Skip to Main Content

Kansè Glann Salivè

Randevou

Rele oswa klike sou pou yon vizit an pèsòn
oswa vityèl.

Rele nou nan
1-844-324-HOPE (4673)

Oswa

Kansè fòme nan tisi glann salivè yo, ki gen ladan parotid, sibmandibilè, avèk glann siblengal yo epi lòt glann minè nan tout palè a, nan nen avèk andan bouch ou.

Poukisa pou w chwazi sant Sylvester Comprehensive Cancer?

Sylvester se yon sant kansè deziyen NCI. National Cancer Institute te rekonèt Sylvester pou travay eksepsyonèl li fè rechèch nan laboratwa li yo, trete pasyan yo nan klinik li yo ak lopital li yo, epi lonje men nan kominote ki pa gen desèvi medikal ak estrateji prevansyon inovatè.

Klase nan pi wo nivo nasyon an pa U.S. News & World Report. Klasman an reflete devouman ekip la pou ekselans nan rechèch swen pasyan yo ak rezilta yo. Chirijyen, odyològ, enjenyè byomedikal, patolojis lapawòl, chèchè, ak sikològ kolabore ak anpil pwogram rechèch nan University of Miami Miller School of Medicine pou bay pi bon swen miltidisiplinè posib bay pasyan zòrèy, nen ak gòj timoun ak granmoun yo.

Nou gen plis espesyalis nan operasyon tèt avèk kou ki sètifye pase nenpòt lòt founisè nan Sid Florida. Ekip nou ofri, solisyon operasyon senplifye ki avanse. Nan majorite ka ki ekzije rekonstriksyon yo, ou fè sèlman yon sèl operasyon pou retire kansè avèk nenpòt operasyon rekonstriktif. Sylvester se youn nan meyè kote nan peyi a pou operasyon kansè silmitane avèk kansè kou epi rekonstriksyon mikwovaskilè.

Youn nan meyè pwogram reyabilitasyon diskou ak deglitisyon nan peyi a. Si ou fè yon operasyon ki afekte machwè ou, figi, avèk/oswa kou, ou pral jwenn an pèsòn sipò kèk bon espesyalis ki nan nasyon nou an pou retabli kalite lavi ou.

Zouti onkoloji pou radyasyon avanse. Sistèm RapidArc® radyoterapi nou an founi terapi radyasyon ekstèn ki gen entansite modile (intensity modulated external radiation therapy, IMRT). Zouti sa yo mennen nan trètman ki pi konpetan avèk efikas, trètman tan ki pi kout yo, presizyon ekzat nan zafè sible timè avèk mwens domaj pou antoure tisi ki an sante a.

Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.

Trètman


Nan Sylvester Comprehensive Cancer Center, chak kansè gen yon pakèt trètman yo kapab itilize poukont yo oswa nan konbinezon pou bay rezilta ki pi bon pou kansè espesifik ou a, tankou terapi estanda avèk terapi novèl ki disponib sèlman nan tès klinik. Se pou sa analiz ki fèt avèk swen yo vrèman enpòtan.

  • Operasyon

    Operasyon se souvan premye trètman pou kansè glann salivè si yo dwe retire tout tisi kansè a.

    Zòn ki tou pre nan tisi ki mou yo dwe byen retire tou. Si kansè a gen chans rive grandi epi gaye byen vit oswa si li te deja gaye nan nè lenfatik yo, chirijyen a pral anjeneral retire nè lenfatik ki soti nan menm kwen ki nan kou an.

    Plis timè glann salivè yo grandi nan glann parotid la. Nè fasyal ki kontwole mouvman sou menm bò figi an pase nan glann sa a. Li vrèman enpòtan pou yo fè kalite operasyon sa nan yon sant kalifye tankou Sylverster.

    Sibmandibilè oswa kansè glann siblengal yo mande pou chirijyen Sylvester ou a fè yon ti koupe sou po a. Li retire tout glann salivè a epi souvan kèk nan tisi ki antoure l oswa zo yo. Nè yo ki pase nan oswa tou prè glann sa yo sansib. Nè sa yo kontwole mouvman nan lang ou avèk pati anba nan figi ou, pi byen pase sansasyon pou goute. Li vrèman enpòtan pou yo fè kalite operasyon sa nan yon sant kalifye tankou Sylverster.

    Operasyon rekonstriktif: Pafwa, operasyon tèt avèk kou yo kapab lakòz chanjman kosmetik sibstansyèl yo pandan w ap retire yon kansè. Espesyalis tèt avèk kou Sylvester w la ap planifye anvan nenpòt trètman kòmanse pou ni anlèvman kansè a avèk rekonstriksyon nenpòt zo oswa tisi.

    • Souvan pwosedi rekonstritif sa yo kapab itilize yon ti mòso pyès tisi, po oswa zo nan pwòp kò pa w pou ou sanble epi genyen yon aparans ki pi natirèl — tankou nan pati enferyè pye w, omoplat, lestomak avèk lòt pati yo.

    • Yon lòt opsyon se devlope yon ranplasman atifisyèl yo rele (pwotèz). Ekip kansè tèt avèk kou Sylvester a pral kolabore avèk pwostodontis nou an. Yon pwostodontis se yon dantis ki espesyalize nan fabrike ranplasman pou dan avèk lòt estrikti fasyal.

    • Pati pwotèz fasyal espesyal yo kapab fèt pou ou tou lè sa nesesè. Pwotèz sa yo fèt pou fè yon sèl avèk figi w, tèt ou, epi kou w.

