Skip to Main Content

Melanom Koroyiyen Entraokilè

Randevou

Rele oswa klike sou pou yon vizit an pèsòn
oswa vityèl.

Rele nou nan
1-844-324-HOPE (4673)

Oswa

Apwoksivativman yo dyagnostike 1500 nouvo ka melanòm koroyiyen nan Etazini chak ane. Melanosit, selil ki fabrike pigmantasyon nan po w yo, ka kreye melanòm ak ti mak nwa sou po a, ak tout popyè a.

Nan je a, selil sa yo koumanse grandi nan koroyid la, yon kouch ki pigmante anpil anpil anba retin nan, ki plen ak veso sangen. Yo ka grandi nan iris la tou, yon estrikti sikilè ki nan je a. Iris la kontwole dyamèt ak gwosè pipiy ou ak bay je w koulè l.

Poukisa pou w Chwazi Nou?

OCT frekans Iltra-elve (tomografi koyerans optik). Iltrason optik sa dyagnostike melanòm ak timè konjoktival san biyopsi ou ekspozisyon nan radyasyon. OCT pèmèt doktè w la siveye mak nwa yo sispèk nan je w ak pou trete yo si yo chanje.

Teknoloji dyanostik avanse. Gras ak teknoloji imaj ki pi avanse nan rejyon an, ekspè nan Sylvester ak Enstiti Je Bascom Palmer founi dyagnostik rapid ak efikas pou kreye yon plan trètman ekzat ak pèsonalize.

Terapi radyasyon plak lokalize trete melanòm nan pandan l ap pwoteje rès je a kont radyasyon. Anviwon 95 pousan pasyan ki gen melanòm okilè resevwa fòm radyasyon sib.

Youn nan sèlman sis Sant Ekselans Kansè deziyen nan Florid. Epi kòm sèl sant ki nan Sid Florid, ou dwe konfidan konnen ou nan meyè plas ki ekziste pou trete kansè w la.

U.S. News & World Report - klase enstiti Bascom Palmer Eye Institute #1. Enstiti Bascom Palmer Eye Institute se meyè etablisman nan peyi a pou trètman maladi ak twoub nan je, daprè U.S. News & World Report. Lè w chwazi nou pou swen je w, w ap resevwa meyè swen nan peyi a nan yon espas konpatisan.

Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.

Trètman


Espesyalis okilè Sylvester yo fòme pou distenge ant melanòm entraokilè ak melanòm konjoktival. Yo trete de kansè sa yo diferan. Yo revize chak ka nouvo pasyan nan yon konferans ekip pliridisiplinè ekspè nan kesyon kansè je. Ekip espesyalis ou yo revize tout rezilta tès ou yo pou rekòmande yon plan trètman pèsonalize. Plan w lan ka gen ladan l yon konbinezon trètman sa yo:

  • Terapi Radyasyon Plak Lokalize

    Anviwon 95 pousan pasyan ki gen melanòm okilè tou de kalite yo resevwa fòm kiriterapi sa. Yo atache grenn radyoaktif nan yon "plak" — yon kalite ti disk piti. Yo plase l nan mi je a. Bò ki grenn yo yo plase l kont boul je a. Li founi radyasyon nan je a, pandan lòt bò plak la ede pwoteje tisi ki nan anlantou yo kont domaj radyasyon. Pandan pwosedi pou enplante plak la, onkolojis oftalmològ la ka biyopsize lezyon an pou ede detèmine lòt trètman ak swen swivi.

  • Operasyon

    • Enikleyasyon: Sa gen ladan l anlèvman je a ak pati nan nèf optik la. Yo ofri operasyon sa lè yo pa ka konsève vizyon, timè a pwopaje nan nèf optik yo, li laj anpil oubyen li lakoz gwo presyon anndan je a. Aprè operasyon, pasyan an jeneralman kalifye pou yon je atifisyèl pou egale gwosè ak koulè lòt je a.

    • Biyopsi Gangliyon Lenfatik Santinèl: Si yo sispèk kansè a pwopaje, espesyalis ou a ka fè yon biyopsi gangliyon lenfatik santinèl, yon pwosedi chirijikal pou analize echantiyon gangliyon lenfatik pou depiste selil kansè. Gangliyon lenfatik santinèl yo se premye grenn gangliyon lenfatik kote yon timè drene. Chirijyen w lan ap enjekte yon materyèl trasè ki fè gangliyon lenfatik yo ou nod ki pi pre timè a parèt klere. Yo retire yo epi analize yo nan yon laboratwa. Si nod santinèl yo pa gen kansè, pi souvan li pa pwopaje epi li pa nesesè pou yo retire gangliyon lenfatik adisyonèl.

    • Fotokoagilasyon (terapi tèmal lazè): Yo itilize limyè lazè pou detui timè a ak alimantasyon san li. Yo itilize l sèlman pou trete timè ki piti.

