Skip to Main Content

Kansè Tèt ak Kou

Randevou

Rele oswa klike sou pou yon vizit an pèsòn
oswa vityèl.

Rele nou nan
1-844-324-HOPE (4673)

Oswa

Kansè tèt ak kou gen ladan l anpil diferan kansè ki koumanse nan ògàn ak tisi tèt ak kou. Gen ladan yo kansè larenks (bwat vokal), gòj, po bouch, bouch, nen ak glann saliv yo. Majorite kalite selil skame ki trase sifas mouye anndan tèt ak kou a — pati tankou bouch, nen ak gòj.

Kansè nan tèt ak kou konte pou yon ti pousantaj relatif nan tout kansè nan Etazini. Si w nan risk, ou yo deja dyagnostike w, doktè ekspè nou yo la pou ou menm ak tout fanmi w. Espesyalis Sylvester yo wè pi plis ka kansè tèt ak kou pase lòt lopital nan Sid Florid. Eksperyans nou ak ekspètiz ofri w meyè rezilta posib.

Espesyalis nan Sylvester ak Sistèm Sante nan Inivèsite Miami trete kansè pityitè ak tiroyid (kansè andokrinyen), kansè po, sakòm tèt ak kou ak kansè ezofajyen.

Poukisa pou w chwazi sant Sylvester Comprehensive Cancer Center?

Klase nan pi wo nivo nasyon an pa U.S. News & World Report.
Klasman an reflete devouman ekip la pou ekselans nan rechèch swen pasyan yo ak rezilta yo. Chirijyen, odyològ, enjenyè byomedikal, patolojis lapawòl, chèchè, ak sikològ kolabore ak anpil pwogram rechèch nan University of Miami Miller School of Medicine pou bay pi bon swen miltidisiplinè posib bay pasyan zòrèy, nen ak gòj timoun ak granmoun yo.

Nou gen plis espesyalis nan operasyon tèt ak kou ki sètifye pase nenpòt lòt pwofesyonèl sante nan Sid Florid. Nou gen ekspè ki garanti tout aspè nan swen tèt ak kou w. Nan majorite ka ki ekzije rekonstriksyon yo, ou fè sèlman yon sèl operasyon pou retire kansè al nenpòt operasyon rekonstriktif. Sylvester se yon nan meyè kote nan peyi a pou operasyon kansè silmitane ak kansè kou avèk rekonstriksyon mikwovaskilè.

Youn nan meyè pwogram reyabilitasyon diskou ak deglitisyon nan peyi a. Si w fè operasyon ki afekte machwè, vizaj ak/ou kou, se kèk pami meyè ekspè nan peyi a k ap sipòte w pèsonèlman pou restore kali vi w.

Zouti onkoloji radyasyon avanse. Teknoloji sofistike nou an founi posibilite pou sible timè ekzakteman, amelyore rezilta yo, avèk mwens domaj potansyèl nan tisi ki an sante ki nan alantou yo. Zouti yo gen ladan yo RapidArc® intensity modulated radiation therapy (IMRT) ak yon eskanè Siemens 4D-CT.

Ekspètiz nan re-trètman radyasyon pou timè tèt/kou. Re-trètman se yon pwosès konplèks ki ka vin aprè operasyon pou reaparisyon (lè kansè a retounen grandi ankò). Yo ka ofri re-trètman radyasyon se operayson pa posib. Pa gen anpil lòt pwofesyonèl swen sante nan Sid Florid ki ofri opsyon sa.

Esè kliniik ki fokis sou operasyon robotik, kimoterapi, sou redui toksite radyasyon ak imonoterapi souvan disponib pasyan kansè tèt ak kou. W ap resevwa nouvo trètman ki pa disponib okenn lòt kote: Aksè w genyen nan esè klinik ki koresponn avèk kansè espesyal ou a ofri w meyè chans pou jwenn meyè rezilta trètman.

Youn nan sèlman sis Sant Ekselans Kansè deziyen nan Florid. Nou trete kansè, sèlman kansè, ak ofri w meyè rezilta posib. Pwobabilite pou w siviv kansè apre senk ane nan yon Sant Kansè Devwe (Dedicated) 17 pousan fwa pi plis pase pa lòt lopital yo.

Ekip swen pliridisiplinè ki gen ekspètiz yo rekonèt nasyonalman. Se ekspè nan kalite kansè w genyen an ekzakteman ak chak grenn aspè nan li ki konpoze ekip swen w lan epi doktè w yo pale ansanm youn ak lòt.

Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.