Skip to Main Content

Aktivite Sensibilisation Kominote

Kit se nan klinik ou lopital nou yo, oubyen atravè sansibilizasyon kominotè, ekip sant Sylvester Comprehensive Cancer Center a, doktè, stantis ak etidyan pataje yon objeftif komen: pou ede ou menm ak fanmi w viv vi ki pi an sante.

Sid Florid la se yon lokalite ki inik. Divèsite popilasyon nou an se yon bagay pou nou selebre, men li prezante defi espesyal nan redui disparite kansè ki genyen atravè plizyè gwoup etnik ak nivo ekonomik ki konpoze kominote nou an.

Sylvester plase resous pou abòde defi sa yo atravè rechèch ak entèvansyon dirèk nan kominote nou an. Resamman, nou te antreprann kanpay sansibilizasyon espesyal pou konbat odyans sib ki nan pwofesyon ki riske yo ak zòn minoritè yo, pou yo ka aprann risk kansè ak pran mezi pou kreye yon kominote ki an pi byen an sante.

Paske nou fè pati sèl sant medikal akademik nan Sid Florid la, sa ede kanpay n ap mennen an. Rive nan lè yo fini lekòl medikal, plis pase 98 pousan nan etidyan nan Miller Fakilte Medsin nan Inivèsite Miami fè benevola nan fwa sante ak klinik chak semèn kote yo ofri minorite yo swen nan Little Haiti, Hialeah, Liberty City, South Dade, West Kendall, Fort Lauderdale, ak plizyè lokal nan Florida Keys. Jeneralman, atravè sistèm sante a, plis pase 200 doktè fakilte ak rezidan konsakre plis pase 2.000 èdtan benevòl nan fwa sante ak klinik yo pandan ane a.

Angajman aktif sa bay rezilta konkrè. Rasamman, lè ekip sansibilizasyon Sylvester a dekouvri yon wo to enkyetan kansè matris nan Little Haiti, ekspè nou yo kolabore ak manb kominote yo pou ogmante itilizasyon aparèy domisil pou teste pou detekte viris papiyòm imen an (human papilloma virus), ki li menm si l rete san yo pa trete l ka bay kansè matris. Pratik sa kounyeya tounen yon modèl pou rechèch patisipatwa kominotè ki abòde disparite sante atravè pwomosyon chanjman konpòtmantal ki kiltirèlman sansib ak chanjman sosyal.

Non sèlman nou ofri rechèch iltramodèn ak swen irepwochab, ekip nou an ap travay pou ede manb kominote nou an vin patnè djanm ak aktif nan pwòp swen medikal pa yo. Nou konprann tout gwoup moun pa gen menm aksè a ak swen sante ak resous yo, kidonk, nou mennen yon bann pwojè rechèch nan kominote lokal nou an – epi objektif yo se pou amelyore kalite swen sante ak aksè pou tout moun.

Prevansyon se gerizon.

Erin Kobetz, Ph.D., MPH 

Erin Kobetz, Ph.D., M.P.H. signature
Erin Kobetz, Ph.D., M.P.H.
Direktè Asosye, Sensibilizasyon Kominotè ak Angajman
Sylvester Comprehensive Cancer Center