Skip to Main Content

Kansè Iterin avèk Andometryal

Randevou

Rele oswa klike sou pou yon vizit an pèsòn
oswa vityèl.

Rele nou nan
1-844-324-HOPE (4673)

Oswa

Kansè iterin afekte plis pase 66.000 fanm nan yon ane. Yon valè 80 pousan timè iterin yo se andometryal adenokasinòm, kansè yo ki kòmanse nan andometryòm nan (liy ki andedan iteris la). Sa kèk pwofesyonèl rele kansè iterin se sakòm, ki pwodwi yon valè 2 jiska 4 pousan kansè iterin yo.

Kè lòt kalite kansè iterin ki ra yo gen ladan:

  • Timè Stròmal yo (Stromal tumors): Sakòm stromal andometryal yo devlope nan tisi konektiv la (stroma) andomèt la. Kansè sa yo reprezante lan mwens yon pousan tout kansè iterin yo. Timè sa yo pran yon grad ki fèb epi tou gwosi lantman.

  • Timè Trofoblastik Gesyonèl (Gestational trophoblastic tumors): Kansè ki ra sa delope andedan iiteris la nan tisi yo ki te fèt aprè konsepsyon yo.

Poukisa pou w chwazi sant Sylvester Comprehensive Cancer?

Sylvester se yon sant kansè deziyen NCI. National Cancer Institute te rekonèt Sylvester pou travay eksepsyonèl li fè rechèch nan laboratwa li yo, trete pasyan yo nan klinik li yo ak lopital li yo, epi lonje men nan kominote ki pa gen desèvi medikal ak estrateji prevansyon inovatè.

Plis Doktè ki gen Eksperyans pou pran Swen w. Sylvester trete plis pase 5.000 pasyan avèk kansè chak ane. Ekip devwe doktè nou yo nan Sylvester gen yon gwo pwofondè avèk lajè nan eksperyans trete kansè inik ou a.

Ekip Swen Miltidisiplinè founi ekspètiz yo rekonèt nasyonalman. Espesyalis doktè ou a pale youn avèk lòt, fas a fas, sou yon baz regilye epi planifye bon swen pou ou avèk kansè espesifik ou a. Epi, ou kapab espere wap jwenn kalib swen sa pandan plizyè ane k ap vini. Sylvester genyen tou sèl bous onkoloji jinekolojik nan Sid Florid k ap fòme nouvo jenerasyon doktè yo.

Ekspè nan prezèvasyon fètilite. Ou pa oblije chwazi ant fètilite alavni avèk trètman kansè. Espesyalis nan University of Miami Fertility Center nan Depatman obstetrik avèk jinekoloji ofri konsiltasyon fètilite pou pasyan kansè gason avèk fanm pou ede ou eksplore opsyon ou yo epi pran desizyon konsènan fètilite prezèvasyon anvan ou sibi tretman tankou kimoterapi oswa terapi radyasyon.

Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.

Trètman

  • Isterektomi

    Tou depann limit kansè ou a, yon iterektomi retire tout oswa yon pati nan matris la epi li kapab gen ladan estrikti ki antoure yo. Kounye a, 80 a 90 pousan nan isterektomi yo fèt avèk robo. Tou depann sitiyasyon endividyèl ou a, chirijyen ou a kapab rekòmande pou resevwa terapi radyasyon oswa terapi òmòn pou touye nenpòt selil kansè ki rete yo.

  • Biyopsi Gangliyon Lenfatik Santinèl

    Kansè a gen plis chans pou yo gaye nan timè nan nè lenfatik sentinèl la. Yo enjekte yon lank piki tou pre timè a epi ki travèse nan kanal lenfatik la pou rive jwenn nè lenfatik yo. Paske lank lan fè nè santinèl yo klere anba linèt espesyal, depistaj nè sentinèl ogmante pou 95 pousan oswa pi plis. Chèchè nan Sylvester yo mennen tès entènasyonal pou valide wòl biopsi sou nè santinèl la nan kansè vilv.

