Skip to Main Content

Kansè Je (Okilè)

Randevou

Rele oswa klike sou pou yon vizit an pèsòn
oswa vityèl.

Rele nou nan
1-844-324-HOPE (4673)

Oswa

Kansè je primè ra. Yo ka rive nan je a, sou sifas je a, nan selil po ki nan alantou je a, ou nan glann ki pwodui lam yo. Kansè je segondè ka fòme pi souvan. Sa yo se timè ki soti nan lòt pati nan kò a ki pwopaje ale nan je a.

Ekspè onkoloji okilè nan sant Sylvester Comprehensive Cancer Center ak enstiti Bascom Palmer Eye Institute travay pou trete kansè je ak okilè sou tout ang: oftalmoloji, dèmatoloji, onkoloji okilè, onkoloji radyasyon ak patoloji.

Ekip ki sousye ak ki byen fòme nou yo travay ansanm avèk yon objektif komen: ki ofri w swen ki pi pèsonalize a ak meyè kalite lavi.

Poukisa pou w Chwazi Nou?

Ekip swen pliridisiplinè. Se yon ekip ekspè je k ap evalye ak trete kansè w la. Yo reprezante plizyè ekspètiz: nan oftalmoloji, dèmatoloji, onkoloji okilè, onkoloji radyasyon ak patoloji. Sa yo ajoute sou yon swen pèsonalize ki byen kadre ki fokis sou ba w yon kalite vi optima.

Opsyon terapi radyasyon sible ak efikas. Nou se sè sant nan Sid Florid ki ofri terapi radyasyon plak entèn lokalize. Trètman sa ede nou trete kansè san nou pa retire je a — nou konsève vizyon, endepandans, ak kalite lavi.

Kimoterapi entra-ateryèl iltramodèn pou timoun ki gen retinoblastòm. Timoun ou an gen de fwa chans y ap evite je l. Nou itilize kimoterapi entra-ateryèl pou nou fokis kimoterapi a dirèkteman nan timè je a. Trètman kiratif la diminye kantite anlèvman je a (pou retinoblastòm) nan mwatye. Li pi fasil tou pou k ap devlope. Sylvester se sèl sant nan Sidès Etazini ak youn pami kèk grenn nan peyi a ki vrèman fòme nan trètman sa.

Sylvester se youn pami sèlman kat Sant Kansè Ekselans ki nomine nan Florid. Kòm sèl sant ki nan Sid Florid, ou dwe konfidan konnen ou nan meyè plas ki ekziste pou trete kansè w la.

U.S. News & World Report klase enstiti Bascom Palmer Eye Institute #1. Enstiti Bascom Palmer Eye Institute se meyè etablisman nan peyi a pou trètman maladi ak twoub nan je, daprèU.S. News & World Report. Lè w chwazi nou pou swen je w, w ap resevwa meyè swen nan peyi a nan yon espas konpatisan.

Opsyon pwotèz (ranplasman atifisyèl) je ki kalse nan premye ran. OU ka gen plis konfidans ak pi bon sante aprè kansè w la. Si yo oblije retire glòb okilè w (boul je w) pou ka geri kansè w la, yon je pwostetik ap amelyore aparans ou ak pwoteje espas la ak selil ki dèyè je w la. Nou fabrike espesyalman pwotèz ou a pou ka sanble ak iris ak pipiy lòt je w la.

Yon istwa pyonye. Nou se premye sant nan peyi a ki itilize gout entèferon tropikal pou trete kansè je – san biyopsi san operasyon. Sa avè anpil lòt pwogrè nan rechèch asire w meyè swen kansè ak je ki posib.

Dyagnostik ki sekiritè ak ki pi presi. Sylvester ak tout Bascom Palmer ofri yon OCT(optical coherence tomography) ki gen frekans ki iltra-elve. Iltrason optik sa dyagnostike melanom ak timè pòpyè (konjoktival) entèn san biyopsi ou radyasyon.

Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.