Skip to Main Content

Timè ki Baze nan Kràn

Randevou

Fè demand yon randevou sou entènèt ou
rele nou. 1-844-324-HOPE (4673)

Timè ki baze nan kràn pa yon sèl kalite timè sèvo. Lokasyon yo detèmine ki kalite yo ye: kit anndan zo kràn nan ki fòme anba tèt la kit se zo ki dèyè nen ak je yo. Majorite timè ki baze nan kràn nan grandi anndan kràn nan, men men gen kèk ki fòme sou pa deyò.

Pou trete timè ak kondisyon ki baze nan kràn sa ekzije teknik ak eksperyans yon sant tankou Sylvester Comprehensive Cancer Center. Timè sa yo tou pre nèf ak veso sangen nan sèvo a, tèt, kou, ak kolòn vètebral.

Poukisa pou w chwazi sant Sylvester Comprehensive Cancer Center?

Sèl sant yo nome Sant Kansè Ekselans nan Sid Florid. Nou trete kansè, sèlman kansè, ak ofri w meyè rezilta posib. Pwobabilite pou yon pasyan siviv kansè apre senk ane nan yon Sant Kansè Devwa 17 pousan fwa pi plis pase pa lòt lopital yo.

Zouti onkoloji radyasyon Avanse. Sylvester se youn pami sèlman senk sant medikal nan peyi a ki gen terapi radyasyon ViewRay — terapi radyasyon MRI-gide. Avèk, sistèm RapidArc® radyoterapi nou an ki founi terapi radyasyon ekstèn ki gen entansite modile (intensity modulated external radiation therapy, IMRT). Zouti sa yo mennen nan trètman ki pi konpetan ak efikas, dire trètman ki pi kout, presizyon ekzat nan zafè sible timè ak mwens domaj nan tisi ki an sante ki antouraj la.

Plis opsyon pou timè ki reziste trètman. Si kimoterapi ou terapi radyasyon pa travay pou kansè w la, nap eksplore nouvo pwogrè nan domèn rechèch klinik yo pou ede w bat kansè.

Plis esè klinik kansè pase nenpòt lòt lopital nan Sid Florid la. Si l nesesè pou kansè w la ak nan etap li ye a, esè klinik nou yo founi w nouvo fason pou trete ak pou potansyèlman geri kansè w la.

Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.

Trètman


Trètman nou rekòmande w la baze sou ka pa w la ekzat ak rezilta tès yo. Ekspè pliridisiplinè nou yo ap travay kòm yon ekip pou ofri w yon apwòch pèsonalize k ap mennen nan meyè rezilta potansyèl yo. Trètman pou timè ki baze nan kràn gen ladan:

  • Operasyon

    Operasyon an retire tisi timè a pou ede diminye presyon sou pati ki tou pre nan sèvo w yo. Yon chirijyen ap eseye retire tout kansè li wè nan moman operasyon an. Rès selil kansè ki rete yo aprè operasyon an y ap trete yo avèk kimoterapi ou terapi radyasyon.

  • Terapi Radyasyon

    Terapi radyasyon tiye selil kansè ou enpoze yo grandi. Rayon lazè ki gen enèji wo, reyon gama, oubyen reyon proton diminye yon timè anvan operasyon. Ou ka fèt aprè pou tiye nenpòt selil kansè ki rete aprè operasyon an. Yo ka itilize terapi radyasyon tou kòm trètman prensipal si operasyon pa yon opsyon. Li ka ede soulaje sentòm yon timè lakoz. Gen de kalite terapi radyasyon estanda prensipal:

    • Terapi Radyasyon Konfòmèl 3-Dimansyonèl (3-Dimensional Conformal Radiation Therapy, 3-D CRT): Yon òdinatè kreye yon imaj 3D timè sèvo a oubyen kolòn vètebral la. Imaj sa yo ede nou pou fokis pi wo dòz radyasyon nan timè a.

    • Terapi radyason Entansite modile (Intensity-modulated radiation therapy, IMRT): Sa se yon kalite terapi radyasyon 3D. Li itilize reyon radyasyon ki tou mens ki gen diferan entansite (fòs). Reyon yo frape timè yo sou plizyè ang.

