Skip to Main Content

Transplant Mwèl Zo ak Selil Kouch

Randevou

Rele oswa klike sou pou yon vizit an pèsòn
oswa vityèl.

Rele nou nan
1-844-324-HOPE (4673)

Oswa

Transplant mwèl zo ak selil kouch se de metòd ki ajoute selil kouch nan kò w. Selil kouch yo se selil vèsatil ki ka devlope an divès kalite selil. Selil yo ka soti nan pwòp kò pa w oubyen nan yon donè ki fanmi w ou ki pa fanmi w, sa depann sou ka pa w la.

Yon transplant ka ede lè kò w pa ka pwodui ase selil san an sante pou kont pa l. Yo itilize l tou pou ranplase mwèl zo ki malad ou selil san, epi tou pou ranplase selil an sante ki te detui pandan kimoterapi ou terapi radyasyon.

Diferans ki genyen ant de pwosedi sa yo se ki kote transplant selil kouch la soti:

  • Transplant mwè zo: lè yo pran selil kouch nan mwèl zo w (tisi eponj ki anndan zo yo)
  • Transplant selil kouch: lè yo kolekte selil kouch yo nan sikilasyon sangen w

Poukisa pou w chwazi sant Sylvester Comprehensive Cancer Center?

Ekspètiz avanse nan transplantasyon selil kouch. Ou resvwa swen nan men ekip ki gen plis eksperyans nan rejyon an. Pwogram Transplant Selil Kouch pou Granmoun nou an te etabli nan lane 1992 epi Fondasyon pou Akreditasyon Terapi Selilè (Foundation for the Accreditation of Cellular Therapy, FACT) akredite l. Nou gen pwogram k ap pwogrese pi rapid nan Florid. Ekspètiz nou atire pasyan ki soti nan lòt lopital atravè zòn nan.

Aksè avèk nouvo trètman yo atravè esè kliniik. Kòm etan yon pati nan sant medikal akademik nou an, Sylvester ofri aksè nan kèk nouvo terapi ki bay plis lespwa. Anpil nan doktè nou yo ap dirije rechèch pou dekouvri nouvo metòd nan kimoterapi, operasyon, ak terapi radyasyon. Nou ofri opòtinite tou pou patisipe nan esè klinik Rezo Esè Kliniik Transplant Mwèl Zo (Bone Marrow Transplant Clinical Trials Network) devlope, yon konsòtyòm pwogram akademik transplant selil kouch.

Teknoloji echantiyonaj mwèl zo iltramodèn. Se youn nan onkolojis nou yo ki devlope l, aparèy OnControl® la pran echantiyon mwèl zo ki konsistan, ki bon kalite pou pi bon prezisyon nan dyagnostik ak siveyans trètman. Pwosedi sa ofri mwens doulè epi pran mwens pase senk minit.

Anpil nan pasyan ki nan Pwogram Transplant Selil Souch pou Granmoun nan soti nan lopital ki nan lòt zòn. Transplant selil kouch disponib pou ou epi li konplètman entegre nan trètman kansè w la.

Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.

Kiyès moun ki yon Kandida?


Pwogram Transplant Selil Souch pou Granmoun nan trete pasyan ki gen kansè ak maladi san, tankou:

W ap rankontre ak youn nan doktè transplant nou yo ak ekip transplant pliridisiplinè nou an anvan w koumanse trètman an. Y ap detèmine si yon transplant selil kouch bon pou ou.


Pwosesis Transplant lan


Koleksyon Selil Kouch
Selil kouch ki pwodui san yo yo nan mwèl zo w. Doktè w la ap ba w yon medikaman pou relache selil kouch yo soti nan mwèl zo pou ale nan san w, kote yo ka retire yo. Si nou kolekte selil kouch yo dirèkteman nan mwèl zo w, nou rale yo soti atravè yon egwi nou foue nan do senti w. N ap ba w remèd doulè (anestezi) pandan pwosedi a pou w ka pa santi okenn doulè.

Nou mete selil kouch nou kolekte yo apa pou jis aprè kimoterapi.

Gwo Dòz Kimoterapi
W ap resevwa gwo dòz kimoterapi pou elimine nenpòt selil kansè nan kò w, ki tou detui mwèl zo ki andomaje yo. Trètman an redui kantite selil globil blan yo tou, sa afebli sistèm imin ou, ak plakèt san yo, sa ki ogmante risk pou w senyen. Transfizyon san ka ede ranplase selil globil wouj yo. Evantyèlman, selil kouch yo enfize yo pral pwodui selil san, ak sistèm imin ou ap repran fòs li pou konbat enfeksyon ak maladi.

Pandan trètman kimoterapi, w ap rete nan yon inite kote yo kontwole enfeksyon nan lopital la epi resevwa swen konplè pou jere tout aspè nan sante w. Jeneralman ospitalizasyon pou transplant selil kouch ou mwèl zo dire anviwon twa ak kat semenn, men li varye pou chak moun.

Transplantasyon Selil Souch.
Selil souch — swa pwòp pa w yo te kolekte anvan kimoterapi oubyen ki soti nan yon donè — yo ajoute l ankò nan kò w atravè yon katetè (tib fen ak fleksib). Nou fè pwosedi sa nan klinik nou an ki pa gen ospitalizasyon an epi pwosedi sa pa ekzije pou w etène.


Esè Kliniik


Sant Sylvester Comprehensive Cancer Center anndan Fakilte Medsin Miller nan Inivèsite Miami fè pati yon sant medikal rechèch inivèsite. Pasyan nou yo jwenn aksè nan plizyè esè klinik nouvo terapi. Anpil nan doktè nou yo se envestigatè prensipal nan rechèch sa, ki gen ladan yo nouvo terapi medikal, chirijikal ak radyasyon.

Pwogram Transplant Selil Souch pou Granmoun Sylvester a ofri opòtinite pou patisipe nan esè klinik. Sa gen ladan l esè klinik Rezo Esè Kliniik Transplant Mwèl Zo devlope yo. Se yon konsòtyòm pwogram akademik transplant selil kouch.

Mande doktè w la si w se yon bon kandida pou yon esè klinik.

Asirans nou Asepte

Nòt: Plan sante ki gen kontra avèk UHealth aktyèlman yo nan yon lis pi ba a. Sepandan, tanpri konsilte konpayi asirans ou an pou w verifye si UHealth fè pati rezo konpayi asirans ou an.