil eksperyans nan medsin jesyon doulè.

Avèk yon fokis sou bezwen fizik, emosyonèl ak espirityèl, swen palyatif gen objektif pou redui doulè w ak ede kalite vi w ak tout fanmi w. Swen palyatif apwopirye diran nenpòt etap maladi a, pou nenpòt dyagnostik.

Pou plis enfòmasyon konsènan sèvis doulè oubyen pou yon randevou ak yon manb nan ekip jesyon doulè nou an, rele 305-376-7695 oubyen 1-888-4UM-NOPAIN.

Sèvis Sipò Kansè

Kontakte nou jodiya pou w ka aprann plis oubyen pran yon randevou.