  • Terapi Radyasyon

    Terapi radyasyon yo kapab itilize tankou trètman prensipal la (poukont oswa avèk kimoterapi) pou kèk kansè epi gland salivè yo pa kapab retire avèk operasyon. Li kapab sèvi aprè operasyon, oswa avèk kimoterapi, lè kansè an agresif, oswa sou moun ki gen kansè glisid avanse. Kimoterapi kapab ede pou sentòm tankou doulè, senyen, oswa pwoblèm vale.

    • Terapi avèk Reyon Entansite Modile (Intensity Modulated Radiation Therapy, IMRT): Ou benefisye nan eksperyans Sylvester kòm yon lidè mondyal nan trete kansè tèt epi kou avèk IMRT, yon fòm avanse terapi radyasyon reyon ekstèn. Terapi sa pèmèt espesyalis radyasyon bay dòz radyasyon yo fòm egzat ki konfòm an twa dimansyon avèk timè w la. Kontwòl ki presi avèk fleksibilite IMRT ede diminye kantite radyasyon ki ale antoure tisi an sante yo.

    Kimoterapi

    Kimoterapi pa souvan sèvi pou trete kansè glann salivè yo. kèk doktè kapab itilize li ansanm avèk terapi radyasyon pou eseye fè radyasyon an pi efikas. Pi souvan, li fèt sou pasyan kote kansè a gaye (metatasiz) nan ògàn byen lwen yo avèk sou pasyan ki gen kansè yo pa kapab kontwòle avèk operasyon epi terapi radyasyon. Kimoterapi redwi timè sou pasyan sa yo pafwa, men li pa sanble toujou gen chans geri kalite kansè sa. Medikaman kimoterapi nou itilize pou tèt avèk kou pasyan yo pa lakòz ou pèdi cheve.

    • Kimoterapi nan venn (enfizyon) disponib nan Comprehensive Treatment Unit (CTU) lokal Sylvester nan Miami an, ki se yon inite 12.000 pye kare ki gen ladan l 33 chèz ki kapab kage avèk 11 chanm prive. Si w prefere, ou kapab pran trètman enjeksyon w lan nan lokal Kendall, Plantation, Hollywood, Coral Springs, Coral Gables, ou Deerfield Beach.


Tès


Anplis istwa medikal konplè avèk egzamen fizik, pwosedi pou fè yon dyagnostik kansè tèt avèk kou ka gen ladan bagay sa yo:

  • Iltrason andoskopik

    Egzamen sa fèt avèk yon long, mens, tib fleksib yo rele yon andoskop avèk yon limyè pou fini. Yo foure li nan nen an pou doktè a kapab byen gade andan twou nen an, dèyè nen w, avèk gòj ou epi bwat vokal ou. Andoskòp la gen yon zouti nan pwent li yo itilize pou retire echantiyon tisi yo sispèk yo.

  • Tomografi kalkile (CT ou CAT Scan)

    Reyon foto yo fèt pou kèk pati andan kò w Epi yon òdinatè pwodwi imaj 3 D an detay. Eskanè CT yo kapab sèvi pou verifye tèt avèk kou a epi pafwa yo itilize li pou evalye letomak la tou.

  • Imaj Rezonans Mayetik (Magnetic Resonance Imaging, MRI)

    Imaj yo fèt avèk yon machin ki itilize leman avèk ond radyo. Doktè w la ap chache si gen kansè nan detay imaj yo.

  • Biyopsi

    Yon byopsi, pran yon echantiyon nan tisi yo sispèk la, se sèl fason pou yo wè si tout bon ou gen kansè. Yon patolojis fè analiz sou echantiyon an nan yon mikwoskòp pou chèche selil kansè yo. Yo retire tisi a kote timè primè an ye a nan pati tèt/kou. Si pati yo sispèk la se yon boul oswa glann lenfatik nan kou w, doktè w la ap itilize yon pwosesis yo rele aspirasyon zegwi fen pou chèche selil kansè nan glann lenfatik ou yo.

  • Radyografi Reyon Lestomak (Chest X-ray or Chest CT Scan)

    Reyon sa ede nou wè si gen kansè ki pwopaje nan poumon w.

  • Eskanè Tomografi Emisyon Pozitron (Positron emission tomography, PET scan)

    Tès sa mezire aktivite metabolik nan tisi kò w. Yo enjekte yon ti kantite materyèl radyoaktif nan yon venn. Yo wè materyèl radyoaktif la nan imaj yo tankou zòn ki parèt klere kote selil kansè yo kapab grandi.

  • Etablisman Kansè Tèt avèk Kou

    Etablisman etap se mo yo itilize pou dekri si yon kansè nan premye li etap oswa si li avanse, epi avèk ki rapidite l ap grandi. Etap yo ranje kòmanse nan I (ba) rive nan IV (avanse). Etablisman etap yo ede nou deside ki kalite trètman ki kapab pi bon pou kansè w la.

  • Reyon-X Lestomak ou CT-Scan Lestomak)

    Reyon sa ede nou gade selil kansè yo ki gaye nan poumon yo.

Asirans nou Asepte

Nòt: Plan sante ki gen kontra avèk UHealth aktyèlman yo nan yon lis pi ba a. Sepandan, tanpri konsilte konpayi asirans ou an pou w verifye si UHealth fè pati rezo konpayi asirans ou an.