Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.

Trètman

  • Operasyon

    Akoz avanse ki fèt nan radyografi ak kimoterapi, yo raman itilize operasyon nan kansè anal toujou. Nan anpil ka, espesyalis Sylvester yo ka itilize radyasyon ou kimoterapi oubyen yon melanj pou geri ou kontwole kansè a san yo pa pètibe fonksyon entestinal yo.

    Chirijyen Sylvester yo kounyeya ka retire san risk anpil kansè ki pa dirèkteman enplike misk sfenftè a ou planche pèvyen an, pandan l ap prezève fonksyon entestinal nòmal. Sèlman yon kantite limite pasyan toujou bezwen kolostomi; sa ki fè l yo ap jwenn terapis enterostomal eksperimante ak ki byen fòme kòm sipò pou anseye yo kijan pou jere yo.

  • Terapi Radyasyon

    Onkolojis radyasyon Sylvester yo itilize rteknoloji ki pi avanse a pou livre radyasyon deyò ak anndan timè kolorektal yo.

    • Radyasyon Reyon Ekstèn: Metòd terapi radyasyon sa yo bay li deyò kò a gras ak ekipman espesyalize. Majorite trètman kansè kolorektal nan Sylvester itilize teknik sa. Nou itilize RapidArc® pou founi terapi radyasyon ekstèn ak antansite modile (intensity modulated external radiation therapy, IMRT), ki dimintye dire trètman an jiska mwatye ak yon uityèm dire terapi radyasyon konvansyonèl la. Rezilta sa sible timè a ak plis presizyon epi redui domaj ki ka fèt nan tisi ki an sante ki tou pre yo.

    • Radyasyon Entèn: Yo rele l kiriterapi (brachytherapy), kalite radyasyon sa yo itilize pou ti timè primè, avèk pwòp ak ki an sante ki antoure yo epi san evidans kansè nan gangliyon lenfatik yo. Kiriterapi enplike enplantasyon yon aplikatè radyasyon pandan yon ti tan kote timè a ye a ak livre dòz radyasyon lokalman, sou kèk entèval tan. Li pèmèt yon onkolojis radyasyon kenbe dòz radyasyon a lwen ògan sansib yo.

  • Komiterapi (Terapi Medikal Sistemik)

    Kimoterapi se jeneralman yon konbinezon medikaman ki konbat kansè epi yo ka administre l nan venn ou atravè konprime. Si w bezwen kimoterapi nan venn (enfizyon), ou ka fè l nan Comprehensive Treatment Unit (CTU) a nan lokal prensipal Sylvester a nan lokal prensipal la nan Miami. Se yon inite 12.000 pye-kare ki gen ladan l 33 fotèy enklinab ak 11 chanm prive. Si w prefere, ou ka pran trètman enfizyon w lan nan lokal Kendall, Plantation, Hollywood, Coral Springs, Coral Gables, ou Deerfield Beach.

    • Anvan Operasyon (Neoadjuvant): Pafwa, yon timè rektal twò laj ou majinal pou evite andomaje misk sfenktè a avèk operasyon. Nan ka konsa, yo bay kimoterapi anvan operasyon avèk ou san radyasyon anvan operasyon pou ratresi timè a pou l ka pi fasil pou yo retire.

    • Apre Operasyon (Adjuvant): Yo bay majorite kimoterapi aprè operasyon. Pafwa, kimoterapi gen ladan l melanj medikaman yo pwouve ki travay byen ansanm pou kalite kansè w genyen an. Espesyalis ou ka rekòmande tou pou w itilize yon terapi estanda ansanm ak yon medikaman ki nan esè klinik.

    • HIPEC (hyperthermic intraperitoneal chemoperfusion): Sylvester se premye sant nan Sid Florid ki founi kimoterapi ki chofe nan kansè ki pwopaje anndan kavite abdominal la. Yo fè trètman yon fwa sa nan sal operasyon an, imedyatman apre yo fin retire kansè a. HIPEC pèmèt yon konsantrasyon kimoterapi ki pi wo san efè segondè sistemik yo, li ogmante chans pou w kontinye viv san maladi pi byen pase kimoterapi sistemik. Pou kèk moun, HIPEC ka ofri yon gerizon konplè.

  • Terapi Sible (Targeted Therapy)

    Terapi sible yo bati pou atake alterasyon molekilè ki fè selil kansè yo grandi ak pwopaje. Yo gen potansyèl pou yo plis efikas ak gen mwens efè segondè pase kimoterapi. Yo bay kèl nan medikaman sa yo ansanm ak medikaman kimoterapi, pandan gen kèk lòt yo itilize pou kont yo.

  • Esè Kliniik

    Kòm yon pasyan kansè kolorektal nan Sylvester, ou gen aksè ak plis nouvo trètman ak ki pi avanse pase nenpòt lòt kote a nan Sid Florid la. Doktè w la ap rekòmande nenpòt esè klinik ki bon pou ou.