Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.

Tès


Anplis yon istwa medikal apwofondi ak ekzamen fizik, pwosedi pou dyagnostike kansè vesikil ou kanal bilyal ka gen pwosedi nou site aprè yo:

  • Tès San

    • Tès Fonksyon fwa ou anzim: Yon tès san pou detekte anflamasyon pi domaj nan fwa a kansè vesikil lakoz.

    • Tès Antijèn Kasinoanbriyonè (Carcinoembryonic Antigen, CEA) ak Esèy CA 19-9: Tès sa yo mezire nivo CEA ak CA 19-9 ki gen nan san an, ki se sibstans selil kansè yo ak selil ki an sante yo relache nan sikilasyon sangen an. Lè yo jwenn li nan wo nivo, sa ka yon siy kansè vesikil bilyè ou yon kondisyon san kansè.

  • Tès Imaj

    • Iltrason: Yo itilize ond son ak yon òdinatè pou pwodui foto tisi, veso sangen ak ògàn. Imaj iltrason ede doktè w la evalye fonksyon ògàn entèn ou yo ak obsève sikilasyon san atravè plizyè veso.

    • Seyans eskanè CT-Scan ou Cat Scan (Computed Tomography): Li itilize yon konbinezon reyon-X ak yon teknoloji òdinatè pou pwodui imaj orizontal, ou aksyal ògàn pèlvyen yo ki plis detaye pase reyon-Xj eneral yo.

    • Imaj Rezonans Mayetik (Magnetic resonance imaging, MRI): Li itilize yon gwo leman, radyo-ond ak yon òdinatè pou kreye imaj estrikti ak ògàn nan kò w.

    • Tomografi emisyon Pozitron (Positron emission tomography, PET scan): Yo enjekte yon ti kantite glikoz radyoaktif (sik) nan yon venn anvan yo eskane w pou yo ka wè nenpòt selil k gen kansè. Selil kansè yo "klere" paske yo itilize plis glikoz pou enèji.

    • Kolanjyopankreyatografi: Pwosedi reyon-X pèmèt doktè w la chache blokajm pran echantiyon (biyopsi). outrete pwoblèm nan kanal bilyal ou yo. Kolanjyopankreyatografi retrograd andoskopik itilize yon andoskòp (yon tib fleksib ki limen) yo fouye desann nan gòj ou ak nan kanal bilyal ou. Kolanjyografi transepatik pèkitane itilize koloran kontras yo enjekte nan fwa w pou ka rann estrikti yo pi fasil pou wè.