Skip to Main Content

Kansè Kolorektal

Randevou

Rele oswa klike sou pou yon vizit an pèsòn
oswa vityèl.

Rele nou nan
1-844-324-HOPE (4673)

Oswa

Kansè kolon, rektal ak anal se twazyèmkalite kansè ki pi popilè yo jwenn nan gason ak fanm nan Etazini. Kansè kolorektal koumanse fòme nan selil ki pwodui mikis ak lòt fliyid anndan kolon an ak rektòm nan. Diferan kalte kansè anal yo baze sou kalite selil anal kote kansè a devlope a. Kansè kolon ak rektal ka rive nenpòt kote nan longè kolon an, rektòm ak anis la.

Kansè kolon inik paske li evitab si w detekte l bonè. Ou ka kapte lòt kansè bonè men yo deja kansè. Souvan gen lezyon prekansè (polip) yo ka retire ki presede kansè kolon, sa anpeche kansè a ekziste. Menm lè yo kapte pandan l deja kansè, yo ka trete l nan etap primè yo. Sepandan, li se ne dezyèm koz lanmò ki pi popilè ki gen rapò ak kansè nan Etazini, se pou sa Sylvester ankouraje granmoun kigen 50 ane ou plis pou ekzamine regilyèman pou kansè kolon. Moun sa yo konsidere ki gen yon risk avanse dwe koumanse ekzamine nan yon laj ki pi jèn.

Kondisyon ak Trètman

  • Kansè Anal ak Rektal

    Kasinòm epidèmoyid (Squamous Cell Carcinoma)
    Kasinòm Kloakojèn (Cloacogenic Carcinoma)
    Adenokasinòm
    Kasinòm Bazoselilè (Basal Cell Carcinoma)
    Melanòm

  • Kansè Kolon (Adenokasinòm)

    Timè Kasinoyid
    Timè estromal gastroentestinal (Gastrointestinal stromal tumors)
    Kasinòm ti Selil (Small cell carcinoma)
    Lenfòm
    Kasinomatoz Peritoneyal (Peritoneal carcinomatosis)

Poukisa pou w Chwazi sant Sylvester Comprehensive Cancer Center?

To sivivans Sylvester 19 pousan pi wo pase mwayèn nasyonal la pou kansè kolorektal ki nan etap prekòs ak etap tade. Ekspètiz sa bay kòm rezilta yon vi ki pi long, meyè kalite vi, ak pi gran espwa pou yon vi san kansè.

Opsyon terapi radyasyon avanse tankou ViewRay (youn pami sèlman senk sant nan peyi a) ak RapidArc, ofri terapi radyasyon ekstèn modile (intensity modulated external radiation therapy, IMRT). Sa mennen nan trètman ki pi konpetan ak efikas, dire trètman ki pi kout, presizyon ekzat nan zafè sible timè ak mwens domaj nan tisi ki an sante ki antoure pati sib la.

Plis esè klinik kansè pase nenpòt lòt lopital nan Sid Florid la. Nou ofri w aksè fasil ak nouvo fason p ou trete ak pou potansyèlman geri kansè w la.

Ekip swen pliridisiplinè ki gen ekspètiz yo rekonèt nasyonalman. Moun ki konpoze ekip swen w lan se ekspè nan kalite kansè w la ekzakteman, ak nan tout aspè nan li, epi yo pale antre yo menm.

Ekspètiz nan imaj teknoloji avanse k ap itilize teknoloji ki plis avanse ki ekziste. Nou kapab distenge ant dekouvèt nòmal ak ki pa nòmal ki ka mal dyagnostike; epi travay ak ou pou devlope yon plan trètman pèsonalize pou bon dyagnostik la.

Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.