Skip to Main Content

Kansè Kolon

Randevou

Rele oswa klike sou pou yon vizit an pèsòn
oswa vityèl.

Rele nou nan
1-844-324-HOPE (4673)

Oswa

Kolon (gwo trip) se premye pati nan trip ki laj la epi li anviwon senk pye. Ansanm, rektòm nan ak kanal anal la konpoze dènye pati trip laj la epi li anviwon 6-8 pous epi l fini nan anis la, ki se twou ouvèti gwo trip la sou deyò kò a. Kansè kolon ak rektal ka rive nenpòt kote nan longè kolon an, rektòm ak anis la.

Kansè kolon inik paske li evitab si w detekte l bonè. Ou ka kapte lòt kansè bonè men yo deja kansè. Souvan gen lezyon prekansè (polip) yo ka retire ki presede kansè kolon, sa anpeche kansè a ekziste. Menm lè yo kapte pandan l deja kansè, yo ka trete l nan etap primè yo. Sepandan, li se ne dezyèm koz lanmò ki pi popilè ki gen rapò ak kansè nan Etazini.

Majorite kansè kolon se adenokasinòm (kansè ki koumanse nan selil ki fabrike ak lage mikis ak lòt fliyid). Yo souvan koumanse kòm yon timè ki rele polip, ki ka fòme nan mi pa anndan kolon an oubyen rektòm nan. Kèk polip tounen kansè apre kèk tan. Lè w jwenn ak retire polip yo sa ka fè w evite kansè kolon.

Lòt kalite kansè rive mwen souvan men yo ka koumanse nan kolon an tou (ou rektòm nan) tankou:

  • Timè Kasinoyid: Timè sa fòme apatiyon sèten kalite selil newoandokrin epi yo jwenn majorite nan yo anndan trak GI la. Selil newoandokrin yo pwodui òmòn ki ede nan kontwole ji ak misk dijestif yo ou moun itilize nan pwopilse manje ni nan vant ni nan trip yo. Menm jan an, yon timè kasinoyid GI ka fabrike òmòn ak lage yo nan kò a. Gen kèk nou jwenn nan kolon an, men majorite se nan ti trip la, rektòm ak apenndis la yo ye.
  • Timè estromal gastroentestinal (Gastrointestinal stromal tumors, GIST): Kalite timè trak GI sa pa popilè. Majorite koumanse nan ti trip la, men GIST yo ka koumanse nenpòt kote sou trak GI la.
  • Kasinòm ti selil (Small cell carcinoma): Kasinòm ti selil Kolorektal (Colorectal small cell carcinoma, SmCC) se yon timè ki ra men ki gen yon pakou agresif.
  • Lenfòm: Lenfòm entestinal se yon lenfòm non-Hodgkin ki ra ak ki pa popilè ki soti nan selil B ou T-cell. Yo jeneralman trete pasyan avèk terapi lenfòm estanda.
  • Kasinomatoz Peritoneyal (Peritoneal carcinomatosis, PC): Kalite kansè ra sa rive nan peritoneyòm nan, kouch tisi fen ki kouvri ògàn abdominal yo ak ki antoure kavite abdominal la. Maladi sa devlope lè kansè apendis la, kolon an, ovè yo ak lòt ògàn pwopaje nan peritoneyòm nan epi devlope timè ladan l. Prèske 90 pousan nan ka PC yo se metastaz kansè kolon.

Poukisa pou w Chwazi sant Sylvester Comprehensive Cancer Center?

Yon ekip kikonpoze avèk ekspè ki gen renome entènasyonal ki trete kansè kolorektal. Espesyalizasyon sa avèk fondè ekspètiz sa ka vle di diferans lan ant yon dyagnostik konplè kòrèk ak livrezon trètman ki pi sible a, epi ak yon kansè ki manke dyagnostike ou mal dyagnostike, ki mennen nan trètman ki pa sible ak rezilta ki pa meyè ki gen nan peyi.

