Skip to Main Content

Kansè Tiroyid Medilè

Randevou

Rele oswa klike sou pou yon vizit an pèsòn
oswa vityèl.

Rele nou nan
1-844-324-HOPE (4673)

Oswa

Kansè medilè, ki afekte selil parafolikilè tiroyid la ra. Yo souvan asosye l ak sendròm neyoplazi andokrin miltip tip 2 ou ereditè (MEN2). Ekspè kansè Sylvester yo gen anpil eksperyans nan trete kansè medilè.

Trètman kansè tiroyid baze sou plizyè faktè tankou

  • Sante global ou ak istwa medikal ou
  • Anplè maladi a Lòt faktè tès dyagnostik nou an detèmine

Espesyalis Sylvester w la ap eksplike chwa trètman w yo, ki degre siksè ki konte jwenn nan yo, ak risk ak efè segondè chak opsyon genyen.

Nou itilize zouti dyagnostik ki pi resan yo, rechèch iltramodèn ak konesans kansè tiroyid avanse pou ede w jwenn sante ideyal. Ekspè nou yo espesyalize nan kalite kansè w la ekzakteman. Sa pèmèt nou ofri w yon dyagnostik ki ekzat — souvan nan nivo jenetik la pou nou ka idantifye meyè trètman an.

Poukisa pou w chwazi sant Sylvester Comprehensive Cancer Center?

Sèl sant nan Sid Florid avèk yon sant tès andokrin espesyalize. Ou resevwa pi bon presizyon nan dyagnostik ou a, ki fè jwenn trètman ki pi ekzat al meyè rezilta. Sant lan lokalize nan University of Mami Miller School of Medicine, sant lan gen enfimyè espesyalize ak asistan teknik ki pèfòme tès òmòn ki konplike.

Zouti onkoloji radyasyon Avanse. Sylvester se youn pami sèlman senk sant medikal nan peyi a ki gen terapi radyasyon ViewRay — terapi radyasyon MRI-gide. Avèk, sistèm RapidArc® radyoterapi nou an ki founi terapi radyasyon ekstèn ki gen entansite modile (intensity modulated external radiation therapy, IMRT). Sa mennen nan trètman ki pi konpetan ak efikas, dire trètman ki pi kout, presizyon ekzat nan zafè sible timè ak mwens domaj nan tisi ki an sante ki antoure pati sib la.

Plis esè klinik kansè pase nenpòt lòt lopital nan Sid Florid la Si l nesesè pou kansè w la ak nan etap li ye a, esè klinik nou yo founi w nouvo fason pou trete ak pou potansyèlman geri kansè w la.

Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.

Trètman

  • Operasyon

    Operasyon retie glann tiroyid la ak gangliyon lenfatik ki alantou l yo. Pafwa, trètman yo gen ladan yo terapi radyasyon reyon ekstèn aprè operasyon; yo pa itilize terapi yodin radioaktif. Gen de trètman sible FDA apwouve ki disponib pou kansè medilè. Medikaman, ki rele inibitè kinaz tirozin (tyrosine kinase inhibitors), bloke aksyon kèk anzim ki fè kansè a grandi.


Tès

  • Iltrason

    Iltrason ka ede doktè w la detèmine si yon nod tiroyid solid ou plen ak fliyid. Yo ka itilize l tou pou verifye kantite ak gwosè nodil tiroyid yo ak pou idantifye gangliyon lenfatik ki elaji yo. Iltrason itilize ond son ki gen anpil enèji, ki rebondi sou tisi entèn yo oubyen ògàn yo pou fòme yon imaj (sonogram).

  • CT-Scan (Computed Tomography)

    Yon CT-Scan, yo rele l tou yon CAT scan, pran yon seri foto detaye anndan kò w, yo pran sou pizyè ang. Yo itilize l pou detèmine anplè kansè a ak plan trètman.

  • MRI

    MRI konbine yon leman, radyo-ond ak yon òdinatè pou kreye yon seri foto detaye anndan kò w. Menm jan ak pou CT-scan, MRI ka ede detèmine anplè kansè a ak plan trètman.

  • Biyopsi

    Yon biyopsi se yon echantiyon tisi yo ekzamine pou chache selil kansè. Si yo jwenn kansè, yo ka fè yon fè yon analiz mitasyon jenetik pou timè pou chache molekil timè espesifikman nan timè a. Sa ede nou kreye rekòmandasyon trètman ki pi ekzat la.

  • Tès San Thyroid-Stimulating Hormone (TSH)

    Tès sa mezire nivo òmòn ki estimile tiroyid ak verifye aktivite jeneral glann tiroyid ou. Li ka ede detèmine tou si w ap benefisye nan terapi ranplasman òmòn tiroyid aprè operasyon.

  • Tès San T3 ak T4 (Òmòn Tiroyid)

    Tès sa mezire nivo òmon T3 ak T4, òmòn prensipal glann tiroyid ou pwodui. Nivo a bay doktè w enfòmasyon sou fonksyon glann tiroyid ou.

  • Tès Tiroglobilin (Thyroglobulin Test)

    Tiroglobilin se yon pwoteyin glann tiroyid ou pwodui. Nou itilize tès sa apre operasyon pou detèmine kijan kò w reyaji. Trètman dwe debouche sou yon ba nivo tiroglobilin nan san an. Si nivo yo wo, ou ka bezwen plis trètman.

  • Tès kalsitonim (Calcitonin)

    Kalsitonin se yon òmòn ki ede kontwole kijan kò w itilize kalsyòm. Li fabrike gras ak selil C ki nan tiroyid ou, ki ka devlope an kansè tiroyid nan mwèl (medullary thyroid cancer). Yo itilize tès sa pou dyagnostike kalite kansè sa oubyen posibilite pou l ta retounen aprè trètman.

  • Tès Antijèn Kasinoanbriyonè (Carcinoembryonic Antigen, CEA)

    Moun ki gen kansè tiroyid nan mwèl souvan gen nivo san wo avèk pwoteyin sa. Yo ka itilize tès sa aprè trètman pou siveye efè l.

Asirans nou Asepte

Nòt: Plan sante ki gen kontra avèk UHealth aktyèlman yo nan yon lis pi ba a. Sepandan, tanpri konsilte konpayi asirans ou an pou w verifye si UHealth fè pati rezo konpayi asirans ou an.