Skip to Main Content

Timè Neowandokrin Pankreyatik

Randevou

Rele oswa klike sou pou yon vizit an pèsòn
oswa vityèl.

Rele nou nan
1-844-324-HOPE (4673)

Oswa

Timè sa yo fòme nan selil ki kreye òmòn yo, oswa gwoup selil petit yo, nan pankreya a. Timè ki fòme nan selil yo rele timè selil islèt, timè andokrin pankreyas, oswa timè neoandokrin pankreyas, ki rele tou pankreatik NET oswa PNETs. Lè NET yo enfekte, yo rele yo tou kansè andokrin pankreyatik oswa selil islèt kasinòm.

Pifò pankretik NET yo se timè ki an fonksyon.

  • Timè ki an fonksyon yo kreye òmòn adisyonèl, tankou gastrin, ensilin, epi glikagon, ki lakòz siy ak sentòm.
  • Timoun ki pa fonksyonèl pa fòme òmòn anplis. Siy ak sentòm yo présipite pa timè a jan li pwopaje ak ap grandi. Pifò timè ki an fonksyon yo enfekte, oswa gen kansè.

Kalite NET pankreyatik ki an fonksyon

Gastrinòm
Timè sa a ki grandi nan selil yo ki kreye gastrin. Gastrin lan se yon òmòn ki nan digesyon manje ki lakòz lestomak lan libere yon asid.

Ensilinòm
Timè sa a fòme nan selil ki pwodwi ensilin yo. Ensilin lan kontwole kantite glikoz oswa sik nan san an. Li deplase glikoz nan selil yo pou pwodwi enèji.

Glikagonòm
Timè sa a fòme nan selil ki kreye glikagon yo. Glikagon an se òmòn ki ogmante kantite glikoz nan san w. Li lakòz fwa a degrade glikojèn lan.

VIPomas
VIPoma a se yon timè newoandokrin nan pankreya ki sekrete peptid vazoaktik nan entesten an. Li kapab rele tou sendrom Verne-Morrison.

Somatostatinòm
Ou jwenn yo nan selil ki fè somatostatin lan, sa yo se timè newoandokrin ki ra ki parèt nan pankreya a.

Poukisa pou w chwazi Sant Sylvester Comprehensive Cancer?

Swen avanse ki amelyore rezilta yo. Nan yon sant, to pou pasyan yo siviv se a 14 pousan pi wo pase nivo mwayèn nasyonal pou etap kansè pankreya ki parèt bonè oswa ta. Nou fè dyagnostik avèk trètman ki presi sou kansè ou an alò ou kapab fè eksperyans pou pi bon rezilta posib yo avèk potansyèl efè segondè negatif ki pi fèb yo.

Se youn pami twa Enstiti Rechèch Kansè Pankreyatik nan peyi Etazini. Ou genyen plis aksè ki ogmante pou trètman adekwat sa yo epi resous adisyonèl anplis pou pasyan yo avèk fanmi yo.

Plis tès kansè klinik pase nenpòt lòt lopital nan Sid Florida. Si sa apwopriye pou etap avèk kansè ou a, tès klinik nou yo bay ou aksè fasil yon fason ki pi resan pou trete epi geri kansè ou a.

Ekip swen miltidisiplinè. Moun ki konpoze ekip swen w lan se espesyalis kalifye nan tout aspè kansè ou a. Tout doktè w yo, enfimyè avèk plis ankò ap kolabore pou sove lavi.

Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.

Trètman

  • Operasyon

    Yon operasyon kapab nesesè pou retire timè an.

    • Enikleyasyon: Lè kansè an parèt yon kote nan pankreya, operasyon sa a kapab retire kansè an sèlman.

    • Pwosedi Whipple (Pankreyatodwodenektomi): Yon pwosedi chirijikal ki fèt pou retire tèt pankreya ou an, vezikilbilè an, tou prè glann lenfatik epi pètèt yon pati nan vant la, ti trip, ak kanal bil, depann sou kondisyon ou. Chirijyen a kite ase nan pankreyas yo pwodwi ji dijestif ak ensilin.

    • Pankreyatektomi Distal: Operasyon sa a se pou retire kèk pati nan pankreyas a, ki gen ladan kò a ak ke an. Chirijyen an kapab deside pou retire larat ou. depann sou kondisyon w.

    • Gastrektomi Total: Operasyon sa a fèt pou retire tout vant lan nèt.

    • Selil paryetal vagotomi: Operasyon sa a fèt pou koupe nè ki lakòz selil ki nan vant lan fè asid.

    • Reseksyon Fwa: Operasyon sa retire yon pati oswa tout fwa a nèt.