  • Terapi radyasyon Ekstèn

    Terapi sa voye wo nivo radyasyon tou dwat nan selil kansè yo. Depi radyasyon yo sèvi pou touye selil kansè yo epi pou diminye timè yo, espesyalis ou pral itilize plak pwotèj espesyal pou pwoteje tisi ki antoure zòn trètman an.

  • Terapi Radyasyon Entèn

    Terapi radyasyon yo fèt pi prè kansè a posib, anpil fwa andedan kò a. Pou timè ki pa genyen anpil risk, yo kapab itilize brachiterapi pou vajen. Risk entèmedyè kapab mande ni brachiterapi avèk kèk terapi radyasyon ekstèn. Pou pasyan ki gen anpil risk, yo kapab bay terapi radyasyon avèk kimoterapi. Se poutèt sa ou vle espesyalis radyasyon jinekolojik nan Sylvester pou planifye tretman ou a.

  • Kimoterapi

    Terapi sa se yon konbinezon medikaman k ap konbat kansè yo kapab pran l nan venn pou tiye nenpòt selil kansè ki rete nan kò a.

  • Terapi òmòn

    Kèk kansè selil mande pou òmòn yo grandi. Yo itilize òmòn terapi pou yo sispann kwasans sa a. Medikaman yo kapab diminye òmòn sa yo nan kò a. Medikaman kapab bloke òmòn sa yo epi kenbe yo pou yo pa travay nan selil kansè yo.

  • Terapi Sible

    Medikaman yo sèvi pou yo idantifye avèk atake selil kansè ki se yon menas yo san yo pa nwi selil ki nòmal yo. Anpil terapi sible yo te jwenn apwouvasyon avèk FDA epi yo kapab gen ladan yo:

    • Ajan Antyajyojèn yo: Sa yo se ajan ki anpeche timè a soti pou fòme nouvo veso sangen pou nouri li. Plizyè nan yo te jwenn etid ki fèt sou yo nan tès klinik yo.

    • Sib Mamalyen Inibitè Rapamisin yo (mTOR): Nan kansè, mTOR souvan afekte ipèaktivite ki ankouraje devlopman avèk pwogresyon kansè. Nan kèk kansè, li kreye rezistans nan kimoterapi. Rechèch sou terapi sa a sanble prometè.


Tès


Chak nouvo egzamen pasyan nan Sylvester kòmanse avèk yon istwa detaye. Sa kapab genyen egzamen oswa tès sa yo ki fèt aprè l:

  • Ekzamen Fizik, tankou yon Ekzamen Pèlvik

    Pandan egzamen sa, doktè a tcheke vajen an, rèktòm, avèk ba vant la pou mas oswa kwasans. Depi kansè sa soti nan andedan matris la, yon Pap tès kapab pa ka efikas pou deteksyon.

  • Transvajinal oswa Egzamen Iltrason Transvajinal

    Egzamen sa egzamine vajen, iteris, tronp falòp, avèk vesi a. Yon transdisè iltrason (probe) ki bondi ond sonò ki genyen enèji avèk wo nivo sou tisi entèn oswa ògàn yo. Eko sa yo fòme foto tisi kò a yo rele yon sonogram. Doktè a kapab fè yon byopsi si andometri a sanble twò epè.

  • Dilatasyon epi kitaj

    Yon D&C se yon kalite byopsi. Pandan pwosedi sa, echantiyon tisi yo anlve nan pawa andedan iteris la. Sèviks la dilate, epi doktè ou a sèvi avèk yon kirèt (enstriman an fòm kiyè) oswa yon ti, tib fleksib pou retire tisi. Li souvan fèt lè yo bezwen pi gwo kantite echantiyon tisi. Li fèt anjeneral nan lopital la oswa sant chirijikal avèk yon anestezi jeneral oswa lokal. Ou kapab jwenn tisi pou byopsi tou avèk yon biopsi andometri, yon pwosedi biwo senp.

