Skip to Main Content

Maladi Paratiroyid ak Kansè Paratiroyid

Randevou

Rele oswa klike sou pou yon vizit an pèsòn
oswa vityèl.

Rele nou nan
1-844-324-HOPE (4673)

Oswa

Maladi paratiroyid ra. Men, kòm yon sant medikal akademik, nou wè plis ka pase nenpòt lòt pwofesyonèl swen sante nan rejyon Sid Florid la. Si yo dyagnostike ou menm ou byen yon moun pwòch ou ak maladi paratiroyid, kontakte nou pou w ka gen aksè rapid avèk ekip swen eksperimante nou an.

Sant Sylvester Comprehensive Cancer Center ka asire yon dyagnostik efikas ant maladi paratiroyid primè, maladi paratiroyid segondè ak kansè paratiroyid. Ekip doktè ekspè nou an, andokrinolòj, chirijyen, onkolojis, radyolojis, ak patolojis ap evalye ak planifye trètman pou kondisyon w genyen an ekzakteman.

Paske l ra anpil, kansè paratiroyidpa itlize yon sistèm pa etap epi dekri timè an tankou:

  • Kansè paratiroyid lokalize: Yo jwenn nan yon glann paratiroyid ak posibman nan tisi ki tou pre yo

  • Kansè paratiroyid metaplastik: Pwopaje nan lòt pati nan kò a, tankou zo, fwa, poumon, gangliyon lenfatik ou lòt pati

  • Kansè paratiroyid rekiran: Kansè ki retounen aprè trètman

Poukisa pou w chwazi sant Sylvester Comprehensive Cancer Center?

Sèl sant nan Sid Florid avèk yon sant tès andokrin espesyalize. Ou resevwa pi bon presizyon nan dyagnostik ou a, ki fè jwenn trètman ki pi ekzat al meyè rezilta. Sant lan lokalize nan Miller School of Medicine nan Inivèsite Miami, sant lan gen enfimyè espesyalize ak asistan teknik ki pèfòme tès òmòn ki konplike.

Zouti onkoloji radyasyon Avanse. Sylvester se youn pami sèlman senk sant medikal nan peyi a ki gen terapi radyasyon ViewRay — terapi radyasyon MRI-gide. Avèk, sistèm RapidArc® radyoterapi nou an ki founi terapi radyasyon ekstèn ki gen entansite modile (intensity modulated external radiation therapy, IMRT). Zouti sa yo mennen nan trètman ki pi konpetan ak efikas, dire trètman ki pi kout, presizyon ekzat nan zafè sible timè ak mwens domaj nan tisi ki an sante ki antouraj la.

Plis esè klinik kansè pase nenpòt lòt lopital nan Sid Florid la. Si l nesesè pou kansè w la ak nan etap li ye a, esè klinik nou yo founi w nouvo fason pou trete ak pou potansyèlman geri kansè w la.

Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.

Trètman

  • Ranplasman Òmòn

    Pou fanm ki nan menopoz ak ki gen siy osteyoporoz, terapi ranplasman òmòn ka ede konsève kalsyòm.

  • Paratiroyidektomi Sou-Total

    Nan operasyon sa yo retire pati nan glann paratiroyid la, yo kite kèk tisi fonksyone.

  • Paratiroyidektomi PTH-Gide

    Nan operasyon sa, chirijyen retire ase tisi paratiroyid pou mete nivo òmòn paratiroyid la (PTH) ant 200 ak 300.

  • Paratiroyidektomi Fokis

    Teknik sa pèmèt chirijyen an teste ki glann paratiroyid k ap sekrete twòp òmòn paratiroyid ak retire sèlman glann sa atravè yon vyet ti ensizyon. Pwosedi sa, yo rele l Miami Criterion, se yon chirijyen sant Sylvester Comprehensive Cancer Center ki devlope l epi yo itilize l atravè mond lan.

  • Operasyon

    Operasyon se meyè opsyon pou trete kansè paratiroyid. Chirijyen nou yo retire kansè a, lob tiroyid la ak nenpòt lòt enstrikti kansè afekte.

    Nan lè yo jwenn kansè tiroyid la, jeneralman li pwopaje nan estrikti ki nan anlantou yo tankou misk la ak lob tiroyid la. Moun ki gen kansè paratiroyid souvan gen nivo òmòn paratiroyid ki elve anpil, jeneralman plis pase senk fwa limit maksimòm valè nòmal yo; epi nivo kalsyòm ki elve anpil (souvan depase 13 ak 14 mg/dL).
     
