Skip to Main Content

Amiloyidoz

Randevou

Rele oswa klike sou pou yon vizit an pèsòn
oswa vityèl.

Rele nou nan
1-844-324-HOPE (4673)

Oswa

Amiloyidoz se yon maladi akimilasyon pwoteyin ki ra. Se amiloyid ki lakoz li, yon pwoteyin anòmal ki ka akimile nan tisi ou ògàn kò a. Lè akimilasyon pwoteyin amiloyid yo ogmante, li fè entèferans avèk fonksyon yo epi sa ka lakoz defayans ògàn yo. Amiloyidoz sistemik se fòm ki pi popilè a. Menm si amiloyidoz se pa kansè, yo ka asosye l ak kansè san menm jan avèk myelòm miltip.

Se espesyalis Sylvester yo ki travay sou plis ka amiloyidoz nan Florid epi nou gen yon esè klinik envetigatè nou yo inisye avèk yon gwo gwoup sipò amiloyidoz. Amiloyidoz ka afekte plizyè ògàn ak ka debouche sou plizyè defayans ògàn. Se yon ekip pliridisiplinè kolaboratif ki dirije trètman yo isit la. Ekip pliridisiplinè sa gen ladan l onkològ ematolojik, kadyològ ak espesyalis transplant kadyak ak fwa. Kòm etan manb Konsòtyòm Nasyonal Sant Esè Amiloyid, espesyalis Sylvester w la gen aksè ak plis esè klinik toujou.

Yon pwogram ki inik nan Sylvester se yon pwogram depistaj prekòs pou amiloyid. Nou ekzaminen moun ki gen sendwom kanal kapyen pou chache amiloyidoz. Sendwom nan ka yo siy prekòs amiloyidoz. Sa pèmèt nou jwenn maladi a bonè ak koumanse trètman, ki ka fè nou fè yon pi bon pwonostik.

Doktè nou yo aktivman enplike nan esè klinik. Esè klinik yo investige nouvo rejim kimoterapi, ak lòt metòd pou trete kansè. Pasyan Sylvester yo gen aksè imedya avèk dènyè terapi ki disponib pou kansè yo.

Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.

Trètman


 

  • Komiterapi (Terapi Medikal Sistemik)

    Kimoterapi se medikaman pou konbat kansè yo ba ou sou fòm yon konprime oubyen nan venn ou (ak yon egwi). Medikaman an kanpe kwasans selil ki fabrike amiloyid.

  • Transplant Selil Souch Sangen Otològ (Autologous Blood Stem Cell Transplant, ASCT)

    Nan kèk ka, yo kolekte selil souch ou (selil ki ka devlope an plizyè diferan kalite selil nan kò w) epi anmagazine yo pandan yon ti tan pandan w ap resevwa gwo dòz kimoterapi. Aprè kimoterapi a fini, yo retounen mete selil yo nan kò w nan venn ou (atravè yon venn) pou ranplase selil nòmal ki te detui pandan kimoterapi a.


Tès


 

  • Biyopsi

    Yon biyopsi se yon echantiyon tisi yo pran nan mwèl zo w, grès, ou fwa w oubyen ren w. Doktè w la itilize yon biyopsi pou l aprann plis sou kalite akimilasyon amiloyid la.

  • Tès San ak Pipi

    Tès sa yo chache pwoteyin ki siyale amiloyidoz.