Sant Sylvester Comprehensive Cancer Center se premye sant nan Sid Florid ki founi HIPEC (hyperthermic intraperitoneal chemoperfusion) oubyen kimoterapi ki chofe nan kansè ki pwopaje anndan kavite abdominal la. Yo fè trètman sa nan sal operasyon nan Lopital UM, imedyatman apre yo fin retire kansè a epi w jwenn kimoterapi a imedyatman nan kote kansè a te ye.

Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.

Trètman

  • Operasyon

    Operasyon se wout trètman yo jeneralman pran pou majorite kansè kolon ki nan etap primè yo. Avèk li, chirijyen yo chache retire tout timè a ak nenpòt selil kansè ki ta ka pwopaje nan tisi ki tou pre yo.

    • Reseksyon Segmantè: Pandan operasyon an, yo retire kansè a ak yon longè nantisi nòmal la sou nenpòt nan bò kansè a, avèknan gangliyon lenfatik ki tou pre yo tou. Majorite operasyon kolon kounyeya yo fè yo laparoskopikman ou robotikman avèk plizyè ensizyon tou piti, olye yo fè yon pwosedi chirijikal ouvè. Metòd sa diminye doulè apre operasyon an ak diminye tan retablisman moun nan.

  • Terapi Radyasyon

    Onkolojis radyasyon Sylvester yo itilize rteknoloji ki pi avanse a pou livre radyasyon deyò ak anndan timè kolorektal yo.

    • Radyasyon Reyon Ekstèn: Majorite trètman radyasyon kolorektal nan Sylvester se reyon ekstèn pa deyò kò a. Zouti teknolojik avanse k ap travay pou yo gen ladan yo RapidArc®,yon teknoloji avanse yo itilize pou livre terapi radyasyon ekstèn modile (intensity modulated external radiation therapy, IMRT). Sa dimintye dire tan jiska mwatye ak yon uityèm dire terapi radyasyon konvansyonèl la, ki pèmèt sible timè a ak plis ekzaktitid epi diminye domaj nan tisi ki an sante ki tou pre yo.

       

    • Radyasyon Entèn: Yo rele l kiriterapi (brachytherapy), kalite radyasyon sa yo itilize pou ti timè primè, avèk pwòp ak ki an sante ki antoure yo epi san evidans kansè nan gangliyon lenfatik yo. Kiriterapi enplike enplantasyon yon aplikatè radyasyon pandan yon ti tan kote timè a ye a ak livre dòz radyasyon lokalman, sou kèk entèval tan. Li pèmèt yon onkolojis radyasyon kenbe dòz radyasyon a lwen ògan sansib yo.

       

  • Komiterapi (Terapi Medikal Sistemik)

    Yo ka bay kimoterapi a nan venn oubyen sou fòm konprime epi l se jeneralman melanj plizyè medikaman ki konbat kansè. Si w bezwen kimoterapi nan venn (enfizyon), ou ka fè l nan Comprehensive Treatment Unit (CTU) a nan lokal prensipal Sylvester a nan lokal prensipal la nan Miami. Se yon inite 12.000 pye-kare ki gen ladan l 33 fotèy enklinab ak 11 sal prive. Si w prefere, ou ka pran trètman enfizyon w lan nan lokal Kendall, Plantation, Hollywood, Coral Springs, Coral Gables [MJ1] ou Deerfield Beach.

    Yo bay majorite kimoterapi aprè operasyon, avèk yon melanj medikaman yo pwouve ki travay byen ansanm pou kalite kansè w genyen an. Espesyalis ou ka rekòmande tou pou w itilize yon terapi estanda ansanm ak yon medikaman ki nan esè klinik.

    • HIPEC (hyperthermic intraperitoneal chemoperfusion): Sant Sylvester Comprehensive Cancer Center se premye sant nan Sid Florid ki founi kimoterapi ki chofe nan kansè ki pwopaje anndan kavite abdominal la. Yo fè trètman yon fwa sa nan sal operasyon an, imedyatman apre yo fin retire kansè a. HIPEC pèmèt yon konsantrasyon kimoterapi ki pi wo san efè segondè sistemik yo, li ogmante chans pou w kontinye viv san maladi pi byen pase kimoterapi sistemik. Pou kèk pasyan, se yon gerizon total.

