Trètman


Trètman kansè nan testikil baze sou plizyè faktè: sante jeneral avèk istwa medikal, rechèch maladi, avèk lòt faktè endividyèl. Ou gen sèvis ekip miltidisiplinè espesyalis kansè nou yo ki pral travay ansanm pou devlope yon plan tretman konplè pou ou menm avèk kansè ou.

  • Operasyon

    Operasyon se prèske toujou trètman an premye pou kansè nan testikil. Sepandan, anlèvman tesikil la (orchiectomy inguinal) avèk kèk nan nè lenfatik yo ki nan anba vant lan kapab fèt pandan dyagnostik epi etap yo. Etap I pasyan yo geri avèk anlèvman tèstikil yo 85 pousan nan ka yo, san kimoterapi.

  • Kimoterapi

    Objektif la nan kimoterapi se touye selil kansè ki rete pou kansè pa tounen. Souvan, pasyan yo konsidere tankou yon bon oswa entèmedyè pou risk yo kapab geri avèk kimoterapi apre yo fin retire testikil la. Ou kapab pran medikaman sa yo nan bouch oswa nan venn epi sou fòm tablèt.

    • Si w bezwen kimoterapi nan venn (enfizyon), ou kapab fè l nan Comprehensive Treatment Unit (CTU) nan lokal prensipal Sylvester ki nan Miami. Se yon inite 12.000 pye kare ki gen ladan l 33 chèz ki kapab kage avèk 11 chanm prive.

    • Ou kapab pran trètman enfizyon w lan tou nan lokal Kendall, Plantation, Hollywood, Coral Springs, Coral Gables, ou Deerfield Beach.

  • Terapi Radyasyon

    Terapi radyasyon ekstèn vize wo nivo radyasyon nan selil kansè yo. Tretman radyasyon yo fèt san doulè epi anjeneral dire sèlman kèk minit. Pifò kansè testikil kapab geri avèk operasyon epi kimoterapi. Sepandan, seminòm, yon kalite kansè testikil, kapab trete avèk terapi radyasyon aprè operasyon avèk yon nivo swen ki rive 98 pousan.

  • Swen Sipòtif

    Espesyalis swen palyatif avèk sikològ yo disponib pou ede ou simonte tretman kansè nan lavi ou. Swen palyatif kapab diminye nivo strès ou yo avèk lòt traka. Espesyalis nan Depatman iroloji nan Inivèsite Miami a ofri tou konsèy fètilite pou pasyan kansè gason yo pou ede ou eksplore opsyon ou yo epi pran desizyon konsènan prezèvasyon fètilite anvan ou sibi tretman, tankou retire tèstikil yo, kimoterapi oswa terapi radyasyon.