Skip to Main Content

Kansè Vesi

Randevou

Rele oswa klike sou pou yon vizit an pèsòn
oswa vityèl.

Rele nou nan
1-844-324-HOPE (4673)

Oswa

Vesi a se yon ti ògàn ki gen fòm pèch ak ki lokalize anba fwa a. Ni vesi ni fwa a sitiye pa dèyè kòt enferyè yo ki nan bò dwat la. Nan granmoun, vesi a anviwon 3 ou 4 pous longè ak jeneralman pa pi laj pase yon pous.

Objektif vesi a se pou konsantre and anmagazine bil, ki se yon fliyid ki pwodui nan fwa a. Bil yo ede nan dijesyon grès pandan y ap pase atravè ti trip la. Bil yo ka relache dirèkteman soti nan fwa a ale nan kanal bilyal la ki mennen l nan ti trip la. Bil yo ka anmagazinen nan vesi a ak relache nan aprè.

Kalite Kansè Vesi

Yo kataloge kansè vesi swivan kote yo koumanse. Chak kalite ka lakoz diferan kalite sentòm. Kansè sa yo ka:

  • Adenokasinòm: Apwoksimatifman nèf sou 10 ka kansè vesi se adenokasinòm. Yon adenokasinòm se yon kalite kansè ki koumanse nan selil ki gen pwopriyete tankou glann. Adenokasinòm vesi koumanse nan selil yo ki trase anndan sistèm dijestif la.
  • Adenokasinòm papilè ou kansè papilè: Anviwon sis pousan nan tout ka kansè vesi se adenokasinòm papilè. Lè yo gade l anba yon mikwoskòp, selil nan kansè sa yo sanble ak pwojeksyon ki tankou dwèt. Kansè papilè pa jeneralman grandi nan fwa a ou gangliyon lenfatik ki tou pre yo.
  • Kansè Vesi Ra: Kasinòm adenoskame, kasinòm ti selil, kasinòm selil skame, ak sakòm ka devlope nan vesi a men yo pa popilè.

Poukisa pou w chwazi sant Sylvester Comprehensive Cancer Center?

Anpil eskperyans nan kansè vesi ak kanal bilyè/bilyè. W ap resevwa meyè rezilta trètman ak mwens konplikasyon potansyèl.

Nan tèt ekspètiz nan operasyon laparoskopik ak ki fèt ak asitans robo. Nou ofri pi bon presizyon ak retablisman pi rapid pou pasyan ki fè operasyon vesi.

Terapi radyasyon avanse tankou ViewRay (youn pami sèlman senk sant nan peyi a) ak RapidArc, nou ofri terapi radyasyon ekstèn modile (intensity modulated external radiation therapy, IMRT). Teknoloji iltramodèn nou an ofri trètman ki pi konpetan ak efikas, dire trètman ki pi kout, presizyon ekzat nan zafè sible timè ak mwens domaj nan tisi ki an sante ki nan alantou a.

Plis esè klinik kansè pase nenpòt lòt lopital nan Sid Florid la. Si l nesesè pou kansè w la ak nan etap li ye a, esè klinik nou yo founi w nouvo fason pou trete ak pou potansyèlman geri kansè w la.

Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.

Trètman


Anpil faktè detèmine meyè trètman pou kansè w la:gwose timè a, pozisyon l ye a, etap, kò w, kalite vi w ak sante w an jeneral. Ekspè nan Sylvester yo ap travay ansanm pou konsevwa plan trètman ki pi efikas pou ou a.

  • Operasyon

    Objektif operasyon se pou jeneralman retire tout ou kantite ki posib nan timè a. Kèk kalite operasyon ki genyen:

    • Kolesistektomi Senp: Pwosesis sa retire vesi a oubyen yon pati ladan l.

    • Kolesistektomi Pwolonje ou radikal: Lè yo retire vesi a, ak tisi ki tou pre yo. Operasyon sa ka genyen ladan l anlèvman pati nan fwa a, kanal bilyè a, ak gangliyon lenfatik yo.

    • Pwosedi Whipple avèk asistans robotik (Pankreyatikodiyodenektomi): Lè yo retire ògàn ki tou pre kansè afekte nan pati enferyè kanal bilyal la. Ekspètiz nou ofri ti ensizyon, mwens pèt san, ak dire retablisman ki pi kout.

