Skip to Main Content

Adenokasinòm

Randevou

Rele oswa klike sou pou yon vizit an pèsòn
oswa vityèl.

Rele nou nan
1-844-324-HOPE (4673)

Oswa

Adenokasinòm fòme nan glann ki sekrete mikis yo atravè kò a. Li rive nan plizyè pati nan kò a. Non li soti nan mo "adeno," ki vle di 'ki gen rapò ak yon glann' ak "casinòm" ki vle di kansè. Tisi adenokasinòm fè pati yon kategori tisi ki pi laj yo rele epitelyal. Selil epitelyal ak liy po tisi yo, glann ak ògàn tankou vant lan, ezofaj ak plizyè lׇòt.

Poukisa pou w chwazi sant Sylvester Comprehensive Cancer Center?

Sylvester se yon sant kansè deziyen NCI. National Cancer Institute te rekonèt Sylvester pou travay eksepsyonèl li fè rechèch nan laboratwa li yo, trete pasyan yo nan klinik li yo ak lopital li yo, epi lonje men nan kominote ki pa gen desèvi medikal ak estrateji prevansyon inovatè.

Anpil eskperyans nan kansè adenokasinòm. Nou ofri meyè rezilta trètman ak mwens konplikasyon potansyèl pou kansè nan vant.

To Moun ki siviv kansè kolorektal depase mwayèn nasyonal la. Sylvester gen jiska 14 pousan to sivivans yon peryòd senk ane depase mayèn nasyonal la p ou pasyan yo trete pou kansè gastrik ki nan dènye etap. Ou resevwa meyè espwa potansyèl pou w viv aprè kansè nan vant.

Zouti onkoloji radyasyon avanse. Avèk, sistèm RapidArc® radyoterapi nou an ki founi terapi radyasyon ekstèn ki gen entansite modile (intensity modulated external radiation therapy, IMRT). Sa mennen nan trètman ki pi konpetan ak efikas, dire trètman ki pi kout, presizyon ekzat nan zafè sible timè ak mwens domaj nan tisi ki an sante ki antoure pati sib la.

Plis esè klinik kansè pase nenpòt lòt lopital nan Sid Florid la. Si l nesesè pou kansè w la ak nan etap li ye a, esè klinik nou yo founi w nouvo fason pou trete ak pou potansyèlman geri kansè w la.

Meyè ekip nan rekonstriksyon yon ezofaj ou vant aprè operasyon. Ou ka retounen nan kalite vi ou abvitye viv la.

Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.

Trètman


Trètman pou adenokasinòm nan vant ak tib dijestif la depann sou dyagnostik ou a ak ka ekzat pa w la. Doktè w la ap revize rekòmandasyon yo avèk ou. W ap vin tounen yon patisipan byen enfòme nan planifikasyon trètman w lan. Opsyon yo gen ladan yo:

  • Operasyon

    Yo jeneralman trete adenokasinòm avèk operasyon pou retire nenpòt tisi glandilè ki gen kansè yo. Yo retire kèk tisi ki nan alantou a tou. Teknik operasyon envazif minimal ka redui tan gerizon ak minimize enfeksyon potansyèl. Operasyon se sèl trètman kiratif pou kansè gastrik. Yo souvan fè kimoterapi an premye anvan operasyon pou vant ak tib dijestif la.

    • Gastrektomi Soutotal: Yon gastrektomi soutotal se lè yo retire anviwon 80% nan vant ou. Yo konn bezwen gastrektomi total aprè sa. Y ap fè kimoterapi anvan operasyon an, pafwa aprè operasyon an pou tiye nenpòt selil kansè ki rete. Pasyan ki ap fè gastrektomi total ka toujou souvan genyen fonksyon gastroentestinal puisan aprè peryòd retablisman an.

    • Plasman andopwotèz andoliminal: Yo rantre yon andopwotèz (yon tib fen, ki itilizab yon sèl fwa) nan ezofaj la pou ka ouvri pasaj la rive jouk nan vant lan; oubyen yo plase yon andopwotèz soti nan vant lan ki mennen nan ti trip la. Lè yo ouvri nenpòt pasaj ki te bloke, w ap kapab manje ak resevwa bon jan nitrisyon.

    • Gastrojejinostomi: Nan operasyon sa yo retire pati nan vant lan ki gen kansè a ki bloke pati ki mennen nan ti trip ou a. Jejinòm nan fè pati ti trip la. Si kansè bloke li, manje ak medikaman pa kapab pase fasilman soti nan vant pou ale nan ti trip la.

    • Terapi lazè andoliminal: Yon andoskòp se yon tib fen ki klere. Li gen yon lazè ki konekte ak li. Yon fouye yon andoskòp nan pati ki bloke a. Nou itilize yon lazè nan plas yon skalpèl pou retire blokaj la.

