Skip to Main Content

Kansè Ematolojik (San)

Randevou

Rele oswa klike sou pou yon vizit an pèsòn
oswa vityèl.

Rele nou nan
1-844-324-HOPE (4673)

Oswa

Kansè ematolojik koumanse nan tisi ki fòme san. Yo jeneralman fòme nan mwèl zo a oubyen selil sistèm imin nan. Yo rele l tou kansè san, yo gen pami yo lesemi, lenfòm ak myelòm miltip.

Yo dyagnostike yon moun ki gen kansè san anviwon chak kat minit nan Etazini. Gen plis pase 200,000 nouvo ka chak ane. Si ou resevwa yon dyagnostik kansè san, ou gen aksè imedya avèk ekip ki plis eksperimante nan Sid Florid la avèk meyè rezilta pou pasyan. Ekip doktè-ekspè kansè Sylvester yo se manb nan youn nan meyè sant kansè akademik nan peyi a. Sèl grennn fokis nou se sou prevansyon, dyagnostik, ak trètman kansè.

Poukisa pou w chwazi sant Sylvester Comprehensive Cancer Center?

Sylvester se yon sant kansè deziyen NCI. National Cancer Institute te rekonèt Sylvester pou travay eksepsyonèl li fè rechèch nan laboratwa li yo, trete pasyan yo nan klinik li yo ak lopital li yo, epi lonje men nan kominote ki pa gen desèvi medikal ak estrateji prevansyon inovatè.

Pwogram Epijenetik Kansè a (Cancer Epigenetics, CE) te etabli nan lane 2014 nan Sylvester epi li tounen youn nan meyè pwogram nan peyi a, li aktivman ap konvèti dekouvèt an esè klinik. Objektif li se pou enkòpore rechèch elemantè ak klinik nan domèn epijenetik kansè. Pwogram nan fokis sou idantifye mekanism epijenetik ki regilarize inisyasyon ak pwogresyon kansè. Li lanse tou terapi pèsonalize pou trete kansè, teste yo nan etid pre-klinik ak klinik. Envestigatè CE kolaboratif yo ap travay pou idantifye faktè ki kontribiye nan pwobabilite, pwogresyon, trètman ak an fen, gerizon kansè. Lè yo idantifye mekanism sa yo, yo ka jwenn nouvo trètman sible nan zòn klinik yo pi rapid.

OnControl® se aparèy pou echantiyonaj mwèl zo: Se youn nan onkolojis nou yo ki devlope l, aparèy ak kouran sa ou kenbe nan men an pou kontwole echantiyon mwèl zo ki konsistan pou dyagnostik ak siveyans trètman. Li pran echantiyon mwèl zo reprezantatif nan mwens pase senk minit avèk mwens doulè pou yon dyagnostik ekzat premye fwa a.

Plis esè klinik kansè pase nenpòt lòt lopital nan Sid Florid la. Si l nesesè pou kansè w la ak nan etap li ye a, esè klinik nou yo founi w nouvo fason pou trete ak pou potansyèlman geri kansè w la.

Youn nan sèlman sis Sant Ekselans Kansè deziyen nan Florid. Nou trete kansè, sèlman kansè, ak ofri w meyè rezilta posib. Pwobabilite pou w siviv kansè apre senk ane nan yon Sant Kansè Devwe 17 pousan fwa pi plis pase pa lòt lopital yo.

Ekip swen pliridisiplinè ki gen ekspètiz yo rekonèt nasyonalman. Kolaborasyon sove lavi. Moun ki konpoze ekip swen w lan se ekspè nan chak grenn aspè nan maladi w la k ap travay ansanm pou ou.

Opsyon avanse pou terapi radyasyon tankou RapidArc®, ki ofri terapi radyasyon ekstèn modulasyon entansite (IMRT). Teknoloji iltramodèn nou an ofri trètman ki pi konpetan ak efikas, dire trètman ki pi kout, ogmante presizyon nan zafè sible kansè ak mwens domaj nan tisi ki an sante ki nan alantou a.

Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.