Skip to Main Content

Kansè Ren

Randevou

Rele oswa klike sou pou yon vizit an pèsòn
oswa vityèl.

Rele nou nan
1-844-324-HOPE (4673)

Oswa

Kansè ren (ou renal) koumanse nan ren yo — de ògàn ki gen fòm grenn pwa ki anviwon gwosè yon pwen yon moun. Ren yo pa dèyè ògàn abdominal ou yo. Gen youn nan chak bò nan kolòn vètebral ou. Anviwon 62 700 nouvo ka kansè ren rive chak ane Etazini.

Sa depann sou anplè maladi a, yom sèl terapi ou konbinezon trètman ka jere kansè ren w lan. Kòm yon sant medikal akademik nasyonal, Sylvester ofri w trètman iltramodèn ki fen ladan l operasyon ki evite ren yo, laparoskopik ak operasyon robotik, iminoterapi, kriyoablasyon ak ablasyon radyofrekans.

Nou ka rekòmande tou "siveyans aktif" si w gen kansè ren k ap devlope lantman. Sa vle di nou ka evite trètman ki pa nesesè pou ou nan fason na p swiv ou avèk anpil atansyon, ak rete tann jiskaske kansè w la tounen yon vrè risk, swivan ka w la.

Kalite Kansè Ren

  • Kansè Selil Renal: Yo jwenn li nan kouch tibil nan ren an. Selil renal yo fabrike irin likid. Kansè selil renal konte pou anviwon 80 pousan nan kansè ren. Kansè selil renal se non ki pi popilè pou kansè ren.

  • Kansè selil tranzisyonèl iretè a ak pèlvis renal: Selil enfekte ki devlope nan pèlvis renal la (kote iretè yo konekte) ou nan iretè yo. Iretè se tib long ki konekte ren ak vesi a. Kalite kansè sa konte pou sèlman 7 pousan nan tout timè ren.

  • Timè Wilms: Sa se kansè ren ki pi popilè lakay timoun.

Poukisa pou w chwazi sant Sylvester Comprehensive Cancer Center?

Sylvester se yon sant kansè deziyen NCI. National Cancer Institute te rekonèt Sylvester pou travay eksepsyonèl li fè rechèch nan laboratwa li yo, trete pasyan yo nan klinik li yo ak lopital li yo, epi lonje men nan kominote ki pa gen desèvi medikal ak estrateji prevansyon inovatè.

Opsyon Radyasyon Avanse RapidArc® ki ofri terapi radyasyon modil entansite ekstèn (IMRT).. Teknoloji iltramodèn nou an ofri trètman ki pi konpetan ak efikas, dire trètman ki pi kout, presizyon ekzat nan zafè sible timè ak mwens domaj nan tisi ki an sante ki nan alantou a.

Plis esè klinik kansè pase nenpòt lòt lopital nan Sid Florid la. Si l nesesè pou kansè w la ak nan etap li ye a, esè klinik nou yo founi w nouvo fason pou trete ak pou potansyèlman geri kansè w la.

Youn nan sèlman sis Sant Ekselans Kansè deziyen nan Florid. Nou trete kansè, sèlman kansè, ak ofri w meyè rezilta posib. Pwobabilite pou siviv kansè aprè senk ane nan yon Sant Kansè Devwe se 17 pousan pi wo pase lòt lopital.

Ekip swen pliridisiplinè ki gen ekspètiz yo rekonèt nasyonalman. Kolaborasyon sove lavi. Moun ki konpoze ekip swen w lan se ekspè nan kalite kansè w la ekzakteman ak nan tout aspè nan li.

Ekspètiz nan imaj teknoloji avanse k ap itilize teknoloji ki plis avanse ki ekziste. Sa pèmèt nou diferansye ant twouvay nòmal ak anòmal, pou ofri w yon dyagnostik ki ekzat. Nou devlope yon plan trètman pèsonalize pou ou.

Yon pwogram ki klase wo nan zafè trètman kansè ren ak vesi. Nou ofri swen avanse pou kansè iwolojik epi nou klase pami 5 meyè pwogram kansè ren ak vesi nan peyi a. Iwològ nou yo devwe pou idantifye kansè bonè pou nou ka founi trètman ki pi efikas. Nou se te premye — ak sèl — sant medikal nan Sid Florid ki itilize Sistoskopi (Cystoscopy) Limyè Ble ranfòse avèk teknoloji imaj Cysview pou detekte ak idantifye kansè vesi.

Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.

Trètman


Trètman kansè ren baze sou kalite kansè ren ki dyagnostike a, sante jeneral ou ak istwa medikal ou, ak anplè maladi a. Ou resevwa sèvis ekip pliridisiplinè espesyalis kansè nou yo k ap travay ansanm pou devlope yon plan trètman konplè pou ou. Yon sèl terapi ou konbinezon terapi ka jere kansè ren w lan.

Trètman pou kansè ren gen ladan l:

  • Nefrektomi Pasyal

    Operasyon sa jis retire timè a anndan ren an ak kèk nan tisi ki nan alantou l. Pwosedi sa ka anpeche pèt fonksyon ren an lè lòt ren an andomaje (ou si yo deja retire l).

  • Nefrektomi Radikal

    Operasyon sa retire tout ren an, ak tout glann adrenal la, tisi ki nan anlantou yo ak souvan gangliyon lenfatik ki tou pre yo. Nou souvan rekòmande l pou timè ren ki pi laj ou ki anpil. Espesyalis nan Sylvester ka jeneralman fè sa laparoskopikman ak robotikman avèk ti ensizyon ak tan retablisman ki pi kout.

