Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.

Trètman


Trètman nou rekòmande w la baze sou ka pa w la ekzat ak rezilta tès yo. Ekspè pliridisiplinè nou yo ap travay kòm yon ekip pou ofri w yon apwòch pèsonalize k ap mennen nan meyè rezilta potansyèl yo. Trètman pou timè ki baze nan kràn gen ladan:

  • Operasyon

    Operasyon an retire tisi timè a pou ede diminye presyon sou pati ki tou pre nan sèvo w yo. Yon chirijyen ap eseye retire tout kansè li wè nan moman operasyon an. Rès selil kansè ki rete yo aprè operasyon an y ap trete yo avèk kimoterapi ou terapi radyasyon.

  • Terapi Radyasyon

    Terapi radyasyon tiye selil kansè ou enpoze yo grandi. Rayon lazè ki gen enèji wo, reyon gama, oubyen reyon proton diminye yon timè anvan operasyon. Ou ka fèt aprè pou tiye nenpòt selil kansè ki rete aprè operasyon an. Yo ka itilize terapi radyasyon tou kòm trètman prensipal si operasyon pa yon opsyon. Li ka ede soulaje sentòm yon timè lakoz. Gen de kalite terapi radyasyon estanda prensipal:

    • Terapi Radyasyon Konfòmèl 3-Dimansyonèl (3-Dimensional Conformal Radiation Therapy, 3-D CRT): Yon òdinatè kreye yon imaj 3D timè sèvo a oubyen kolòn vètebral la. Imaj sa yo ede nou pou fokis pi wo dòz radyasyon nan timè a.

    • Terapi radyason Entansite modile (Intensity-modulated radiation therapy, IMRT): Sa se yon kalite terapi radyasyon 3D. Li itilize reyon radyasyon ki tou mens ki gen diferan entansite (fòs). Reyon yo frape timè yo sou plizyè ang.

    • Radyochiriji Estereyotaktik (Stereotactic radiosurgery): Terapi ki fokis yon sèl grenn dòz radyasyon dirèteman nan timè sèvo a. Yo rele l tou radyochiriji estereyotaktik ak radyochiriji. Tenikman li pa yon pwosedi chirijikal.

    • Radyo-operasyon Kouto® Gama (Gamma Knife® Radiosurgery): Fokis yon gwo dòz radyasyon sou yon ti timè (mwens pase 3 santimèt avèk presizyon ekszat.

  • Kimoterapi

    Medikaman an ka swa tiye selil kansè yo oubyen enpoze yo grandi ak pwopaje. Yo rele kimoterapi ki itilize aprè operasyon oubyen biyopsi imoterapi adjivan. Yo enjekte kimoterapi (kòm yon likid) nan yon venn ou misk gras ak yon IV (kontraksyon pou "intravenous", nan venn); ou pran l oralman nan bouch, tankou konprime; ou yo bay li dirèk nan espas ki plen fliyid nan sèvo a.

    • Kimoterapi Entratekal: Yon plakèt ki fonn livre yon medikamn antikansè dirèkteman nan anplasman timè sèvo a aprè operasyon.

  • Terapi Sible

    Terapi sible itilize nouvo medikaman ki ka idantifye ak atake selil kansè espesifik. Yo ka itilize yo tou pou trete veso sangen yo ki pre kansè a. Pafwa yo chwazi terapi sible kòm yon terapi lè operasyon pa yon opsyon. Nan terapi sible genyen pa egzanp terapi antikò monoklonal tankou Bevacizumab. Terapisa ka anpeche kwasans nouvo veso sangen timè bezwen pou grandi. Bevacizumab trete gliyoblastom peryodik.

  • Swen Sipòtif

    Yo souvan ofri terapi sipòtif pou diminye pwoblèm ou efè segondè maladi a ou trètman l lakoz. Yo ka bay yo tou pou ede amelyore kalite vi pasyan an. Pou timè sèvo, swen sipòtif gen ladan l medikaman pou kontwole endispozisyon, akimilasyon fliyid, oubyen anflamasyon nan sèvo a.

  • Esè Kliniik

    Esè Kliniik fokis sou jwenn fason amelyore pou trete kansè sèvo ak nerolojik. Siw kalifye, doktè w la nan Sant Kansè Sylvester a ap eksplike opsyon pou w konsidere yo.