  • Kimoterapi

    Avèk kimoterapi, medikaman la pou kanpe kwasans selil kansè yo swa touye yo osinon anpeche yo divize. Pran nan bouch oswa lage nan venn oswa misk (kimoterapi sistemik), medikaman kimoterapi yo rantre nan san epi chèche tout selil kansè ki chita nan kò an. Lè yo fè chimyoterapi an dirèkteman nan likid sefalo rachidyen, yon ògàn, oswa yon kavite kò tankou vant lan (kimoterapi nan yon kote), medikaman yo afekte selil timè ki nan zòn sa yo.

    • Si w bezwen chimyoterapi nan venn (enjeksyon), ou kapab fè li nan Comprehensive Treatment Unit (CTU) a nan lokal prensipal Sylvester a nan Miami, ki se yon inite 12.000 pye kare ki gen ladan l 33 chèz ki kapab kage ak 11 sal prive. Si w prefere, ou kapab pran trètman enjeksyon (piki) w lan nan lokal Kendall, Plantation, Hollywood, Coral Springs, Coral Gables, epi Deerfield Beach.

    • Terapi Cold Cap pou diminye Pèt Cheve: Sylvester bay terapi Cold Cap Terapi FDA apwouve pou diminye pèt cheve pandan kimoterapi. Terapi Cold cap mache lè yo refwadi po tèt ou pandan trètman an.

  • Terapi Òmòn

    Kèk òmòn kapab lakòz kèk kansè grandi. Tètman sa a retire oswa bloke òmò yo epi kanpe selil kansè k ap grandi yo. Si tès yo montre selil kansè yo gen kote òmòn kapab tache, yo rekonèt tankou reseptè, medikaman, operasyon, oswa erapi radyasyoni yo itilize pou diminye pwodiksyon òmòn yo.

  • Operasyon pou rapwoche bò atè epatik oswa kimoanbolizasyon

    Operasyon pou rapwoche bò atè an itilize medikaman, patikil piti, oswa lòt ajan yo pou bloke oswa redwi sikilasyon san an nan fwa a nan atè epatik lan (sèl veso sangen ki pote san an nan fwa a). Sa a fèt pou touye selil kansè k ap grandi nan fwa a. Timè an anpeche ou li jwenn oksijèn ak eleman pou li nouri li bezwen pou li grandi. Fwa a kontinye resevwa san nan pòtay venn epatik lan, ki pote san nan vant lan epi entesten an.

    • Kimoterapi ki fèt pandan operasyon pou rapwoche bò atè epatik lan rele kimoanbolizasyon. Medikaman kont kansè an enjekte nan atè epatik la nan yon katetè (tib fen). Yo melanje medikaman an avèk yon sibstans pou bloke atè a epi koupe sikilasyon san ki ale nan timè a. Pifò medikaman antikanse pran nan pyèj tou prè timè an epi sèlman yon ti kantite medikaman an rive nan lòt pati ki nan kò an.
  •  

  • Terapi Sible

    Terapi ki sible se yon kalite trètman ki itilize medikaman oswa lòt sibstans yo pou idantifye epi atake selil kansè espesifik yo san yo pa nwi selil ki nòmal yo. Kèk kalite terapi sible yo te kòmanse etidye nan sant trètman NET pankreyatik.

  • Swen Sipò

    Yo bay terapi sipò souvan pou diminye pwoblèm maladi a lakòz oswa trètman yo.


Tès


Ansanm avèk yon egzamen fizik epi istwa medikal, yo kapab itilize tès avèk pwosedi sa yo:

  • Etid Chimik San

    Yon pwosedi kote yon echantiyon san verifye pou mezire kèk kantite sibstans, tankou glikoz (sik), ki lage nan san an gras a ògàn epi tisi ki nan kò a. Yon etranj (pi wo oswa pi ba pase nòmal) kantite sibstans kapab yon siy maladi.

  • Tès Kwomogranin A

    Yon tès kote yon echantiyon san verifye pou mezire kantite komogranin A ki nan san an. Yon kantite kwomogranin A ki pi wo pase nòmal avèk yon kantite nòmal òmòn tankou gastrin, ensilin, epi glukagon kapab yon siy NET ki pa fonksyonèl NET.

  • Eskanè tomografi abdominal kalkile/Abdominal Computed Tomography Scan (CT or CAT Scan)

    Yon pwosedi ki fè yon gwoup foto an detay abdomèn nan, nan ang diferan. Se yon òdinatè ki konekte avèk yon machin reyon. Yo kapab enjekte yon koloran nan yon venn oswa fè w bwè l pou ede yon ògàn oswa tisi yo ki parèt pi klè. Yo rele pwosedi sa tou yon tomografi kalkile (computed tomography), tomografi enfòmatize oswa tomografi aksyal enfòmatize.

  • Imaj Rezonans Mayetik (Magnetic Resonance Imaging, MRI)

    Yon pwosedi ki itilize yon leman, ond radyo, avèk yon òdinatè pou fè yon gwoup foto an detay pati andedan kò a. Yo rele pwosedi sa tou imaj rezonans mayetik nikleyè (nuclear magnetic resonance imaging, NMRI).