  • Nefwoureterektomi

    Teknik chirijikal sa ede nan ka kansè selil tranzisyonèl pèlvis renal ak iretè. Nou retire ren an, iretè ak blasa vesi a. Yo ka fè pwosedi sa tou robotikman avèk yon gwo degre presizyon.

  • Reseksyon Segmantè Iretè

    Pou kansè selil tranzisyonèl pèvis renal ak iretè a tou, pwosedi sa retire pati nan iretè a ki gen kansè a ak kèk nan tisi ki an sante ki nan anlantou li. Yo re-atache pwent iretè yo. Yo itilize trètman sa nan ka sipèfisyèl lè kansè a sèlman nan tyè enferyè iretè a, tou pre vesi a.

  • Ablasyon Radyofrekans (RF) ak Kriyoablasyon (Friz)

    Yo ka itilize tanperati ki wo anpil ou ba nan yon fason envazif minimal pou tiye selil kansè san operasyon.

  • Anbolizasyon Ateryèl

    Yo ka ratresi timè a avèk anbolizasyon ateryèl si operasyon pa posib. Nou kreye yon ti ensizyon ak plase yon katetè nan veso sangen ki sikile nan ren an. Yo relache ti moso yon jelatin espesyal pou bloke sikilasyon san nan ren an. Sa anpeche selil kansè yo jwenn oksijèn ak lòt sibstans yo bezwen pou grandi. Yo ka itilize l tou anvan yon operasyon pou fè operasyon an pi fasil.

  • Terapi radyasyon Ekstèn

    Teknik sa voye yon gwo nivo radyasyon presizeman ak dirèkteman nan selil kansè gras ak yon machin ki fikse sou kò a. Lè w konpare l ak lòt kansè, kansè ren yo plis rezistan ak radyasyon. Radyasyon estereyotaktik modèn reyisi simonte rezistans sa yo. Lè yo founi gwo dòz radyasyon pandan yon sèlman kèk grenn trètman ka bay kòm rezilta amelyorason kontwòl timè a ak doulè.

  • Kimoterapi

    Itilizasyon medikaman antikansè pou trete selil kansè travay, nan majorite ka. Kimoterapi entèfere avèk abilite selil kansè gen pou yo grandi ou repwodui. Yo ka bay medikaman sa yo nan venn ou nan bouch, sou fòm yon tablèt.

  • Terapi Biyolojik

    Yo rele l tou iinoterapi, metòd sa konbat kansè gras ak itilizasyon materyèl kò a fabrike, ou nan yon laboratwa, pou restore defans natirèl kò a kont maladi. Interferon ak Interleukin se de ekzanp medikaman biyolojik yo itilize nan trètman kansè selil renal.

  • Terapi òmòn

    Sa ede ajiste ou bloke lòt òmon natirèl kò a pwodui. Kalite terapi sa yo itilize l nan yon ti kantite pasyan ki gen kansè ren avanse.

  • Terapi Sible

    Ajan antianjyojenik pèmèt trètman kansè selil renal avanse. Sa anpeche veso sangen yo fòme yon timè, ki lakoz timè a mouri grangou ak sispann devlope ou ratresi. Antikò monoklonal ak inibitè kinaz se de ekzanp espesifik ajan antianjyojenik yo itilize nan trètman kansè selil renal.


Tès


Anplis yon istwa medikal apwofondi ak ekzamen fizik, pwosedi pou dyagnostike kansè ren ka gen ladan yo:

  • Iltrason

    Yo itilize ond son anpil frekans ak yon òdinatè pou pwodui foto veso sangen, tisi ak ògàn. Yo depann sou iltrason pou gade ògàn entèn yo jan y ap fonksyone, ak pou evalye kijan san koule atravè divès kalite veso.

  • Seyans Eskanè CT-Scan (Computed Tomography)

    Ct-scan depann sou yon konbinezon reyon-X ansanm avèk teknoloji òdinatè pou pwodui imaj orizondal, ou aksyal ògàn pèlvyen yo. Yo plis detaye pase reyon-X jeneral yo ak chache anòmalite ren yo ou lòt estrikti.

  • Imaj Rezonans Mayetik (Magnetic Resonance Imaging, MRI)

    Kalite seyans eskannè sa konbine itilizasyon yon gwo leman, radyo-ond ak yon òdinatè pou kreye imaj estrikti ak ògàn ak estrikti ki nan kò w.

  • Tès Pipi

    • Analiz pipi: Ekzaminen yon echantiyon pipi, gade ni koulè ni kontni, tankou pwoteyin, selil globil san wouj ak globil blan ak sik.

    • Sitoloji pipi: Ekzaminen yon echantiyon pipi anba yon mikwoskòp pou chache selil anòmal.

  • Etid Chimi San

    Yo pran yon echantiyon san epi yo ekzaminen l pou mezire nivo kèk sibstans ren yo relache nan sikilasyon sangen an. Yon kantite ki jeneralman pi wo ou pi ba pase nòmal la ka yon endikatè maladi ren.

  • Tès Fonksyon Fwa

    Yo ekzaminen yon echantiyon san pou chache nenpòt kantite inabityèl anzim espesifik, ki ka endike kansè pwopaje nan fwa a.

  • Ireteroskopi

    Yo fouye yon iretewoskòp, yon tib fen, atravè irèt la nan iretè la, vesi ak pèlvis renal. Yo ka ensere yon zouti atravè ireteroskòp pou biyopsize echantiyon tisi ki ka ekzaminen anba yon mikwoskòp, pou chache pou siy maladi.

Asirans nou Asepte

Nòt: Plan sante ki gen kontra avèk UHealth aktyèlman yo nan yon lis pi ba a. Sepandan, tanpri konsilte konpayi asirans ou an pou w verifye si UHealth fè pati rezo konpayi asirans ou an.