Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.

Trètman

  • Komiterapi (Terapi Medikal)

    Sa se fason presipal pou trete lesemi. Trètman sa itilize medikaman pou tiye selil kansè yo, nan objektif pou elimine kansè. Yo ka enjekte medikaman kimoterapi nan likid serebrospinal ou (rebrospinal fluid, CSF). Yo rele sa kimoterapi entratekal, ou pwofilaksi sistèm nève santral. Li ede anpeche kansè devlope. Li ka atenn selil kansè ki nan alantou sèvo a ak sistèm nève a.

    Nou ofri kimoterapi nan venn (enfizyon) nan Comprehensive Treatment Unit (CTU) a nan lokal prensipal Sylvester a nan Miami. Se yon inite 12.000 pye-kare ki gen ladan l 33 fotèy enklinab ak 11 sal prive. Si w prefere, ou ka pran trètman enfizyon w lan nan lokal Kendall, Plantation, Hollywood, Coral Springs, Coral Gables, ou Deerfield Beach.

  • Terapi Sible

    Trètman sa yo bati pou atake chanjman molekilè ki fè selil kansè yo grandi ak pwopaje. Yo sible pwoteyin anòmal, tankou sa kwomozom Filadèlfya a lakoz la, ak ka ede trete TOUT ki gen kwomozom sa. Yo gen potansyèl tou pou yo plis efikas ak gen mwens efè segondè pase kimoterapi. Ou pran medikaman sa yo chak jou sou fòm konprime.

  • Iminoterapi

    Yo rele l tou terapi biyolojik, kalite terapi sa yo ki disponib nan esè klinik yo fè kansè a plis vizib pou sistèm imin nan. Onkolojis Sylvester w la ap konseye w si yon esè klinik ou iminoterapi ap apwopriye pou lesemi w lan.

    • Terapi Blokaj Pwendkontwòl (checkpoint): Trètman kansè ki baze nan imin sa pran avantaj selil T imin yo. Selil T imin yo prezan nan anpil timè men selil kansè yo bloke yo. Sistèm pwendkontwòl la anpeche selil imin yo atake selil kansè yo. Medikaman blokaj pwendkontwòl yo dezaktive mekanism sekirite, ki pèmèt selil T yo itilize kapasite destriktif yo sou timè yo.

    • Transfè selil adoptif (Adoptive cell transfer, ACT): Yo konpare terapi sa avèk administre yon medikaman vivan. ACT itilize selil imin yo rele selil T yo kolekte nan san w. Yo konpoze selil T yo jenetikman pou rekonèt yon pwoteyin espesifik (antijèn) sou selil timè yo. Yo grandi plizyè milya selil T nan laboratwa epi fouye yo nan ou. Selil T yo miltipliye nan kò w, yo rekonèt ak tiye selil kansè yo.

  • Stem Cell Transplant with High-Dose Chemotherapy

    Si dòz kimoterapi abityèl la pa konbat kansè w la, doktè w la ka rekòmande gwo dòz kimoterapi avèl yon transplant selil souch. Gwo dòz kimoterapi ka retire selil ki andomaje yo nan sistèm yo ak mwèl nan zo yo. Yo enjekte selil "estatè" ki an sante pou nouvo selil san nan kò w ankò pou restore selil san kò w te pèdi yo. Yo ka pran selil souch yo nan ou oubyen nan yon donè.

  • Swen Sipòtif

    Sikològ ak espesyalis swen palyatif disponib pou ede w entegre trètman kansè nan lavi w ak aleje fado ak strès trètman. Terapi konplemantè tankou akiponkti ak masaj disponib tou.