Skip to Main Content

Kansè Orofarenje

Randevou

Rele oswa klike sou pou yon vizit an pèsòn
oswa vityèl.

Rele nou nan
1-844-324-HOPE (4673)

Oswa

Orofarenks lan gen ladan li mitan gòj la soti nan amigdal la pou rive nan pwent bwat vokal la. Kansè kapab parèt nan baz lang nan, nan amigdal la, sou palè mou an ak nan pawa farenks lan. Gen de kalite nan kansè sa yo: HPV-pozitif, ki gen rapò ak enfeksyon papilomaviris moun fè, ak HPV-negatif. Kansè nan bouch HPV-negatif, souvan gen rapò ak anpil itilizasyon tabak oswa kleren.

Dyagnostik HPV-pozitif kansè nan tèt ak nan kou ogmante 225 pousan nan de (2) dènye deseni yo.

Poukisa pou w chwazi sant Sylvester Comprehensive Cancer Center?

Klase nan pi wo nivo nasyon an pa U.S. News & World Report. Klasman an reflete devouman ekip la pou ekselans nan rechèch swen pasyan yo ak rezilta yo. Chirijyen, odyològ, enjenyè byomedikal, patolojis lapawòl, chèchè, ak sikològ kolabore ak anpil pwogram rechèch nan University of Miami Miller School of Medicine pou bay pi bon swen miltidisiplinè posib bay pasyan zòrèy, nen ak gòj timoun ak granmoun yo.

Sylvester se yon sant kansè deziyen NCI. National Cancer Institute te rekonèt Sylvester pou travay eksepsyonèl li fè rechèch nan laboratwa li yo, trete pasyan yo nan klinik li yo ak lopital li yo, epi lonje men nan kominote ki pa gen desèvi medikal ak estrateji prevansyon inovatè.

Nou gen plis espesyalis nan operasyon tèt ak kou ki sètifye pase nenpòt lòt pwofesyonèl sante nan Sid Florida. Ekip nou an ofri solisyon chirijikal avanse ak senplifye. Nan majorite ka ki egzije rekonstriksyon yo, ou fè sèlman yon sèl operasyon pou retire kansè ak nenpòt operasyon rekonstriktif. Sylvester se yon nan pibon kote nan peyi a pou fè operasyon kansè silmitane ak kansè kou avèk rekonstriksyon mikwovaskilè.

Pi bon Aksè avèk nouvo trètman yo. Esè kliniik ki fokis sou operasyon robotik, chimyoterapi, iminoterapi, epi sou redwi toksite radyasyon ki disponib souvan pou pasyan ki gen kansè nan tèt ak nan kou. Aksè w genyen pou trètman ki pa disponib okenn lòt kote ofri w pi bon chans pou yon pi bon rezilta trètman.

Ekspètiz avanse nan teknik chirijikal yo. Sylvester se youn nan pi bon kote nan peyi a pou fè operasyon kansè silmitane ak rekonstriksyon mikwovaskilè. Nan majorite ka ki egzije rekonstriksyon yo, ou fè sèlman yon sèl operasyon pou retire timè epi pou rebati sa w te pèdi.

Pi bon metòd chirijikal pou kansè HPV ou an. Sylvester patisipe nan Pwotokòl ECOG pou trètman HPV selil kansè orofarenje ki gen kal lè l sèvi avèk robo, bay pi piti metòd envazif chirijikal ak pi piti tan rekiperasyon ak mwens doulè.

Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.

Trètman


Nan sant Sant Sylvester Comprehensive Cancer Center, chak kansè gen yon varyete trètman yo kapab itilize pou kont yo oswa an konbinezon pou bay pi bon rezilta pou kansè espesifik ou an, ki gen ladan l terapi estanda yo ak nouvo terapi ki sèlman nan esè klinik. Se pou sa dyagnostik ki byen fèt yo enpòtan konsa.

Klinik Miltidisiplinè Tèt AK Kou / Vwa Respiratwa: Inite pasyan anbilan sa a sèvi pasyan ki gen diferan tèt ak kou oswa pwoblèm vwa respiratwa tankou yon rezilta kansè yo oswa trètman an. Plizyè espesyalite, ki gen ladan li operasyon tèt ak kou, radyasyon onkoloji, onkoloji medikal tèt ak kou, otolarengoloji, andokrinoloji, pilmonoloji, ak patoloji diskou yo tout kapab wè la.

Pati nan klinik la se yon gwoup sipò pou aprann moun pale ankò aprè larengektomi. Gen yon estaf anplwaye ki la ki gen konpreyansyon ak konpasyon k ap pran swen epi lòt moun ki konprann anpil k ap amelyore pwogrè w pou tounen nan lavi nòmal.

