Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.

Trètman

  • Operasyon

    Yo itilize operasyon 90 pousan fwa pou kansè po selil bazal nan je. Yo souvan trete kansè selil bazal yo avèk anlèvman chirijikal, men nouvo kansè ka devlope. Yo fè ekzamen po pa routin aprè operasyon an.

  • Elektrodezikasyon ak Kirtaj

    Pandan pwosedi sa, yo itilize yon enstriman ki pwenti ak ki gen fòm kiyè yo rele kirèt pou retire kansè a. Apree yo itilize yon elektwod ki gen yon pwent egwi pou trete pati a ak yon kouran elektrik. Kouran an kanpe senyen an ak detui selil kansè yo ki nan arebò blese a.

  • Eksizyon Senp

    Eksizyon senp retire yon timè chirijikalman nan po a, ansanm avèk kèk po nòmal ki nan arebò l.

  • Operasyon Mikwografik Mohs

    Teknik sa ofri metòd ki pi ekzat pou retire tout tisi kansè konoplètman. Li evite tisi ki an sante. Operasyon sa trete timè ki nan oubyen tou pre nen, je, zòrèy, fontenn, po tèt, dwèt ak pati jenital yo. Ladan l yo koupe timè a nan po a an ti kouch ki fen. Chak kouch yo retire yo gade yo nan yon mikwoskòp. Lè pa gen okenn selil kansè ki rete, se lè sa operasyon an konplè. Yo itilize operasyon Mohs espesyalman lè y ap trete timè ki gwo, timè nan kèk kote, ak sa ki retounen yo aprè lòt trètman. Yo ofri l regilyèman nan Sylvester, yo konplete l pandan sèlman yon sèl vizit klinik, ak gen yon to gerizon ki preske 100 pousan.

  • Terapi Fotodinamik

    Trètman sa itilize yon dwòg ak yon limyè lazè pou tiye selil kansè yo. Yon enjekte yon medikaman nan yon venn, men li pa aktif jiskaske li ekspoze nan limyè lazè a. Medikaman an kolekte plis selil kansè pase selil nòmal yo. Pou kansè po, yo klere limyè lazè sou po a. Sa aktive medikaman an pou tiye selil kansè yo. Terapi fotodinamik lakoz ti domaj nan tisi ki an sante yo.

  • Iminoterapi

    Yo rele l tou terapi biyolojik, medikaman sa yo itilize sistèm imin ou pou konbat kansè. Yo ka itilize terapi imiquimod tropikal (Topical imiquimod, se yon krèm yo aplike sou po a) pou trete kasinòm selil bazal ki piti.