Skip to Main Content

Kansè Pankreyatik

Randevou

Rele oswa klike sou pou yon vizit an pèsòn
oswa vityèl.

Rele nou nan
1-844-324-HOPE (4673)

Oswa

Yon glann ki gen fòm yon grenn pèch, pankreya a anviwon 6 pous epi lokalize ant vant ak kolòn vètebral la. Li fè ji ki ede w dijere manje, ak regilarize òmòn (tankou ensilin ak glikagon) ki kontwole nivo sik san, ede kò a itilize ak anmagazine enèji ki soti na manje. Kansè pankreyatik ki pi popilè a rele adenokasinòm diktal pankreyatik, ou (pancreatic ductal adenocarcinoma, PDCA). Li koumanse nan selil ekzokrin yo (sa ki pwodui ji dijestif yo).

Poukisa pou w chwazi sant Sylvester Comprehensive Cancer Center?

Swen avanse ki amelyore rezilta yo. Nan sant nou an, pasyan yo eksperyanse to sivivans jiska 14 pousan pi plis pase mwayèn nasyonal yo pou kansè pankreyatik prekòs ak ki nan dènye etap. Nou ofri dyagnostik ki plis ekzat ak trètman pou kansè w la ekzakteman pou w ka eksperyanse meyè rezilta posib ak mwens efè segondè potansyèl.

Youn nan ra Enstiti Rechèch Kansè Pankreyatik nan Etazini. Ou gen lib aksè avèk trètman iltramodèn ak resous adisyonèl pou pasyans ak fanmi.

Zouti onkoloji radyasyon avanse. Sylvester se youn pami sèlman senk sant medikal nan peyi a ki gen terapi radyasyon ViewRay™ — terapi radyasyon MRI-gide. Avèk, sistèm RapidArc® radyoterapi nou an ki founi terapi radyasyon ekstèn ki gen entansite modile (intensity modulated external radiation therapy, IMRT). Zouti sa yo mennen nan trètman ki pi konpetan ak efikas, dire trètman ki pi kout, presizyon ekzat nan zafè sible timè ak mwens domaj nan tisi ki an sante ki antouraj la.

Plis esè klinik kansè pase nenpòt lòt lopital nan Sid Florid la. Si l apwopriye pou kansè w la ak tout etap li ye a, esè klinik nou yo ap ba w aksè fasil nan pi nouvo fason ki pi resan pou trete ak potansyèlman geri kansè w la.

Ekip swen pliridisiplinè. Moun ki konpoze ekip swen w lan se ekspè nan kalite kansè w la ekzakteman ak nan tout aspè nan li. Tout doktè w yo, enfimyè ak plis lòt moun toujou kolabore pou sove lavi.

Premye pwofesyonèl swen sante nan Florid ki ofri radyochiriji NanoKnife® (elektwoporasyon erevèsib / IRE). Yo pèfòme l gras ak anestezi jeneral, pwosedi nou an bay yon vyet ti doulè, li ekzije sèlman yon ti ispotalizasyon ki tou brèf (jeneralman yon sèl nwit), epi gen tandans lakoz mwens efè segondè, sa ki ba w plis opsyon trètman pou timè ki p at operab oparavan.

Trètman ki sible kansè w la espesifikman. Nou se youn pami kèk sant nan Etazini ki ofri yon esè klinik nan medsin presizyon istorik. Medsin presizyon defini kansè w la swivan jèn ki kondi l, olye sèlman pozisyon l ak etap li ye a. Sa vle di kansè w la ap resevwa yon terapi espesyal ki baze sou karakteristik jèn li yo.

Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.