Terapi avèk Reyon se mwayen prensipal pou trete kansè orofarenje. Pafwa, operasyon chirijikal se trètman prensipal (olye terapi avèk reyon). Desizyon yo baze sou dosye pa w la egzat ak rezilta tès yo.

  • Operasyon

    Objektif operasyon an se retire yon timè nan pati tèt la ak kou a epi retire glann lenfatik yo si kansè an gaye. Plis timè a piti, plis chans pou ou diminye enpak li sou pawòl la elve, vale, ak lòt pati nan vi chak jou.

    • Operasyon Transoral Asiste ak yon Robo: Teknik sa a itil pou timè nan amidal yo ak nan baz lang. Li reyalize ak itilizasyon yon mikwoskòp pwisan ak zouti robo yo. Pa gen koupe ekstèn yo. Chirijyen nou yo reyalize operasyon sa ak ti enstriman ak yon ti mikwoskòp. Yo te foure mikwoskòp la nan bouch ou. Si glann lenfatik yo enplike, yon ti dekoupe pou separasyon kou a kapab nesesè. Operasyon chirijikal transoral ak robo ka elimine tout nesesite pou fè chimyoterapi aprè operasyon an. Terapi avèk reyon kapab itilize aprè pwosedi a, ki baze sou rezilta operasyon an.

    • Operasyon rekonstriktif: Pafwa, operasyon tèt ak kou yo kapab lakòz chanjman kosmetik sibstansyèl yo. Ekspè tèt ak kou Sylvester ou yo pral planifye anvan nenpòt trètman kòmanse pou ni anlèvman kansè a ak rekonstriksyon nenpòt zo oswa tisi.

    •  

      • Souvan pwosedi rekonstritif sa yo ka itilize yon ti moso pyès tisi, po oswa zo nan pwòp kò pa w pou yon aparans ki pi parèt ak sanble pi natirèl — tankou nan pati enferyè pye w, omoplat, lestomak ak lòt pati.

      • Yon lòt opsyon se pou devlope yon pwotèz (yon ranplasman atifisyèl). Ekip kansè tèt ak kou Sylvester a pral kolabore avèk pwostodontis nou an. Pwostodontis yo se dantis ki espesyalize nan fè ranplasman estrikti dan ak figi yo.

      • Pati pwotèz fasyal espesyal yo kapab kreye pou ou tou lè sa nesesè. Pwotèz sa yo fèt pou fè yon sèl ak figi w, tèt ou, epi kou w.

  •  

  • Timè piti sa yo kapab trete ak terapi avèk reyon. Yo ofri operasyon chirijikal yo souvan pou detwi nenpòt kansè ki rete aprè.

    Sylvester gen youn nan pi gran, ki pi eksperimante, ki pi sofistike nan kansè seksyon radyasyon tèt/kou nan peyi a. Terapi avèk reyon itilize gwo reyon pou vize radyasyon yo. Radyasyon an tiye selil kansè yo epi timè retresi yo. Chimyoterapi oswa terapi sible kapab bay metòd yon terapi radyasyon avan oswa aprè. Teknik nou yo genyen ladan:

    • Evalyasyon Sante Bouch: Yon dantis konpetan ede nou idantifye tout enfeksyon nan yon egzamen nan bouch, dan ki fraktire, restorasyon oswa maladi parodontal. Pwoblèm sa yo kapab kontribiye nan konplikasyon nan bouch la lè terapi kansè kòmanse.

    • Terapi avèk Reyon Entansite Modile (Intensity Modulated Radiation Therapy, IMRT): IMRT se yon fòm terapi avèk reyon ekstèn. Espesyalis radyasyon nou yo pral konsnatre dòz radyasyon yo sou fòm tridimensyonèl egzat timè w la. Kontwòl egzat ak fleksibilite IMRT a kapab diminyee kantite radyasyon ki ale nan tisi ki an sante ki tou prè.

    • Trètman Radyosansib: Nan kèk ka, tankou nan kansè larenks (bwat vokal) ak orofarenks (mitan gòj la), nou kapab itilize chimyoterapi ak terapi radyasyon ansanm pou touye tout selil kansè yo. Konbinezon sa ka ede pou redwi tou nesesite pou fè operasyon ak prezève bwat vokal ou ak/oswa estrikti gòj ou.

