Skip to Main Content

Ekzèsis Onkoloji

Cancer Support Services

Randevou

Pou w aprann plis ou pran yon randevou, rele 305-243-4129 oubyen
305-243-8204.

Ekzèsis onkoloji nan sant Sylvester Comprehensive Cancer Center founi pasyan opòtinite pou yo devlope mwayen pratik pou yo adopte yon kalite vi ki pi an sante ak plis aktif pandan ak aprè trètman kansè a.

Nou ofri de pwogram ekzèsis onkoloji:

  • Klinik Ekzèsis Onkoloji: Sa pèmèt ou rankontre ou menm pou kont ou ak fizyològ ekzèsis nou an epi resevwa fidbak sou aktivite aktyèl ou ak rekòmandasyon pèsonalize sou ekzèsis.
  • Program "U Survive & Thrive": Sa se yon pwogram ekzèsis ki sipèvize pandan uit semèn ki fèt pou retablisman pasyan aprè trètman. Aktyèlman nou sèlman ofri pwogram nan kanmpis medikal la.

Avantaj Lè w Patisipe

Avantaj lè w fizikman aktif pandan ak aprè trètman kansè a gen ladan l:

  • Amelyore andirans ak fonksyon fizik
  • Amelyore fòs ak pwa miskilè kò w
  • Amelyore jesyon pwa w
  • Redui sentòm enkyetid ak depresyon
  • Redui fatig ki gen rapò ak kansè
  • Redui dekondisyònman ki gen rapò ak trètman

Nou ankouraje moun ki gen nepòt kalite kansè a oubyen k ap swiv nenpòy kalite tretman pou kansè pou patisipe nan pwogram onkoloji ekzèsis nou yo. Nou t ap kontan resevwa espesyalman moun ki ka gen difikilte ak aktivite fizik ou ekzèsis, ki pran pwa, ki pèdi fòs ou pwa miskilè oubyen fatig.

Kijan l Fonksyone

Nan premye vizit ou a, w ap rankontre ak youn nan doktè ki espesyalize nou yo, k ap gen pou poze w kesyon ak kolekte enfòmasyon sou ou, objektif ou, bezwen w yo, epi l ap fè yon evalyasyon fizik konplè. Apre sa n ap kreye yon plan trètman pèsonalize swivan dyagnostik ou a, plan trètman an, ak kalite vi w an jeneral ak objekftif byenèt ou genyen yo.

Pou w pran randevou pou vizit ou a, rele 305-243-8204.

Sèvis Sipò Kansè

Kontakte nou jodiya pou w ka aprann plis oubyen pran yon randevou.