Trètman


Paske lenfòm se yon maladi san, radyasyon, kimoterapi ak transplant mwèl zo/selil souch se terapi prensipal yo. Doktè w la ka rekòmande yon esè klinik tou.

  • Terapi Radyasyon

    Terapi radyasyon itilize reyon-X ou lòt patikil radyoaktif pou detui selil kansè. Yo souvan itilize l ansanm ak kimoterapi pou detui plis selil kansè.

  • Kimoterapi

    Kimoterapi se trètman lenfòm Hodgkin ki pi popilè. Yo ka bay li pou kont li, ou avèk terapi radyasyon. Majorite moun pran plizyè medikaman atravè yon IV ou sou fòm konprime oral.

    Inite Trètman Konplè nou an (CTU) nan lokal prensipal Sylvester an nan Miami ofri kimoterapi nan venn (enfizyon). Se yon inite 12.000 pye-kare ki gen ladan li 33 fotèy kage ak 11 chanm prive. Ou ka pran enfizyon w lan tou nan lokal Kendall, Plantation, Hollywood, Coral Springs, Coral Gables, ak Deerfield Beach.

  • Antikò Monoklonal

    Medikaman sa yo se fòm sentetik pwoteyin sistèm imin nan. Yo sible yon pati espesyal yon selil kansè. Yo ka itilize sa pou kont li oubyen ansanm ak kimoterapi pou trete kèk kalite lenfòm Hodgkin.

  • Transplant Selil Souch

    Selil souch ka soti nan yon donè (transplant alojeneyik) ou nan pwòp kò w (transplant otològ). Pwosesis sa rive anvna yon pasyan pran yon gwo dòz kimoterapi ou terapi radyasyon pou tiye selil kansè yo. Yo prepare ak trete selil souch yo. Kèk jou aprè kimoterapi ou radyasyon, yo transfize nouvo selil souch yo retounen nan kò w. Selil souch an sante ki pwodui san sa yo ranplase sa ki te pèdi pandan kimoterapi ou trètman radyasyon. Yon transplant ede restore tou iminite natirèl kò w pou konbat enfeksyon ak maladi.