Trètman

  • Operasyon

    Pifò fi yo pral fè operasyon kansè vilv, swa li menm pou kont li oswa an kowòdinasyon avèk lòt terapi yo. Depann nan ki estad kansè ou an ye nan pwosesis trètman, doktè ou an pral defini si terapi radyasyon feso ekstèn oswa kimoterapi dòz ki ba asanm avèk terapi radyasyon pral fè trètman ou an mache pi byen.

    Objektif operasyon an se pou retire kansè an nan vilv lan epi kenbe plis tisi nòmal ki ozanlantou ki posib. Pandan plizyè ane, onkolojis yo te an mezi pou devlope teknik operasyon yo ki pa twò radikal pandan y ap kenbe to trètman potansyèl operasyon yo.

    • Operasyon ak Lazè: Espesyalis yo itilize reyon lazè olye yon eskalpèl pou fè dekoupe tisi an oswa pou retire sifas lezyon an oswa timè an.

    • Eksizyon Lokal Elaji (Wide Local Excision): Anpil operasyon pou kansè vilv kapab jis retire kansè an ak yon maj klè nan tisi nòmal ki alantou li an.

    • Eksizyon Lokal Radikal (Wide Local Radical): Nan ka kote kansè a plis gaye, pwosedi chirijikal lan pou retire kansè an kapab bezwen yon gwo kantite tisi nòmal ki alantou li, menm jan tou glann lenfatik ki tou prè nan lenn lan.

    • Vilvektomi: Pwosedi chirijikal sa a retire pati oswa tout vilv lan nèt.


    Menm si doktè a fin retire tout pati vizib kansè an nan moman operasyon an, kèk kapab swiv kimoterapi oswa terapi radyasyon pou tiye nenpòt selil kansè ki te rete.

  • Byopsi Glann Lenfatik Santinèl

    Kansè a gen plis chans pou li gaye sòti nan timè ale nan glann lenfatik sentinèl la. Yo enjekte yon koloran tou prè timè a epi ki travèse nan kanal lenfatik yo pou rive jwenn glann lenfatik yo. Paske koloran lan fè glann santinèl yo klere anba linèt espesyal, depistaj glann sentinèl lan ogmante a 95 pousan oswa pi plis. Chèchè nan Sylvester yo mennen tès entènasyonal pou valide wòl byopsi sou glann santinèl la nan kansè vilv.

  • Kimoterapi

    Kimoterapi se yon konbinezon medikaman ki konbat kansè yo lage nan venn ou nan pou kapab tiye selil kansè ki rete yo. Sylvester bay yon nouvo trètman ki anpeche pou retire plis glann lenfatik, menm si yo sispèk santinèl yo. Anvan operasyon, yon seyans eskanè iltrason lenn lan kapab mete aksan sou glann lenfatik ki enplike, elajisman glann lan di sa. Lè yo itilize kimoterapi anvan operasyon (kimoterapi neyoadjivan), li kapab konvèti yon glann lenfatik pozitif a negatif lè yo te fè byopsi, pou evite retire plis glann lenfatik.

  • Kimoterapi Lokal

    Kimoterapi an kapab aplike lokalman nan vilv lan an krèm oswa losyon.

  • Iminoterapi

    Kalite trètman sa a itilize sistèm iminitè ou pou li konbat kansè li an. Espesyalis yo itilize sibstans kò w fè yo oubyen yo fè nan laboratwa pou ranfòse, dirije ou restore defans natirèl ou kont kansè. Yo kapab itilize terapi imikimòd ki se yon krèm yo aplike sou po an pou trete lezyon vilv.