Skip to Main Content

Kansè Pwostat

Randevou

Rele oswa klike sou pou yon vizit an pèsòn
oswa vityèl.

Rele nou nan
1-844-324-HOPE (4673)

Oswa

Kansè pwostat se kansè ki pi popilè lakay gason (san konte kansè po) Ozetazini. Sa pral afekte youn (1) nan senk (5) gason nan lavi yo. Kansè pwostat parèt lakay gason ki nan laj prensipalman. Yo jwenn kansè pwostat souvan avan li gaye nan lòt pati kò an Pwostat lan se yon glann seksyèl ki gwosè yon nwa. Li kapab grandi ofi a mezi gason yo ap granmoun. Pwostat la anba vesi an epi anfas rèktòm lan. Li antoure pati siperyè irèt la, tib ki pote spèm nan ak pipi an sòti deyò nan kò an.

Kalite Kansè Pwostat

Adenokasinòm
Pifò ka kansè pwostat kòmanse nan selil glann yo ki fè likid pwostat lan. Yo rele kalite kansè sa adenokasinòm. Lòt kalite kansè kapab kòmanse nan pwostat lan. Sa gen ladan li selil kasinòm piti tou, selil kasinòm transisyonèl, epi sakòm lan. Men kalite kansè sa yo ra. Pifò gason yo ki gen kansè pwostat gen adenokasinòm.

Pami lòt kalite kwasans ki kapab afekte pwostat la gen ladan li:

Ipèplas pwostat inofansif (Benign prostatic hyperplasia (BPH)
Depann laj gason an, pwostat lan kapab grandi. BPH se kondisyon ki pi popilè. Pandan li pa kansè pwostat, li kapab lakòz presyon sou irèt la. Presyon nan irèt la, sa kapab lakòz pwoblèm pou pipi epi kapab trete.

Neyoplas entraepitelyal pwostatik (Prostatic intraepithelial neoplasia (PIN)
Kwasans pwostat anòmal ki pagen kansè kapab obsève avèk yon byopsi pwostat. PIN lan kapab nan grad enferyè oswa grad siperyè. PIN ki gen grad enferyè pi popilè lakay gason k ap vin granmoun yo. Gason yo ki gen PIN grad siperyè yo gen chans pou kansè sa a yon lòt kote nan pwostat lan.

Poukisa pou w chwazi sant Sylvester Comprehensive Cancer Center?

Sylvester se yon sant kansè deziyen NCI. National Cancer Institute te rekonèt Sylvester pou travay eksepsyonèl li fè rechèch nan laboratwa li yo, trete pasyan yo nan klinik li yo ak lopital li yo, epi lonje men nan kominote ki pa gen desèvi medikal ak estrateji prevansyon inovatè.

Zouti onkoloji radyasyon avanse. Avèk sistèm radyoterapi RapidArc® nou an ki bay terapi avèk reyon ekstèn ki gen enèji modile (intensity modulated external radiation therapy, IMRT). Zouti sa yo mennen nan trètman ki pi konpetan ak efikas, trètman ki pi kout, presizyon egzat nan zafè timè sible ak mwens domaj nan tisi ki an sante ki nan antouraj la.

Plis esè kansè klinik pase nenpòt lòt lopital nan Sid Florida la. Si li nesesè pou kansè w la ak estad li ye an, esè klinik nou yo ba w nouvo fason byen fasil pou trete ak pou geri avèk potansyèl kansè w la.

Youn nan sèlman sis Sant Ekselans Kansè deziyen nan Florid. Nou trete kansè, sèlman kansè, ak ba w pi bon rezilta posib. Chans pou siviv aprè senk (5) lane anba kansè nan yon Sant Konsakre a Kansè se 17 pousan pi wo pase nan lòt lopital yo.

Ekip swen miltidisiplinè ki gen ekspètiz yo rekonèt nan tout peyi an. Moun ki konpoze ekip swen w lan se ekspè nan kalite kansè w la egzat nan tout aspè li. Tout doktè w yo, enfimyè ak plis moun k ap kolabore pou sove lavi.

Ekspètiz radyografi k ap itilize teknoloji disponib ki pi avanse. Founisè ekspètiz nou an pèmèt yo pou fè diferans dekouvèt nòmal ak anòmal epi travay avèk ou pou devlope yon plan trètman pèsonèl pou bon dyagnostik lan.

Gwo enèji san radyasyon ki fokis sou iltrason ki pa envasif (high intensity focused ultrasound (HIFU). Solisyon sa a ki efikas anpil pou fè operasyon ak mwens doulè avèk efè segondè ki ba, diminye tan pou geri, pa pèdi san, diminye risk pou enkontinans ak enpwisans, kapab repete, si sa nesesè.