  • Terapi Radyasyon

    Nou itilize radyasyon reyon ekstèn pou sible presizeman timè w la ak livre pa deyò kò a. Yo ka itilize l tou pou soulaje sentòm. Teknolojik avanse k ap travay pou yo gen pami yo terapi radyasyon ekstèn modile entasifye (intensity modulated external radiation therapy, IMRT) ak terapi radyasyon MRI-gide ViewRay™.

  • Komiterapi (Terapi Medikal Sistemik)

    Yo souvan bay kimoterapi nan yon plan trètman avèk operasyon ou terapi radyasyon pou ogmante enpak la. Jeneralman, yo ba w nan venn oubyen atravè konprime oralman (nan bouch).

    • Si w bezwen kimoterapi nan venn (enfizyon), ou ka fè l nan Comprehensive Treatment Unit (CTU) a nan lokal prensipal Sylvester a nan lokal prensipal la nan Miami. Se yon inite 12.000 pye-kare ki gen ladan l 33 fotèy enklinab ak 11 sal prive. Si w prefere, ou ka pran trètman enfizyon w lan nan lokal Kendall ak Deerfield Beach.
  • Terapi Sible

    Terapi sible yo bati pou atake chanjman molekilè ki fè selil kansè yo grandi ak pwopaje. Terapi sible a disponib pou kèk pasyan, swivan rekòmandasyon onkolojis Sylvester w la.

  • Iminoterapi (Terapi Biyolojik)

    Iminoterapi itilize medikaman pou pwize nan pouvwa pwòp sistèm imin kò a genyen pou l batay ak kansè.


Tès


Anplis yon istwa medikal byen detaye ak konplè avèk ekzamen fizik, pwosedi pou dyagnostike kansè vesikil ou kanal bilyal ka gen gen landan yo:

  • Tès San

    • Tès Fonksyon Fwa/anzim: Yon tès san pou detekte anflamasyon ou domaj kansè vesikil lakoz nan fwa a.

    • Tès Antijèn Kasinoanbriyonè (Carcinoembryonic Antigen, CEA) ak Esèy CA 19-9: Tès sa yo mezire nivo CEA ak CA 19-9 ki gen nan san an, ki se sibstans selil kansè yo ak selil ki an sante yo relache nan sikilasyon sangen an soti nan selil kansè ak sel ki an sante. Lè yo jwenn li nan wo nivo, sa ka yon siy kansè vesikil ou yon kondisyon san kansè.

  • Tès Imaj

    • Iltrason: Teknik dyagnostik imaj sa depann sou ond so ki gen frekans wo, ansanm ak yon òdinatè pou pwodui foto tisi, veso sangen ak ògàn. Yo itilize iltrason pou gade ògàn entèn yo jan y ap fonksyone, ak pou evalye kijan san koule atravè divès kalite veso.

    • Seyans Eskanè CT-Scan (Computed Tomography): Seyans eskanè CT ou "CAT-scan" depann sou yon konbinezon reyon-X ak yon teknoloji òdinatè pou pwodui imaj orizontal, ou aksyal ògàn pèlvyen yo. Seyans eskanè CT-scan plis detaye pase reyon-X jeneral yo.

    • Seyans Eskanè MRI: Li itilize yon gwo leman, radyo-ond ak yon òdinatè pou kreye imaj estrikti ak ògàn nan kò w.

    • Seyans Eskanè Tomografi Emisyon Pozitron (Positron emission tomography, PET scan): Yo enjekte yon ti kantite glikoz radyoaktif (sik) nan yon venn anvan yo eskane w pou yo ka wè nenpòt selil k gen kansè. Selil kansè yo "klere" paske yo itilize plis glikoz pou enèji.

    • Kolanjyopankreyatografi: Li pèfòme tankou yon kolanjyopankreyatografi retrograd andoskopik (reyon-X ak yon tib feksib klere yo foure nan trache a ak nan kanal bilyè yo) oubyen pèfòme tankou yon kolandyografi transepatik pèkitane (yon reyon-X kote yo fouye yon egwi fen anba kòt la nan fwa a atravè po a) pou detèmine blokaj, trete, ou pran echantiyon.

Asirans nou Asepte

Nòt: Plan sante ki gen kontra avèk UHealth aktyèlman yo nan yon lis pi ba a. Sepandan, tanpri konsilte konpayi asirans ou an pou w verifye si UHealth fè pati rezo konpayi asirans ou an.