Gen anviwon yon tyè nan timè sèvo yo ki koumanse nan selil gliyal. Majorite sèvo a se selil gliyal ki konpoze l, se pa neròn. Selil gliyal aji tankou tisi sipòtif nan sèvo a. Yo jwe yon gwo wòl tou nan kominikasyon selil ki nan sèvo a.
Lè selil gliyal yo vin anòmal ou sispann travay, kalite kansè sa rele gliyoblastom. Gliyoblastom yo souvan malveyan (gen kansè) men yo raman pwopaje nan kò a. Kansè sa yo souvan rive nan emisfè serebral sèvo a, men yo ka grandi nenpòt kote nan sèvo a ou kolòn vètebral la.
Men tip kansè Gliyoblastom ki genyen yo:
- Timè Astrositè: Timè sa yo koumanse nan selil sèvo a yo rele astrosit yo. Astrosit yo ede kenbe selil nève yo an sante. Astrositom se fòm kansè sèvo danfans ki pi popilè. Tip timè astrositè yo gen ladan yo gliyom twon selebral, timè astrositè pineyal, astrositom pilositik, astrositòm difize ak astrositòm anaplastik.
- Timè Oligodandrogliyal: Yon timè oligodandrogliyal koumanse nan selil sèvo a ki pwodui sibstans grès yo ki pwoteje nèf nan sèvo nou ak sistèm nèvè santral nou. Tip timè sa yo gen ladan yo oligodandrogliyom ak oligodandrogliyom anaplastik.
- Gliyòm Miks: Yon gliyòm miks, ou oligodandrogliyom, se yon timè sèvo ki gen de tip timè selil ladan l: oligodandrosit ak astrosit. Oligoastrositom ak oligoastrositom anaplqastik se lòt non timè sa yo genyen.
- Timè Epandimè: Yo rele timè sa yo tou epandimom. Yo koumanse nan selil ki aliyen kanal santral kolòn vètebral la. Yo ka koumanse yon espas ki ranpli ak fliyid nan sèvo a tou yo rele vantrikil.
Poukisa pou w chwazi sant Sylvester Comprehensive Cancer Center?
Radyo-operasyon Kouto Gama (Gamma Knife Radiosurgery) pou timè sèvo ki pa operab. Yo ka detui timè piti yo lè yo itilize teknoloji inovatif sa si operasyon pa rekòmande.
Plis opsyon pou timè ki reziste trètman. Si kimoterapi ou terapi radyasyon pa travay pou kansè w la, nap eksplore nouvo pwogrè nan domèn rechèch klinik yo pou ede w bat kansè.
Plis esè klinik kansè pase nenpòt lòt lopital nan Sid Florid la. Si l nesesè pou kansè w la ak nan etap li ye a, esè klinik nou yo founi w nouvo fason pou trete ak pou potansyèlman geri kansè w la.
Sèl sant Kansè Ekselans ki nomine nan Sid Florid. Pwobabilite pou yon pasyan siviv kansè apre senk ane nan yon Sant Kansè Devwa 17 pousan fwa pi plis pase pa lòt lopital yo.