Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.

Trètman


Majorite moun yo dyagnostike avèk kansè vesi gen timè sipèfisyèl ak nonenvazif. Trètman pou timè sa yo souvan efikas anpil avèk yon prononstik ki ekselan. Sa depann sou dyagnostik la, yo ka jere kansè vesi ak yon sèl terapi ou yon konbinezon trètman, ki gen ladan l:

  • Reseksyon Transiretral

    Se yon tib fen ki gen limyè yo rele sistoskòp yo fouye nan vesi a atravè irèt la. Apre sa yo itilize yon zouti ki gen yon ti bouk fil piti pou retire timè a oubyen yo boule tisi kansè a avèk elektrisite ki gen gwo enèji.

  • Sistektomi Segmantè

    Chirijyen an retire yon ti pati nan vesi a ki gen tisi kansè a. Pwosedi sa plis efikas lè gen yon sèl kote ki gen selil kansè nan vesi a.

  • Sistektomi Radikal

    Pwosedi sa enplike anlèvman vesi a, gangliyon lenfatik ki tou pre vesi a, ak nenpòt ògàn ki tou pre a ki gen selil kansè. Doktè w la ka rekòmande metòd sa si gen plizyè kote ki gen kansè nan vesi w ak si gen metastaz (kansè a pwopaje) nan lòt pati. Nan fanm, yo souvan pèfòme anlèvman matris la atravè isterektomi an menm tan paske iteris la t ap otreman pèdi sipò l. Yo souvan bay kimoterapi ancan sistektomi lè kansè vesi a envazif.

  • Konstriksyon Neovesi

    Nan kèk pasyan ki pi jèn ki pa genyen okenn kondisyon kwonik, ak chans pou kansè a reparèt minim pou yo, yon fè yon ranplasman vesi apati tisi entestinal yo. Olye yo kreye yon ouvèti pou dewoute pipi nan po a, chirijyen an ranplase vesi ki gen kansè a avèk nouvo vesi a ak konekte l ak irèt la. Teknik sa disponib pou ni fanm ni gason, li pèmèt atenn kontinans prèske nòmal.

  • Terapi Radyasyon Reyon Ekstèn

    Zouti teknolojik avanse k ap travay pou yo gen ladan yo RapidArc®,yon teknoloji avanse yo itilize pou livre terapi radyasyon ekstèn modile (intensity modulated external radiation therapy, IMRT). Sa dimintye dire tan jiska mwatye ak yon uityèm dire terapi radyasyon konvansyonèl la, ki pèmèt sible timè a ak plis ekzaktitid epi diminye domaj nan tisi ki an sante ki tou pre yo.

  • Terapi Radyasyon Entèn

    Ni radyasyon entèn ak ekstèn, ou youn oubyen lòt, yo ka itilize yo nan trètman kansè vesi a. Avèk radyasyon entèn, yon enplant radyasyon nan vesi a ofri yon enpak dirèk nan selil kansè yo. Radyasyon ekstèn, sepandan, itilize yon machin ki deyò kò a pou dirije reyon sou pati ki pi laj.

  • Terapi Biyolojik ou Iminoterapi

    Trètman sa repoze sou sistèm imin pasyan an pou konbat kansè. Yo trete pasyan an ak yon terapi biyolojik entravesikilè yo rele BCG (Bacillus Calmette-Guérin) aprè kansè a fin pwopaje. BCG se yon solisyon yo plase dirèkteman nan vesi a ak yon katetè, pandan yon ti tan kout, epi yo repete sa atravè yon seri trètman. Nan yon kansè vesi nonenvazif, apwòch biyolojik sa sa se jeneralman yon sèl remèd.