    • Gastrektomi: Se yon operasyon ki pi konplèks pou timè ki pi avanse. Yon chirijyen ap retire vant ou ak atache ezofaj ou an ti trip ou. W ap resevwa yon preskripsyon pou medikaman pou ede jere malèz aprè operasyon ak pou diminye sentòm. W ap kapab manje yon ti kantite manje alafwa. Y ap ofri sèvis sipò adisyonèl kòm pati nan plan swen ak nitrisyon w lan.

    • Lenfadenektomi: Yo souvan retire gangliyon lenfatik rejyonal yo pandan operasyon vant lan paske kansè ka pwopaje.

    • Reseksyon chirijikal radikal: Yo resektab, oubyen yo ka retire yo gras ak operasyon, adenokasinòm primè. Sa gen ladan l anlèvman rezèv san timè a, gangliyon lenfatik yo, ak pafwa estrikti ki tou kole ak yo pandan operasyon an.

    • Kontou chirijikal lezyon ki bloke: Li disponib lè yon pwosedi chirijikal radikal ap yon risk pou kèk pasyan, depann sou timè a ou yon istwa medikal.

    • Operasyon andoskopik: Yo pèfòme anpil operasyon kansè gastrik avèk yon metòd envazif minimal. Chirijyen an fouye yon andoskòp (yon tib fen fleksib ki gen yon ti kamera atache ak yon limyè puisan) atravè bouch la ak ezofaj la. Yon andoskòp gen yon chanèl atravè l doktè a fouye kèk zouti pou kolekte tisi yo sispèk ou pou founi trètman. Konsa li ka itilize yon imaj timè a ki agrandi ak li ka travay ak ti enstriman pou retire l.

    • Operasyon laparoskopik: Chirijyen an ap fè twa oubyen plis ti ensizyon (5-10 mm) nan vant ou ki rele pò aksè. Yo fouye laparoskòp la ak ti enstriman chirijikal li yo atravè pò sa yo. Aprè sa chirijyen an itilize laparoskòp a, ki transmèt yon imaj ògàn abdominal la sou yon ekran monitè videyo, pou ka wè detay byen klè anndan tib dijestif la ak vant lan. Operasyon laparoskopik ofri w mwens doulè ak souvan mwens tan retablisman pase yon operasyon louvri tradisyonèl.

  • Terapi Radyasyon

    Yo souvan konbine terapi radyasyon avèk operasyon ak/ou kimoterapi pou trete adenokasinòm. Terapi radyasyon avanse itilize metòd ki baze sou imaj nan machin terapi radyasyon modèn. Ou ka resevwa terapi radyasyon anvan operasyon pou ratresi timè a oubyen aprè operasyon pou detui nenpòt selil kansè ki rete yo.

  • Kimoterapi

    Kimoterapi itilize medikaman pou detui selil kansè yo. Nou ba w lo atravè l yon tib yo fouye nan venn nan (IV) gras ak yon egwi, oubyen sou fòm konprime pou w bwè. Nou souvan kobine kimoterapi avèk lòt fòm trètman.

    • Nou ofri kimoterapi nan venn (enfizyon) nan Inite Trètman Konplè nou an (Comprehensive Treatment Unit, CTU) nan lokal prensipal Sylvester a nan Miami. Sa se yon inite 12.000 pye-kare ki gen 33 fotèy dodin ak 11 chanm prive. Si w prefere, ou ka fè trètman enfizyon w lan nan lokal Kendall, Plantation, Hollywood, Coral Springs, Coral Gables, ou Deerfield Beach.

    • Men kèk medikaman kimoterapi yo itilize pou kansè adenokasinòm, vant ou gastrik gen ladan l:

      • Cisplatin (Platinol)
      • Fluorouracil (5-FU, Adrucil)
      • Capecitabine (Xeloda)
      • Docetaxel (Docefrez, Taxotere)
      • Epirubicin (Ellence)
      • Irinotecan (Camptosar)
      • Oxaliplatin (Eloxatin)
      • Paclitaxel (Taxol)

  • Terapi Sible

    Terapi sible fokis sou trete jèn espesifik, pwoteyin ou anviwònman tisi ki kontribiye nan kwasans kansè a. Terapi sible bloke kwasans ak pwopagasyon selil kansè yo. Metòd sa ka ede diminye nenpòt domaj potansyèl nan selil ki an sante yo.

    • Terapi anti-anjyojenèz se yon ekzanp yon terapi sible. Li ede kanpe ou ralanti abilite selil kansè a pou l kreye nouvo veso sangen. Sa ede fè timè a "mouri grangou".

