Epatoblastom se yon kalite kansè ki ra anpil avèk selil ki sanble ak selil fwa fetal. Li fòme lakay timoun, jeneralman ki pi jèn pase 4 ane. Jeneralman, anviwon de sou twa timoun ki gen timè sa yo trete avèk siksè gras ak operasyon ak kimoterapi. Selil timè epatoblastom pi difisil pou trete si yo pwopaje deyò fwa a.
Poukisa pou w chwazi sant Sylvester Comprehensive Cancer Center?
Opsyon terapi radyasyon avanse tankou ViewRay (youn pami sèlman senk sant nan peyi a) ak RapidArc, ofri terapi radyasyon ekstèn modile (intensity modulated external radiation therapy, IMRT). Teknoloji iltramodèn nou an ofri trètman ki pi konpetan ak efikas, dire trètman ki pi kout, presizyon ekzat nan zafè sible timè ak mwens domaj nan tisi ki an sante ki nan alantou a.
Plis esè klinik kansè pase nenpòt lòt lopital nan Sid Florid la. Si l nesesè pou kansè w la ak nan etap li ye a, esè klinik nou yo founi w nouvo fason pou trete ak pou potansyèlman geri kansè w la.
Sèl sant Kansè Ekselans ki nomine nan Sid Florid. Nou trete kansè, sèlman kansè, ak ofri w meyè rezilta posib. Pwobabilite pou yon pasyan siviv kansè apre senk ane nan yon Sant Kansè Devwa 17 pousan fwa pi plis lè w trete nan yon Sant ki Devwe ak Kansè pase nan lòt lopital yo.
Ekip swen pliridisiplinè ki gen ekspètiz yo rekonèt nasyonalman. Kolaborasyon sove lavi. Moun ki konpoze ekip swen w lan se ekspè nan kalite kansè w la ekzakteman ak nan tout aspè nan li.