    • Radyochiriji Estereyotaktik (Stereotactic radiosurgery): Terapi ki fokis yon sèl grenn dòz radyasyon dirèteman nan timè sèvo a. Yo rele l tou radyochiriji estereyotaktik ak radyochiriji. Tenikman li pa yon pwosedi chirijikal.

    • Radyo-operasyon Kouto® Gama (Gamma Knife® Radiosurgery): Fokis yon gwo dòz radyasyon sou yon ti timè (mwens pase 3 santimèt avèk presizyon ekszat.

  • Kimoterapi

    Medikaman an ka swa tiye selil kansè yo oubyen enpoze yo grandi ak pwopaje. Yo rele kimoterapi ki itilize aprè operasyon oubyen biyopsi imoterapi adjivan. Yo enjekte kimoterapi (kòm yon likid) nan yon venn ou misk gras ak yon IV (kontraksyon pou "intravenous", nan venn); ou pran l oralman nan bouch, tankou konprime; ou yo bay li dirèk nan espas ki plen fliyid nan sèvo a.

    • Kimoterapi Entratekal: Yon plakèt ki fonn livre yon medikamn antikansè dirèkteman nan anplasman timè sèvo a aprè operasyon.

  • Terapi Sible

    Terapi sible itilize nouvo medikaman ki ka idantifye ak atake selil kansè espesifik. Yo ka itilize yo tou pou trete veso sangen yo ki pre kansè a. Pafwa yo chwazi terapi sible kòm yon terapi lè operasyon pa yon opsyon. Nan terapi sible genyen pa egzanp terapi antikò monoklonal tankou Bevacizumab. Terapisa ka anpeche kwasans nouvo veso sangen timè bezwen pou grandi. Bevacizumab trete gliyoblastom peryodik.

  • Swen Sipòtif

    Yo souvan ofri terapi sipòtif pou diminye pwoblèm ou efè segondè maladi a ou trètman l lakoz. Yo ka bay yo tou pou ede amelyore kalite vi pasyan an. Pou timè sèvo, swen sipòtif gen ladan l medikaman pou kontwole endispozisyon, akimilasyon fliyid, oubyen anflamasyon nan sèvo a.

  • Esè Kliniik

    Esè Kliniik fokis sou jwenn fason amelyore pou trete kansè sèvo ak nerolojik. Siw kalifye, doktè w la nan Sant Kansè Sylvester a ap eksplike opsyon pou w konsidere yo.


Tès


Pandan etap dyagnostik la, n ap dekouvri kote timè a ye, gwosè l, ak si l pa danje, si l danje, yon timè primè ou segondè.

  • Timè ki pa danje yo yo pa gen kansè men yo ka grandi ak peze sou zòn ki tou pre nan sèvo ou kolòn vètebral la. Yo ka gravman deteryore fonksyon sèvo a ak kolòn vètebral la. Yo raman pwopaje nan lòt tisi, men yo ka repwodui peryodikman (retounen ankò).
  • Timè Primè se sa yo ki koumanse nan sèvo a ou kolòn vètebral la. Timè primè yo ka pwopanaje nan lòt pati nan sèvo a ou kolòn vètebral la. Yo raman pwopaje nan lòt pati nan kò a.
  • Timè Segondè, ou metastatic koumanse yon lòt kote nan kò a, epi pwopaje nan sèvo a ou kolòn vètebral la. Timè segondè nan sèvo a pi popilè lontan pase timè sèvo primè.
  • Ekzaman Nerolojik

    Kesyon ak tès pou verifye sèvo, kolòn vètebral ak fonksyon nève rele ekzamen nerolojik, nero ekzamen, ou ekzamen nerolojik. Yo mezire estati mantal ou, kowòdinasyon, abilite pou mache, reflèks ak misk.

  • Ekzamen Chan Vizyèl

    Operasyon se fòm trètman ki pi popilè pou timè glann pityitè. Anviwon 95 pousan operasyon pou retire timè glann pityitè fèt atravè wout transfenoyidal, atravè pasaj nazal ak kavite sinis la. Yo rele operasyon sa yon krànyotomi. Pwosedi krànyotomi ka fèt lè w itilize yon mikwoskòp ou yon andoskòp.