  • Iminoterapi

    Iminoterapi, yo rele l tou terapi biyolojik, ede ranfòse defans natirèl kò a pou l konbat kansè. Iminoterapi ka fè pati yon esè klinik. Doktè w la ap diskite opsyon sa si w se yon bon kandida pou metòd sa.

  • Swen Palyatif

    Yo ofri anpil terapi pou ede redui sentòm ak efè segondè yo anvan ou aprè trètman. Mande doktè w la pou opsyon kansè palyatif yo pou kansè vant ou an ak plan trètman w lan. Terapi sa yo ak opsyon sa yo ka ogmante kalite vi w pandan ak aprè trètman.

  • Esè Kliniik

    Ka gen nouvo trètman ki disponib atravè esè klinik yo. Sa yo se etid nouvo terapi ki ofri plis pwomès yo. Pale ak doktè w la pou konnen si esè klinik se yon opsyon pou ou.


Tès

  • Andoskopi Siperyè (Upper)

    Yon andoskòp tankou yon tib fen ki gen yon limyè ak yon sond iltrason nan pwent li. Doktè a ap itilize l pou l ka gade anndan ezofaj ou, vant ou ak dyodenòm ou (ouvèti ki gen sou ti trip ou a) pou verifye si pa gen okenn pati ki pa nòmal.

  • Biyopsi

    Yo souvan fè yon biyopsi vant lan pandan andoskopi a. Yo ka pran yon echantiyon tisi a atravè andoskòp a.

  • Seri GI Siperyè

    Yo rele l tou yon vale baryòm (barium swallow), tès sa gen ladan l yon seri seyans reyon lazè (X-rays) ezofaj la ak vant lan. W ap bwè yon likid ki gen baryòm (yon konpoze metalik ki blan-ajante), ki anvlope ezofaj la ak vant lan, ki montre anomali nan reyon X la.

  • Tomografi Kalkile / CT-Scan (Computed Tomography)

    Seyans eskanè sa, ni avèk ak ni san koloran kontras, pèmèt pran yon seri foto detaye pati anndan kò a, yo pran sou plizyè ang.

  • Tomografi Emisyon Pozityon / PET Scan (Positron Emission Tomography)

    Nan pwosedi sa yo itilize pou jwenn selil timè enfekte nan kò a, yo enjekte yon ti kantite glikoz radyoaktif (sik) nan yon venn. Eskanè PET la vire arebò kò a epi fè yon foto ki kote ki itilize glikoz. Selil timè enfekte yo parèt pi klere nan foto a paske yo plis aktif ak pran plis glikoz pase selil nòmal yo. Yon seyans eskanè PET ak CT-scan ka fèt nan menm tan an (PET-CT) pou konbine diferan kalite enfòmasyon chak tès bay.

  • Etid Chimi San

    Tès sa yo itilize echantiyon san pou mezire kantite kèk sibstans tankou glikoz kèk ògàn relache nan kò a. Yon kantite ki pi ba ou pi wo pase kantite nòmal la ka yon siy maladi nan ògàn ki pwodui l la.

  • Kontaj San Konplè

    Tès sa verifye kantite selil globil wouj yo, selil globil blan, ak plakèt; kantite emoglobin (pwoteyin ki transpòte oksijèn) nan globil wouj yo ak pòsyon nan echantiyon ki konpoze avèk globil wouj.

  • Tès Antijèn Kasinoanbriyonè (CEA, Carcinoembryonic Antigen)

    Sibstans sa relache nan sikilasyon sangen an soti nan ni selil kansè yo ak ni sa nòmal yo. Lè yo jwenn li nan kantite ki depase kantite nòmal la, sa ka yon siy kansè gastrik oubyen lòt kondisyon.

  • Tès Tisi Timè HER2neu

    Yo ka verifye timè a pou mezire konbyen jèn HER2 ki genyen ak konbyen pwoteyin HER2 ki fabrike. Si gen plis jèn HER2 ou nivo pwoteyin HER2 ki depase nòmal la, yo rele kansè a HER2 pozitif epi gen lòt opsyon pou trètman, tankou terapi sible avèk yon antikò monoklonal ki sible pwoteyin HER2 a.

  • Pwofil Timè Jenomik

    Yo rele l tou tès ADN, tès revolisyonè sa kondiktè pou medsin presizyon. Li gade siyati molekilè timè w la pou l idantifye karakteristik ki endike nivo agresivite l ak ki kalite trètman k ap pi byen travay.

Asirans nou Asepte

Nòt: Plan sante ki gen kontra avèk UHealth aktyèlman yo nan yon lis pi ba a. Sepandan, tanpri konsilte konpayi asirans ou an pou w verifye si UHealth fè pati rezo konpayi asirans ou an.