  •  

  • Chimyoterapi

    Gwo nivo eksperyans ekip onkoloji medikal Sylvester a pèmèt doktè nou yo chwazi ak bay metòd chimyoterapi ki pi avanse yo, souvan anvan yo vin disponib nan kominote a. Doktè w la kapab preskri chimyoterapi anvan ou aprè operasyon ou pral konbine chimyoterapi avèk terapi radyasyon pou eseye ak evite tout operasyon ansanm. Pifò medikaman yo itilize pou chimyoterapi lakay pasyan tèt ak kou an pa kase cheve.

    Si w bezwen chimyoterapi nan venn (enjeksyon), ou kapab fè li nan Comprehensive Treatment Unit (CTU) a nan lokal prensipal Sylvester a nan Miami, ki se yon inite 12.000 pye kare ki gen ladan l 33 chèz ki kapab kage ak 11 sal prive. Si w prefere, ou kapab pran trètman enjeksyon w lan nan lokal Kendall, Plantation, Hollywood, Coral Springs, Coral Gables, ou Deerfield Beach.

  • Terapi Sible

    Trètman sa itilize medikaman ki sible pati espesifik selil kansè w yo. Pa egzanp, yon pwoteyin yo rele EGFR kapab akselere devlopman selil kansè tèt ak kou yo. Medikaman yo plis itilize an jeneral ki sible selil sa yo rele setouksimab. Li bloke EGFR, konsa devlopman selil ki gen kansè a ralanti souvan oswa kanpe.


Tès


Anplis istwa medikal konplè ak egzamen fizik, pwosedi pou fè yon dyagnostik kansè tèt ak kou ka gen ladan li bagay sa yo:

  • Iltrason Andoskopik

    Egzamen itilize yon tib long, fen, fleksib ki rele endoskòp avèk yon limyè nan pwent lan. Yo foure li nan nen an pou doktè a kapab byen gade anndan twou nen an, dèyè nen w, ak gòj ou ak bwat vokal ou. Yon zouti espesyal sou andoskòp la kapab itilize pou retire echantiyon tisi sispèk yo.

  • Baryòm Gòj Modifye

    Sa se yon seri radyografi avèk reyon yo pran pandan w vale yon sibstans ki san danje ak kalkè yo rele baryòm. Yon radyològ reyalize etid la ak yon terapis pawòl ak Gòj. Baryòm lan kouvri anndan gòj ou pou tout chanjman nan gòj oswa obstak yo radyografi avèk reyon an kapab wè yo.

  • CT-Scan ou Cat Scan (Computed Tomography)

    Nan tès sa, yon radyografi avèk reyon pran yon seri foto anndan kò w sou plizyè ang. Yon òdinatè konbine imaj sa yo, epi li kreye yon imaj 3D detaye kò w. Yo kapab itilize CT-scan lan pou verifye tèt ak kou a epi pafwa yo itilize li pou evalye letomak la tou.

  • Imaj Rezonans Mayetik (Magnetic Resonance Imaging, MRI)

    Tès sa itilize leman ak ond radyo pou pran foto detaye anndan kò w pou chache kansè nan kou w.

  • Biyopsi

    Yon biyopsi, lè yo pran yon echantiyon tisi sispèk, se sèl mwayen asire pou w konnen si w gen kansè. Yon patolojis egzamine echantiyon an nan yon mikwoskòp pou verifye si gen selil kansè. Yo retire tisi a kote timè primè an ye a nan pati tèt/kou. Si pati sispèk la se yon boul oswa glann lenfatik nan kou w, doktè w la itilize yon pwosesis yo rele aspirasyon egwi fen pou verifye selil kansè nan glann lenfatik ou yo.

  • Radyografi Reyon Lestomak ou CT-Scan pou Lestomak

    Yon radyografi reyon pou detèmine si selil kansè yo gaye nan poumon w.

  • Seyans eskanè PET-scan (Positron Emission Tomography)

    Tès sa mezire aktivite metabolik nan tisi kò w. Yo enjekte yon ti kantite materyèl radyoaktif nan yon venn. Yo wè materyèl radyoaktif la nan imaj yo tankou kote ki parèt klere kote selil kansè kapab grandi.

  • Etabli Etap pou Kansè Tèt ak Kou

    Etabli etap se mo yo itilize pou dekri si yon kansè nan premye etap osinon avanse, epi ak ki rapidite l ap grandi. Etap yo ranje kòmanse nan I (ba) rive nan IV (avanse). Etablisman etap yo ede nou deside ki kalite trètman ki kapab pi bon pou kansè w la.

Asirans nou Asepte

Nòt: Plan sante ki gen kontra avèk UHealth aktyèlman yo nan yon lis pi ba a. Sepandan, tanpri konsilte konpayi asirans ou an pou w verifye si UHealth fè pati rezo konpayi asirans ou an.