  • Terapi Sible (Targeted Therapy)

    Terapi sible yo bati pou atake alterasyon molekilè ki fè selil kansè yo grandi ak pwopaje. Yo gen potansyèl pou yo plis efikas ak gen mwens efè segondè pase kimoterapi. Yo bay kèl nan medikaman sa yo ansanm ak medikaman kimoterapi, pandan gen kèk lòt yo itilize pou kont yo.

     

  • Esè Kliniik

    Kòm yon pasyan kansè kolorektal nan Sylvester, ou gen aksè ak plis nouvo trètman ak ki pi avanse pase nenpòt lòt kote a nan Sid Florid la. Si doktè w la panse yon esè klinik bon pou ou, li ka rekòmande l.

     


Tès


Deteksyon bonè ak yon dyagnostik ekzat esansyèl pou trètman kansè trip ou rektal ki reyisi. Ansanm avèk fè revizyon istwa medikal ou ak ekzamen san, yo ka rekòmande tès sa yo pou ede nou dyagnostike kansè w la.

  • Kolonoskopi

    Kolonoskopi itilize yon ti tib fleksib ki gen yon kamera nan pwent li pou verifye tout longè anndan trip ou. Si nou jwenn polip oubyen lòt lezyon pre-kansè, nou ka retire yo pandan tès la, pou evite kansè] fòme.

    • Ou dwe fè yon kolonoskopi chak 10 zan si w gen plis pase 50 ane epi si w gen yon nivo risk ki nòmal.
    • Sepandan, moun fanmi yo gen yon long istwa ak kansè kolorektal ou yon predispozisyon jenetik, yo dwe fè ekzamen an pi souvan epi yo dwe koumanse ekzamine pandan yo jèn.

  • Sigmoyidoskopi Fleksib (Flexible Sigmoidoscopy)

    Èkzamine sanble ak yon kolonoskopi. Li itlize yon ti tib ki fleksib pou l ekzamine pati enferyè trip la. Yo fè pwosedi sa san anestezi epi w dwe fè l chak senk ane. Si yo jwenn polip ou kansè, w ap bezwen fè yon kolonoskopi.

  • Kolonoskopi Vityèl (Kolonografi)

    Menm si dwe gen menm preparasyon pou trip yo obligatwa pou ka pi byen wè trip la, pou kèk moun, kolonoskopi vityèl ofri yon altènatif olye kolonoskopi tradisyonèl. Kolonoskopi se yon kalite CT-sacn ki kreye yon imak 3D ki montre anndan trip la. Pandan je w klè yo foure yon ti tib anndan rektòm lan. Yo rantre l dousman anndan trip la pou yo ka byen eskane l. Akoz pwosedi sa pa itilize okenn enstriman, si yo jwenn polip ou pati yo sispèk, yo p ap ka retire l ou biyopsize l. W pa toujou bezwen yon kolonoskopi.

  • Biyopsi

    Si ekzamen imaj ou a oubyen kolonoskopi a revele gen yon polip ou lezyon yo sispèk, doktè w la ap retire polip la oubyen pran yon echantiyon tisi pou ekzamine. Se sèl mwayen definitif pou konnen si l ka devlope yon kansè.

  • Tès Miltijèn

    Yo pèfòme tès miltijèn apre biyopsi. Paske pa gen okenn timè ki gen yon sèl mitasyon, pwofil jenomik pèmèt patolojis la idantifye gwoup mitasyon nan echantiyon tisi timè w lan ak kreye yon pwofil timè pou ou. Sa ede nou devlope ak livre trètman ki sible mitasyon sa yo. Pwofil sa ka ede nou prevwa si kansè w la ta ka pwopaje nan lòt pati nan kò w.

Asirans nou Asepte

Nòt: Plan sante ki gen kontra avèk UHealth aktyèlman yo nan yon lis pi ba a. Sepandan, tanpri konsilte konpayi asirans ou an pou w verifye si UHealth fè pati rezo konpayi asirans ou an.