    Aprè pwosedi a, imedyatman yo fè w fè tès san ak tès imaj pandan peryòd tan planifye. Nou chache nenpòt rekirans kansè (kansè k ap retounen). Si gen yon rekirans, majorite pasyan ap fè yon lòt operasyon pou retire majorite yo kapab nan kansè a. Ou ka koumanse nan yon medikaman yo rele cinacalcet, ki trike kò a a fè l diminye nivo kalsyòm san an.
     
    Pandan kansè paratiroyid ra, plis pase mwatye nan moun ki gen kalite kansè sa gen yon rekirans aprè trètman. Li souvan retounen ant de ak senk ane aprè premye operasyon an. LI ka rive jiska 2o ane pi ta, jeneralman nan tisi ou gangliyon lenfatik nan kou a. Premye siy rekirans se nivo kalsyòm san ki elve.


Tès

  • Ekzamen Iltrason Kou a

    Iltrason itilize ond son ki gen anpil enèji, ki rebondi sou tisi entèn yo oubyen ògàn yo pou fòme yon imaj (sonogram).

  • Imajri Rezonans Mayetik (MRI)

    Nan ka kote iltrason, sestamibi, seyans CT-scan wo rezolisyon yo negatif oubyen nan operasyon paratiroyid re-operatif, yo ka itilize MRI okazyonèlman.

  • Sestamibi Scan

    Sa se yon kalite seyans eskanè radyoniklid pou jwenn yon glann paratiroyid twò aktif. Yo enjekte yon ti kantite sibstans radyoaktif (technetium 99) nan venn ou, epi l vwayaje atravè sistèm sikilasyon sangen w pou ale nan glann paratiroyid yo. Sibstans radyoaktif la ap kolekte nan yon glann ki twò aktif ak parèt klere nan yon kamera espesyal ki detekte radyoaktivite.

  • Tomografi Kalkile Emisyon yon Sèl Foton (SPECT Scan, Single Photon Emission Computed Tomography)

    Pwosedi sa keye yon foto 3-D gras ak yon kamera espesyal ki konekte ak yon òdinatè. Ou resevwa yon ti kantite nan yon sibstans radyoaktif. An mezi sibstans lan ap vwayaje atravè sikikasyon sangen w, kamera a ap vire alantou kou w epi l ap fè foto. Sikilasyon san ak metabolism pi wo nan pati kansè afekte yo, se yo ki parèt pi klere nan foto yo.

  • CT-Scan Wo-Rezolisyon (High-Resolution CT Scan, 4-D CT Scan)

    Tès sa chache glann paratiroyid ki anòmal. Li gen yon pousantaj 95 pousan efikasite nan idantifye glann paratiroyid anòmal yo — li plis siperyè pase yon seyans eskanè estanda. W ap resevwa yon koloran kontras kòm enjeksyon, k ap vwayaje atravè sikilasyon san w ak nan glann paratiroyid ou yo. Yo detèmine sante glann ou yo swivan gwosè ak rapidite koloran an lave anndan ak deyò glann ou yo.

  • Biyopsi Egwi-Fen Paratiroyid (Parathyroid Fine-Needle Biopsy)

    Pwosedi sa pran yon echantiyon yon nodil ki ka yon siy yon glann paratiroyid ki pa nòmal. Li mezire nivo òmòn paratiroyid. Yo fè l gras ak yon ti egwi yo gide gras ak imaj iltrason.

  • Kritè Miami (Miami Criterion)

    Si imaj yo pa montre ki glann paratiroyid ki enplike, doktè w la ka itilize teknik chirijikal sa pou jwenn li. Miami Criterion nan, ki te koumanse nan Uheath,pèmèt chirijyen an teste ki glann paratiroyid k ap sekrete twòp òmòn paratiroyid ak retire sèlman glann sa (ou glann sa yo) atravè yon vyet ti ensizyon.

Asirans nou Asepte

Nòt: Plan sante ki gen kontra avèk UHealth aktyèlman yo nan yon lis pi ba a. Sepandan, tanpri konsilte konpayi asirans ou an pou w verifye si UHealth fè pati rezo konpayi asirans ou an.