Skip to Main Content

Konprann Esè Klinik

Poukisa Esè Klinik Enpòtan

Pwogrè nan medsin ak syans soti nan nouvo lide ak apwòch ki devlope nan rechèch. Yo dwe pwouve nouvo tretman medikal yo sekiritè ak efikas nan etid syantifik avèk yon kantite pasyan anvan yo rann yo disponib piblikman.

Atravè esè klinik, chèchè nan Sylvester aprann ki apwòch ki pi efikas pase lòt. Yon kantite tretman ki estanda kounyeya anvan sa yo te pwouve yo te efikas nan esè klinik.

Rechèch Klinik nan Sylvester

Tradui avansman ki fèt nan domèn rechèch an trètman ki plis efikas rete youn nan pi gwo priyorite Sylvester yo. Sylvester fè plis esè klinik pase tout lòt enstitisyon nan Sid Florid la ak gen yon pakèt bann esè klinik, avèk 300 ak 350 esè klinik k ap dewoule diran nenpòt ki peryòd la. Chak ane, ant 800 ak 1.000 moun enskri nan esè klinik nan Sylvester.

Pwen fò nan esè syantifik nou yo: Program Esè Klinik Faz I nan Sylvester a se sèl sant tès Faz I akademik nan Sid Florid la ki konsakre sou devlopman medikaman pou pasyan kansè. Sylvester gen sèl Program Esè Klinik Faz I Pedyatik ki ekziste nan Sid Florid la.

Esè tretman gen ladan l terapi iltramodèn, tankou:

  • Esè viris Onkolitik
  • Esè Iminoterapi
  • Terapi selilè, tankou esè CAR-T cell, ladan l nou se lidè nasyonal la
  • DNA protein kinase inhibitors: Sylvester se youn nan de twa sant nan mond lan k ap fè kalite rechèch sa epi lidè nasyonal la baze la
Gade yon lis Kesyon Moun Souvan Poze sou esè klinik.