  • Tès Endikatè Timè

    Yo revize echantiyon tisi, san, ak pipi pou chache sibstans ki gen rapò ak divès kalite kansè. Yo rele sa yo endikatè timè.

  • Tès Jenetik

    Yo gade yon echantiyon san ou tisi nan yon laboratwa. Ekspè nou yo chache nenpòt chanjman nan kwomozom yo ki konekte avèk kè timè sèvo. Nou ka dyagnostike tou yon sendrom ou eritye.

  • CT-Scan ou Cat Scan (Computed Tomography)

    Pwosedi sa fè seri foto detaye kote anndan kò w sou plizyè ang. Yo ka enjekte yon koloran nan yon venn ou ba w li kòm yon likid. Koloran an fè anòmalite tisi ak ògàn yo parèt klèman. Yo rele tès sa tou tomografi kalkile (computed tomography), tomografi aksyal enfòmatize ou tomografi enfòmatize (computerized).

  • MRI

    Pwosedi sa itilize yon leman, radyo-ond ak yon òdinatè reye yon seri foto detaye sèvo ak kolòn vètebral ou. Yo enjekte yon sibstans yo rele gadolinyòm nan venn ou. Gadolinyòm yo kolekte alantou selil yo, konsa yo parèt pi klere nan foto a. Yo rele pwosedi sa tou imaj rezonans mayetik nikleyè (nuclear magnetic resonance imaging, NMRI). Yo souvan itilize MRI pou dyagnostike timè nan kolòn vètebral la. Pafwa yo fè yon pwosedi ki rele espektroskopi rezonans (esonance spectroscopy, MRS) pandan seyans eskanè MRI la. Yo itilize yon MRS dyanostike timè, swivan konpozisyon chimik li.

  • Tomografi Kalkile Emisyon yon Sèl Foton (SPECT Scan, Single Photon Emission Computed Tomography)

    Nan tès dyagnostik sa, yon kamera espesyal ou òdinatè fè yon foto 3-D sèvo a. Yo enjekte ak yon egwi ou yo bay atravè nen ak fè w enspire yon kantite sibstans radyoaktif ki sekiritè. Kamera a fè laviwonn arebò tèt yo. Foto yo montre nou ki kote san ak fliyid kò yo koule nòmalman. Selil kansè ka lakoz sa, epi nou idantifye lokasyon sa yo.

  • PET Scan (Positron Emission Tomography)

    W ap kouche nan machin PET skanè a, pandan skanè PETa ap vire alantou kò w. Yo enjekte yon ti kantite sik (glikoz) radyoaktif nan yon venn. PET skanè a fè foto ki kote selil nan sèvo w yo ap itilize glikoz la kòm enèji plis pase nan lòt pati. Sa yo pwobabman se selil kansè paske yo pi aktif pase selil ki an sante yo.

  • Biyopsi

    Biyopsi ede detèmine si yon timè kansè pityitè gen kansè. Yo pèfòme biyopsi avèk asistans imaj ki soti nan iltrason, CT ou MRI. Yon patolojis verifye echantiyon biyopsi a pou verifye kalite timè a ak mwayèn (ak ki rapidite timè a ka grandi ou pwopaje).

    • Biyopsi Estereyotaktik: Tès sa gade timè ki fon nan sèvo a. Nou itilize yon òdinatè ak aparèy eskanè 3-D ki 3-dimansyonèl. Imaj la pèmèt nou gide egwi nou itilize a pou retire tisi a. Yo fè yon vyet ti ensizyon nan po tèt la ki pèmèt chirijyen an fouye egwi biyopsi a pou retire selil ak tisi. Yon patolojis ekzamine selil ak tisi yo nan yon mikwoskòp.

Asirans nou Asepte

Nòt: Plan sante ki gen kontra avèk UHealth aktyèlman yo nan yon lis pi ba a. Sepandan, tanpri konsilte konpayi asirans ou an pou w verifye si UHealth fè pati rezo konpayi asirans ou an.