Premye Sant pou rezonans imaj avèk leman (Premier center for magnetic resonance imaging (MRI). Teknoloji MRI gide pou ede nou bay siveyans aktif ki presi epi idantifye radyasyon sible. Ou kapab gen konfyans pagen okenn trètman ki jistifye oswa terapi radyasyon bon.

Trètman ki rekonèt nan tout peyi an pou kansè pwostat. Ou kapab konte sou pwogram avanse kansè pwostat nou, pou swen ekspè. Nou nan top 10 pwogram Ozetazini. Anplis, pwogram Siveyans Atif, ki ede gason rantre an sekirite, an swen kansè konsèvatif, se pwogram ki pi enpòtan nan Florida epi nan top 5 pwogram pou Etazini. Nou se premye lopital nan tout peyi an ki gen otorizasyon konplè pou itilize robo Ablatèm avèk gwo enèji ki fokis sou iltrason (high-intensity-focused ultrasound (HIFU) pou trete kansè pwostat.

Defayans nan dyagnostik kansè pwostat. Iwològ nou yo itilize zouti dènye vèsyon pou fè dyagnostik kansè pwostat epi fè plan trètman pèsonèl. Nou te premye sant medikal nan Sid Florida ki itilize Byopsi Fizyon MRI - teknoloji avanse ki pèmèt nou idantifye kansè ki itilize jenetik ak imaj. Nou se premye sant medikal tou ki bay 4K score - yon tès san avanse ki kontwole kansè pwostat epi ede gide dezisyon trètman.

Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.

Trètman


Plizyè faktè diferan ede pou deside opsyon pou trètman kansè: laj, eta sante global, istwa medikal, degre maladi an, epi plis. Trètman kapab gen ladan li siveyans aktif, operasyon, terapi radyasyon, terapi òmòn, imoterapi, osinon kèk konbenezon terapi yo. Siveyans aktif kapab rekòmande pou kèk gason ki gen kansè pwostat nan premye estad ki sanble grandi dousman, menm jan pou gason ki granmoun yo oswa gason avèk pwoblèm medikal ki grav.

  • Operasyon

    Pou tout estad kansè peni, operasyon se trètman ki pi popilè an. Sylvester Comprehensive Cancer Center bay kalite operasyon sa yo, ki baze sou dyagnostik egzat ou an.

    • Pwostatektomi Total: Doktè an retire pwostat lan nèt, lè sa nesesè, tou prè glann lenfatif yo nan dekoupe ki piti anba vant lan. Nan kèk ka, doktè an kapab itilize operasyon ki kapab sove nè ki kontwole ereksyon an.

    • Prostatektomi Laparoskopik: Teknik sa a itilize dekoupe ki pi piti ak enstriman espesyalize pou retire pwostat la. Teknoloji avèk robo amelyore avantaj operasyon laparoskopik.

    • Reseksyon Transiret Pwostat lan (Transurethral Resection of the Prostate (TURP): Operasyon sa a fèt nan irèt lan avèk yon tib ki rele resektoskòp pou retire tisi pwostat la. An jeneral fèt pou BPH, operasyon sa kapab fèt tou pou diminye sentòm timè yo te lakòz avan yon lòt trètman fèt.

    • Iltrason ki Fokis sou Gwo Enèji (High Intensity Focused Ultrasound (HIFU): Pwosedi anbilan san reyon ki pa envasif sa a pou trètman kansè konekte sou ond iltrason gwo enèji pou trete sèlman pati pwostat ki te malad lan avèk presizyon epi san fè domaj alantou tisi an. Sylvester pami premye sant medikal yo Ozetazini ki bay sèvis HIFU zouti pou retire pwostat.

  • Terapi Radyasyon

    • Radyasyon ki briye Deyò: Pifò trètman radyasyon pwostat nan Sylveste avèk reyon ekstèn ki sòti nan kò an. Zouti teknolojik avanse k ap travay pou yo gen ladan yo RapidArc®, yon teknoloji avanse yo itilize avèk yon akseleratè lineyè pou bay terapi radyasyon ekstèn modile (intensity modulated external radiation therapy, IMRT). Sa diminye dire tan jiska nan yon mwatye oswa yon wityèm terapi radyasyon konvansyonèl la, ki pèmèt pou sible pi byen timè a epi diminye domaj nan tisi ki an sante ki tou prè yo.

    • Kiriterapi: Kiriterapi an se yYon solisyon pou terapi radyasyon ekstèn. Ki rele tou enplantasyon grenn radyoaktif, onkolojis reyon yo mete ti "grenn" avèk materyèl radyoaktif nan yo nan pwostat lan lè l ap sèvi ak iltrason pou dirije yo. Teknik sa a, ki rele kiriterapi avèk yon to dòz ki ba (low dose rate (LDR), retire radyasyon yo pou kèk semèn epi rete an plas nan yon fason pèmanan epi inofansif. Yon lòt teknik kiriterapi, ki rele to dòz kiriterapi ki wo (called high dose rate (HDR), la pou mete tanporèman yon sous radyoakti nan glann pwostat lan.

