Skip to Main Content

Esè Klinik

Translating research breakthroughs into more effective treatments remains one of Sylvester’s highest priorities.

Dekouvri lespwa.
Toutan, chak jou.

Okenn moun pa pi prepare pou konbat kansè w la.

icon--clinical-trials

Chache yon Esè Klinik

Pou jwenn plis enfòmasyon, rele Sant Enfòmasyon Sylvester a 305-243-2647

Revizyon Esè Klinik

Esè Klinik se etid rechèch klinik ki gade nouvo fason pou konprann, detekte, ou trete yon maladi ou yon kondisyon. Trètman an ka yon nouvo medikman ou melanj plizyè medikman, nouvo pwosedi chirijikal ou aparèy, oubyen nouvo fason pou itilize trètman ki egziste deja. Objeftif esè klinik yo se pou detèmine si yon nouvo entèvansyon, tès ou trètman efikas ak sekiritè. Gen esè klinik tou pou etidye lòt aspè swen tankou pou amelyore kalite vi oubyen kontwole sentòm.

Rechèch klinik nan Sylvester enplike etid sou popilasyon moun ki an sante tou. Esè Klinik sa yo pi souvan pa gen trètman ladan yo men genyen siveyans, evalyasyon risk, rezilta, etid anviwònmantal ak konpòtmantal pou detèmine faktè ki enfliyanse pwobabilite popu devlope kansè, si l anviwònmantal, abitid sanitè, jenetik oubyen ras. Lè yo jwenn repons sa yo, sa ede chèchè yo sijere entèvansyon pou redui risk sa.

Objektif nou nan sant Sylvester Comprehensive Cancer Center ak nan Inivèsite Miami se pou konvèti rezilta rechèch yo rapidman an swen klinik tout pasyan y ap benefisye.


Kesyon Ki Pi Souvan Poze

Kesyon & Repons Popilè sou etid rechèch klinik

Aprann plis

Konprann Esè Klinik yo

Yon gid pou patisipan

Aprann plis