Trètman


Nan sant Sant Sylvester Comprehensive Cancer Center, chak kansè gen yon varyete trètman yo ka itilize pou kont yo ou an konbinezon pou bay meyè rezilta pou kansè espesifik ou a, ki gen ladan l terapi estanda ak nouvo terapi ki sèlman nan esè klinik. Se pou sa dyagnostik ki byen fèt yo enpòtan konsa.

  • Operasyon

    Yo jeneralman sèlman itilize operasyon pou retire gangliyon lenfatik yo.

  • Terapi Radyasyon

    Trètman abityèl pou kansè nazofarenje ki na etap primè se terapi radyasyon. Nou fokis reyon radyasyon yo avèk presizyon sou timè nazofarenje a. Yo jeneralman trete gangliyon lenfatik nan kou tou pou anpeche kansè devlope la. Kèk pasyan ka gen selil kansè nan gangliyon lenfatik sa yo ki pa ka detekte.

    • Terapi radyasyon entansite modile (Intensity modulated radiation therapy, IMRT): Ou benefisye nan eksperyans Sylvester kòm yon lidè mondyal nan trete kansè tèt ak kou avèk IMRT, yon fòm avanse terapi radyasyon reyon ekstèn. Terapi sa pèmèt espesyalis radyasyon bay dòz radyasyon yo fòm ki konfòm avèk fòm ekzat timè w la. Kontwòl ekzat ak fleksibilite ka diminye ekpozisyon radyasyon sou tisi ki an sante yo.

    • Trètman Radyosansib: Nan kèk ka, yo ka itilize kimoterapi ak terapi radyasyon ansanm pou tiye tout selil kansè yo. Metòd sa diminye bezwen pou fè nenpòt operasyon. Li ede tou pou kenbe bwat vokal ou ak estrikti gòj la entak.

    Kimoterapi

    Gwo nivo eksperyans ekip onkoloji medikal Sylvester a pèmèt doktè nou yo chwazi ak founi metòd kimoterapi ki pi avanse yo, souvan anvan yo vin disponib nan kominote a. Doktè w la ka preskri kimoterapi anvan ou aprè operasyon ou ap konbine kimoterapi avèk terapi radyasyon pou eseye ak evite operasyon ansanm. Medikaman kimoterapi tèt ak kou pa jeneralman lakoz ou pèdi okenn cheve.

    Nu ofri kimoterapi nan venn (enfizyon) nan Comprehensive Treatment Unit (CTU) a nan lokal Sylvester a nan Miami, ki se yon inite 12.000 pye-kare ki gen ladan l 33 fotèy kage ak 11 sal prive. Si w prefere, ou ka pran trètman enfizyon w lan nan lokal Kendall, Plantation, Hollywood, Coral Springs, Coral Gables, ou Deerfield Beach.

  • Terapi Sible

    Trètman sa itilize medikaman ki sible pati espesifik selil kansè w yo. Pa egzanp, yon pwoteyin yo rele EGFR ka akselere devlopman selil kansè tèt ak kou. Medikaman yo plis jeneralman itilize ki sible selil sa yo rele cetuximab. Li bloke EGFR, konsa devlopman selil kansè a souvan ralanti ou kanpe.kwasans