Skip to Main Content

Sèvis Sipò Kansè

Randevou

Pou w aprann plis ou pran yon randevou, rele 305-243-4129 oubyen
305-243-8204.

Soti nan malèz fizik ale nan strès emosyonèl, nou konprann kijan yon dyagnosis kansè ak trètman kansè ka afekte chak grenn aspè nan lavi w. Se pou sa sant Sylvester Comprehensive Cancer Center ofri sèvis onkoloji sipòtif pou asire n ou menm ak tout moun pwòch ou yo resevwa swen konpreyansif ak espesyalite miltip. Ekspè nou yo abòde bezwen fizik, emosyonèl, sosyal ak espirityèl ou yo anvan. pandan avèk trètman kansè.

Ekip pliridisiplinè doktè ak klinisyen lisansye nou yo kolabore avèk onkolojis (doktè ki espesyalize nan trètman kansè) pou asire trètman ak sipò w la byen entegre byen efikas kòmsadwa. Misyon nou se amelyore kalite vi w, rann peryòd trètman w lan pase swa kòmsadwa ak amelyore rezilta sante atravè swen ki baze sou evidans.

Nou ankouraje w pou pran avantaj òf sa yo ak aprann konnen yo pandan w koumanse eksperyans pasyan w lan.

CacheClearingBehaviorClear on publish

Kisa ki fè Sylvester diferan

Apwòch olistik nan fason yo pran swen w lan pandan ak aprè trètman kansè. SSant Sylvester Comprehensive Cancer Center adopte yon apwòch olistik nan fason nou pran swen w. Sa vle di nou adrese tout aspè nan ou etan yon moun, tankou nitrisyon w, aktivite fizik, ekspresyon kreyatif ak byenèt espirityèl.

Soulajman ak Rekonfò pou doulè kwonik ki gen rapò ak kansè. Gras ak ekspètiz selèb nou, nou rekòmandasyon pou pasyan atravè lemond. Doktè nou yo devwe pou founi meyè pratik sèvis jesyon doulè ak plan trètman pèsonalize pou pasyan ki gen tout kalite kansè. Nou ofri entèvansyon doulè ki pi konpreyansif nan Sid Florid.

Swen Palyatif pou amelyore byennèt ou menm ak tout fanmi w. Espesyalis swen palyatif nou yo fokis sou bezwen fizik, emosyonèl ak espirityèl ou yo pou ede amelyore kalite vi pou ou ak fanmi w. Nou ofri swen palyatif an asosiyasyon avèk trètman medikal kiratif pou dyagnosis kansè w la.

Sèvis Sipò Kansè

Kontakte nou jodiya pou w ka aprann plis oubyen pran yon randevou.