  • Gwo Dòz Kimoterapi

    Lè timè okilè metastaze, yo souvan ale nan fwa a. Espesyalis Sylvester yo konpetan nan yon kimoterapi lokalize yo rele pèfizyon epatik pou trete kalite kansè okilè s ayo.

  • Terapi Sible ak Esè Kliniik

    Kèk melanòm pi souvan ka metastaze ou pwopaje nan lòt ògàn yo. Chèchè yo jwenn anviwon 70 pousan gen metastaz mikwoskopik. Pou rezon sa, y ap envestige kèk medikaman ki ka fè selil sa yo dòmi. Y ap teste yon klas, ki rele inibitè H-DAC nan plizyè esè klinik.

  • Siveyans Aktif

    Pou chak pasyan ki gen yon bon dyagnostik melanòm entraokilè, 10 nan yo tonbe nan pati gri a. Pati nan siveyans nou an enplike itilizasyon OCT (optical coherence tomography) pou gade pati sa yo. Rezolisyon wo li a ka detèmine efè l gen sou pati ki nan alantou l yo, ki endike melanòm, olye yon tach wousè. Li ka siveye prezans likid siretinal, ki ka yon faktè risk pou melanòm.


Tès


Akote yon istwa medikal ak yon ekzamen fizik, yo itilize tès ak pwosedi sa yo:

  • Ekzamen Je Dilate:

    Yon ekzamen dilate pou je w pèmèt doktè w la gade atravè lantiy je w ak pipiy retin ou ak nèf optik ou. Yo ka pran foto tanzantan pou yo swiv chanjman nan gwosè timè w la. Gen plizyè kalite ekzamen je:

    • Oftalmoskopi: Yo itilize yon ti loup ak yon limyè p ou ekzaminen anndan dèyè je w pou ekzaminen retin nan ak nèf optik yo.

    • Biyomikwoskopi lanp-ak-fent (Slit-lamp biomicroscopy): Biyomikwoskopi ekzaminen retin nan, nèf optik yo ak lòt pati nan je a avèk yon reyon limyè puisan ak yon mikwoskòp.

    • Gonyoskopi: Ekzamen sa gade pati devan je w ant kòne a ak iris la. Li itilize yon enstriman espesyal pou wè si pati kote likid drene nan je a bloke.

    • Iltrason: Aprè goutlèt pou je pou anestezi je w, yo plase yon ti sond jantiman sou sifas je a pou voye ak resevwa ond son. Sa fè yon foto anndan je a ak distans soti an kòne a pou ale nan retin nan.

    • Tomografi Koyerans Okilè (Ocular coherence tomography, OCT): Tès imaj sa itilize ond limyè pou pran foto transvèsal retin nan, ak pafwa kouch vaskilè je a (koroyid), pou wè si gen anflamasyon ou likid anba retin nan. Tès sa, ansanm ak anjyografi fliyoresan ak yon ekzamen klinik, ede distenge ti melanòm nan yon nèvis (mol) endetèmine atravè ekzaminasyon sikilasyon san an ak anbalaj selil.

  • Transiliminasyon

    Oftalmològ la plase yon limyè swa sou pòpyè enlè ou anba a pou ekzaminen iris la, kòne a, lantiy ak kò silyè je a.

  • Anjyografi Fliyoreseyin

    Pwosedi sa ekzaminen veso sangen ak ssikilasyon san anndan je a. Yon koloran koulè oranj ede nou jwenn nenpòt pati ki bloke ou koule.

  • Anjyografi Vèt Endosyanin

    Pwosesi similè sa itilize yon koloran yo enjekte tou men ki diferan pou ekzaminen veso san ki nan kouch vaskilè a pou chache pati ki bloke ou koule.

  • Biyopsi ak Profil Timè Jenomik

    Pafwa yo fè yon biyopsi tisi pandan pwosesis trètman an pou ede gide terapi. Yo ka pèfòme tès sa yo sou echantiyon tisi an:

    • Profil Timè Jenomik: Nou ekzaminen pwofil 15-jèn avèk yon òdinatè. Òdinatè a montre nou modèl jèn yo ak atribiye sou fòm klas 1, (risk ba metastaz); klas 2, (rish elve); ak klas 1-B, (risk entèmedye). Atravè pwofil jenomik, onkolojis oftalmik detèmine chak kilè pou ekzaminen w pou rekirans ou pwopagasyon maladi a. Li ede doktè w la tou selesyone yon terapi pou kansè w lan.

Asirans nou Asepte

Nòt: Plan sante ki gen kontra avèk UHealth aktyèlman yo nan yon lis pi ba a. Sepandan, tanpri konsilte konpayi asirans ou an pou w verifye si UHealth fè pati rezo konpayi asirans ou an.