  • Sentigrafi reseptè somatostatin (Somatostatin Receptor Scintigraphy)

    Yon kalite eskanè radyonikleyid ki kapab itilize pou jwenn ti NET pankreya yo. Yon ti kantite oktreyotid radyoaktif (yon òmòn ki tache nan timè yo) ki enjekte nan yon venn epi vwayaje nan san an. Oktreyotid radyoaktif tache nan timè a avèk yon kamera espesyal ki detekte radyoaktivite ki itilize pou montre kote timè yo ye nan kò a. Pwosedi sa a rele tou eskanè oktreyotid avèk SRS.

  • Iltrason andoskopik (Endoscopic Ultrasound (EUS)

    Yon pwosedi kote yon andoskòp antre nan kò a, an jeneral nan bouch la oswa rèktòm nan. Yon andoskòp se yon ti, tib fen ki tankou yon enstriman avèk yon limyè epi yon lantiy pou gade. Yo itilize yon sond ki nan pwent andoskòp la pou bondi ond son ki gen anpil enèji (iltrason) sou tisi entèn yo oswa ògàn yo pou fè eko. Eko sa yo fòme foto tisi kò a yo rele yon sonogram. Pwosedi sa a yo rele tou andosonografi.

  • Andoskopik Retrograde Kolanjyopankreyatografi (Endoscopic Retrograde Cholangiopancreatography (ERCP)

    Yon pwosedi ki fèt pou radyografi kanal yo (tib) ki pote bil ki nan fwa a ale nan vesikil bilyè a epi ki nan vesikil bilyè a ale nan ti entesten an. Pafwa kansè nan pankreya lakòz kanal sa yo retresi epi bloke oswa ralanti bil k ap koule, ki lakòz lajònis. Yon andoskòp pase nan bouch la, nan esofaj, epi nan lestomak andedan premye pati ti entesten an. Yon andoskòp se yon ti, tib fen ki tankou yon enstriman avèk yon limyè epi yon lantiy pou gade. Yon katetè (yon tib ki pi piti) konsa ki nan andoskòp la pase andedan kanal pankreya la. Yon enjeksyon (piki) koloran pase nan katetè a nan kanal yo epi yo fè yon radyografi. Si yon timè bloke kanal yo, yon tib ki fen kapab antre nan kanal la pou debloke yo. Yo kapab kite tib sa (oswa anprent) an plas pou kenbe kanal la louvri. Yo kapab pran echantiyon tisi yo tou epi analize li nan yon mikwoskòp pou siy kansè.

  • Laparotomi

    Yon pwosedi chirijikal kote yon ensizyon (koupe) te fèt nan pawa abdomèn nan pou verifye andedan li pou siy maladi. Gwosè ensizyon an depann sou rezon laparotomi a yo te fèt la. Pafwa yo retire ògàn yo oswa yo pran echantiyon tisi yo pou fè analiz anba yon mikwoskòp pou siy maladi.

  • Iltrason entraoperativ/Intraoperative Ultrasound

    Yon pwosedi ki itilize ond sonò enèji ki wo (iltrason) pou fè imaj nan ògàn entèn yo oswa tisi yo pandan operasyon an. Yon transdidè mete dirèkteman nan ògàn la oswa tisi yo sèvi pou fè ond sonò yo, ki fè eko. Transdidè a resevwa eko yo epi voye yo nan yon òdinatè, ki itilize eko yo pou fè foto sa yo ki rele sonogram.

  • Byopsi

    Anlèvman selil yo oswa tisi yo pou yon patolojis kapab wè yo nan yon mikwoskòp pou tverifye siy kansè yo. Gen plizyè fason pou fè yon byopsi pou NET pankreya yo. Yo kapab retire selil yo avèk yon ti oswa yon zegwi laj ki antre nan pankreyas la pandan yon radyografi oswa iltrason. Yo kapab retire tisi qan tou pandan yon laparoskopi (yon koupi ki fèt nan pawa abdomèn nan).

  • Seyans Eskanè Zo

    Pèmèt nou wè nenpòt selil k ap divize rapidman, tankou selil kansè nan zo yo. Yo enjekte yon ti kantite materyèl radyoaktif nan yon venn epi ale nan san an. Materyèl radyoaktif la akimile nan zo sa yo kote selil kansè yo gaye epi yo detekte yo avèk yon eskanè. Lòt kalite tès laboratwa yo fè pou tcheke kalite espesifik NET pankreyas yo.

Asirans nou Asepte

Nòt: Plan sante ki gen kontra avèk UHealth aktyèlman yo nan yon lis pi ba a. Sepandan, tanpri konsilte konpayi asirans ou an pou w verifye si UHealth fè pati rezo konpayi asirans ou an.