  • Kimoterapi

    Yo kapab ba w kimoterapi an nan ven oswa nan bouch sou fòm grenn. An jeneral se yon konbinezon medikaman pou konbat kansè. Kimoterapi an yo itilize li avèk lòt terapi yo kont kansè ki gaye deyò glann pwostat lan.

    • o Si w bezwen kimoterapi nan venn (enfizyon), ou ka fè li nan Comprehensive Treatment Unit (CTU) a nan lokal prensipal Sylvester a nan lokal prensipal la nan Miami. Se yon inite 12 000 pye kare ki gen ladan li 33 chèz ki kapab kage ak 11 sal prive. Poutan, si w prefere, ou ka pran trètman enfizyon w lan tou nan lokal Kendall, Plantation, Hollywood, Coral Springs, Coral Gables, ou Deerfield Beach.

  • Terapi avèk Òmòn

    Selil kansè pwostat bezwen òmòn gason pou yo devlope. Terapi òmòn anpeche selil kansè yo resevwa òmòn sa yo. Terapi òmòn kapab bay asosye avèk operasyon, medikaman, oswa lòt sibstans yo. An jeneral yo itilize li pou trete kansè ki deja fin gaye.

  • Sèvis Sipò

    Sikològ ak espesyalis swen palyatif disponib pou ede w entegre trètman kansè nan lavi yo. Sa a kapab fasilite chay la ak estrès nan trètman an. Mande onkolojis ou oswa enfimyè ou pou detay yo. Sèvis prezèvasyon fètilite ak konsèy yo disponib tou pou ede w nan desizyon ou yo anvan w sibi trètman tankou chimyoterapi oswa terapi radyasyon.


Tès


Anplis yon istwa medikal apwofondi avèk ekzamen fizik, pwosedi pou fè dyagnostik kansè pwostat kapab gen ladan li:

  • Egzamen Rektal Dijital

    Pwofeysonèl swen sante a fouye yon dwèt ki gen gan nan rektòm lan pou chèche yon pwostay ki laj, boul oswa lòt anòmalite.

  • Tès Pwostat Espesifik Antijèn (Prostate Specific Antigen (PSA)

    Yo kapab wè yon gwo kantite nan san gason ki gen kansè pwostat. Tès sa a mezire nivo antijèn lan. Li posib tou pou nivo PSA yo dwe wo lakay gason ki gen yon enfeksyon oswa enflamasyon nan pwostat lan oswa BPH.

  • Iltrason Transrektal

    Pandan tès sa a, yon sond menm jan an nan gwosè ak yon dwèt foure rantre nan rektòm pou egzaminen pwostat la. Aprèsa sond lan fè ond iltrason gwo enèji yo rebondi nan estrikti andedan yo, sa ki fè yon imaj. Teknik sa a kapab gide yon byopsi tou.

  • Imaj Rezonans avèk Leman (Magnetic Resonance Imaging, MRI)

    MRI ede irològ la idantifye ki pati nan pwostat la pou lè byopsi an. Sa fè nou konnen tou si kansè an gaye deyò pwostat lan.

  • Biyopsi Transrektal

    Yon zegwi ki fen foure rantre nan rektòm lan ak nan pwostat la. Aprèsa yo retire selil yo epi egzaminen yo.

  • Rezilta Gleason

    Aprè yon byopsi, patolojis la kapab fè yon nòt Gleason pou predi kijanf kansè an grav. Yo fè sa pandan y ap ekzamine selil yo nan yon mikwoskòp ak klase yo soti nan 2-10.

  • Tès Miltijèn yo

    Paske pa gen okenn timè ki gen yon sèl mitasyon, pwofil jenomik pèmèt patolojis la idantifye gwoup mitasyon yo nan echantiyon tisi timè w lan ak kreye yon pwofil timè pou ou. Pwofil sa kapab ede defini ta dwe jwenn avantaj pou yon kimoterapi avan operasyon, ki kalite trètman k ap pi efikas, ak konbyen tan ou bezwen pou trètman tankou chimyoterapi. Pwofil ou kapab ede predi si lesemi sanble kapab retounen epi pou kapab fè trètman jan sa dwe fèt la.

Asirans nou Asepte

Nòt: Plan sante ki gen kontra avèk UHealth aktyèlman yo nan yon lis pi ba a. Sepandan, tanpri konsilte konpayi asirans ou an pou w verifye si UHealth fè pati rezo konpayi asirans ou an.