  • Byopsi andometryal

    Yon byopsi se pi bon fason pou konfime yon dyagnostik kansè. Yon echantiyon tisi andometryal rasanble epi yo jwenn analiz ki fèt sou yo pou chèche si genyen selil ki nòmal oswa pa nòmal nan li. Byopsi sa souvan fèt nan biwo yon doktè. Li ta kapab fèt tou tankou pati yon D&C.

  • Isteroskopi

    Pandan pwosedi sa, doktè ou a fè yon byopsi nan tisi andometrial la, pandan l ap voye je gade andedan iteris la avèk yon ti zouti tankou teleskòp. Yo retire epi egzamine nenpòt kwasans pou selil kansè yo. Yo kapab fè isteroskopi nan biwo doktè ou a avèk yon sedatif, oswa tankou yon pwosedi pou pasyan ekstèn avèk anestezi jeneral.

    Lè chirijyen an gen tisi ki nesesè, ekip patolojik la ap fè tès anplis sou tisi yo fè byopsi sou yo a pou detèmine si kwasans lan se kansè oswa pre kansè, sou ki vitès kansè a ta kapab grandi epi gaye, epi ki jan kèk tretman kapab travay.

  • Profil Timè Jenomik

    Yo rele l tou tès ADN somatik, se sa ki fè presizyon medikaman. Li gade siyati molekilè timè w la pou idantifye karakteristik ki moutre ki agresivite li genyen epi ki kalite trètman k ap travay pi byen.

    Si yo wè kansè a, tès anplis yo kapab fèt pou detèmine kijan li gaye, oswa etap kansè a:

    • Esè CA 125: Sa a se yon tès san ki mezire nivo yon sibstans selil la lage nan san an. Yon nivo ki ogmante nan CA 125 se ka yon siy kansè oswa yon lòt kondisyon.

    • Iminoistochemi/Immunohistochemistry (IHC): Yo pral fè tès depistaj sa sou pasyan ki fèk fè dyagnostik pou kansè andometri tankou yon pati evalyasyon patoloji an pou fè konnen si maladi andometri ou a te fèt akòz yon kondisyon ki mal fonde, epi si li nesesè pou fè yon tès jenetik. Gen drapo wouj pou kansè ereditè posib yo, ki gen ladan gen yon manman, pitit fi, oswa sè ki te gen yon kansè jinekolojik. Epitou, genyen yon istwa fanmi ki gen kansè nan tete oswa kolon tou se yon gwo risk pou devlope kansè andometryal. Risk pou kansè iterin se lavalè senk pousan. Nou kapab ede ou pran desizyon sou apwòch pou tès depistaj avèk tretman. Si ou panse ou tonbe nan youn nan kategori sa yo, mande doktè ou yon rekòmandasyon nan klinik jenetik kansè a, oswa rele (305) 243-6006 pou mande yon randevou nan kansè jenetik klinik la.

    • Seyans eskanè (Computed Tomography (CT ou CAT)): Yon seri foto an detay nan zòn andedan kò a yo te pran nan lòt ang diferan. Pwosesis la kapab fèt avèk piki oswa nan bouch avèk yon lank pou fè ògàn oswa tisi yo parèt pi klè pou yo wè lyen ògàn yo.

    • PET-scan (Tomografi Emisyion Pozitron): Yon ti kantite glikoz (Sik) radyoaktif yo enjekte nan venn. Lè sa, Eskanè PET la vire nan alantou kò ou epi fè yon foto nan kote kò ou a kenbe sik la. Selil timè malfezan yo parèt klere nan imaj yo paske yo pi aktif epi yo sèvi avèk plis glikoz pase selil nòmal yo.

    • Imaj Rezonans Mayetik (Magnetic resonance imaging, MRI): Pou tès sa, espesyalis yo itilize yon leman, ond radyo, epi yon òdinatè fè yon seri foto an detay nan zòn andedan kò a.

Asirans nou Asepte

Nòt: Plan sante ki gen kontra avèk UHealth aktyèlman yo nan yon lis pi ba a. Sepandan, tanpri konsilte konpayi asirans ou an pou w verifye si UHealth fè pati rezo konpayi asirans ou an.