Skip to Main Content

Kansè Fwa

Randevou

Rele oswa klike sou pou yon vizit an pèsòn
oswa vityèl.

Rele nou nan
1-844-324-HOPE (4673)

Oswa

Fwa w se yon ògàn laj ki gen fòm yon piramid ak ki lokalize dèyè kòt la sou bò dwat kò w. Li divize ant lob dwat ak goj, travay li se ede dekonpoze ak anmagazine sibstans nitritif nan manje tankou sik, amidon, grès ak pwoteyin. Li fabrike pwoteyin ki ede kò a balanse likid; li fabrike faktè koagilasyon pou ede san an koagile ou vin pwès lè w ap senyen.

Youn nan travay enpòtan fwa a se pou filtre ak elimine toksin. Lè fwa a p ap mache kòrèkteman, sepandan, pwodui chimik ka rasanble ak lakoz domaj nan kò a. Paske tout san an pase atravè fwa a, li jeneralman pa aksesib pou selil kansè yo.

Gen de kalite kans fwa prensipal:

Kansè Fwa Primè
Kansè koumanse nan fwa w.

  • Kasinòm Epatoselilè (ou epatòm): Kat pami chak senk kansè fwa primè se epatòm. Epatòm koumanse nan epatosit — selil prensipal fwa a.
  • Kolanjyokasinòm Entrahepatik: Dis ak 20 pousan nan tout kansè fwa se kolanjyokasinòm, ki koumanse nan kanal bilyè yo (ti tib piti kote bil yo kite fwa a epi ale nan vesikil la ak trip yo pandan dijesyon).
  • Epatoblastom: Kansè fwa ra sa se yon kalite yo jeneralman jwenn lakay timoun.
  • Anjyosakòm: Yon lòt fòm kansè fwa ki pa popilè ki koumanse nan veso sangen yo anndan fwa a.

Kansè Fwa Segondè ou Metastatik
Kansè fwa ki koumanse nan diferan ògàn, tankou kolon an, tete, ou poumon, epi aprè pwopaje nan fwa a, yo rele l kansè fwa segondè. Yo trete l tankou kansè nan plasman orijinal la (primè). Majorite kansè fwa metastatik ki soti nan kansè lòt ògàn. Yo trete sa yo diferan ak timè primè yo ki koumanse nan fwa a. Pa egzanp, kilè kansè poumon has pwopaje nan fwa a, yo trete l tankou kansè poumon.

Poukisa pou w chwazi sant Sylvester Comprehensive Cancer Center?

Opsyon terapi radyasyon avanse tankou ViewRay (youn pami sèlman senk sant nan peyi a) ak RapidArc®, ak yon Siemens 40-slice eskanè CT 4D, ofri terapi radyasyon ekstèn modile (intensity modulated external radiation therapy, IMRT). Teknoloji iltramodèn nou an ofri trètman ki pi konpetan ak efikas, dire trètman ki pi kout, presizyon ekzat nan zafè sible timè ak mwens domaj nan tisi ki an sante ki nan alantou a.

Plis esè klinik kansè pase nenpòt lòt lopital nan Sid Florid la. Si l nesesè pou kansè w la ak nan etap li ye a, esè klinik nou yo founi w nouvo fason pou trete ak pou potansyèlman geri kansè w la.

Sèl sant Kansè Ekselans ki nomine nan Sid Florid. Nou trete kansè, sèlman kansè, ak ofri w meyè rezilta posib. Pwobabilite pou yon pasyan siviv kansè apre senk ane nan yon Sant Kansè Devwa 17 pousan fwa pi plis lè w trete nan yon Sant ki Devwe ak Kansè pase nan lòt lopital yo.

Ekip swen pliridisiplinè ki gen ekspètiz yo rekonèt nasyonalman. Kolaborasyon sove lavi. Moun ki konpoze ekip swen w lan se ekspè nan kalite kansè w la ekzakteman ak nan tout aspè nan li.

Aksè nan medsin presizyon. Nou defini kansè w la ak trètman li swivan jèn ki kondi l la, olye sèlman kote l lokalize a ak etap li ye.

Enfimyè navigatè yo asire yo ou pa janm pou kont ou nan pakou kansè w la. Nou asire nou resevwa tout dosye w gen deyò Sylvester yo, kowòdine randevou espesyalite, ak tès, epi reponn kesyon w yo.

Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.

Trètman


Avèk kansè fwa, gen yon varyete trètman ki ka itilize pou kont yo oubyen ansanm ak lòt trètman pou pwodui meyè rezilta pou kansè espesifik pa w la. Se pou sa dyagnostik ki byen fèt ak klasifikasyon etap yo enpòtan konsa. Espesyalis ou a ap eksplike chwa trètman w yo, ki degre siksè ki konte jwenn nan yo, ak risk ak efè segondè chak opsyon genyen.

  • Operasyon

    Yo pèfòme operasyon pou timè primè ki koumanse nan fwa a ak nan timè segondè (ki rele metastatik) ki vwayaje vin nan fwa a soti nan yon ògàn diferan tankou kolon an, poumon ou tete.

    • Epatektomi Pasyal: Pwosedi sa se pou retire yon pati nan fwa w. Rès tisi fwa a fonksyone tankou li te konplè epi ap regrandi nan majorite ka rive gwosè orijinal la ankò nan majorite ka.

    • Epatektomi Pasyal pa Etap: Pou timè ki laj ou pou plizyè timè, yo ka pèfòme operasyon an nan 2 etap. Yon ekip pliridisiplinè ki gen ladan l yon chirijyen ak yon radyològ entèvansyonèl ki travay ansanm.

    • Transplantasyon Fwa: Pou kèk pasyan ki gen kansè fwa primè ki koumanse nan fwa a (ak ki rete nan fwa a), chirijyen w lan ka rekòmande pou retire tout fwa a ak ranplase l ak fwa yon donè ki an sante.

  • Ablasyon

    Lè operasyon ka twò riske, ablasyon itilize teknik diferan pou detui tisi fwa ki anòmal, tankou:

    • Ablasyon Radiofrekans: Ond radyo ki gen anpil enèji chofe timè a pou touye selil kansè yo.

    • Ablasyon Etanòl (alkòl): Yo konnen l tou sou non enjeksyon etanòl pèkitane (percutaneous ethanol injection, PEI). Ye enjekte alkòl konsantre nan timè a pou tiye selil kansè yo.

    • Ablasyon Mikwo-ond: Yo aplike mikwo-ond dirèkteman nan timè a, sa ki pwodui chalè ki andomaje ak tiye selil kansè, oubyen rann yo plis sansib pou radyasyon ou terapi medikal.

    • Kriyoablasyon: Anba gidans iltrason, yo jele ak detui selil kansè yo.

  • Anbolizasyon

    Anbolizasyon se yon opsyon pou kèk pasyan ki gen timè yo a ki pa ka soti nan operasyon ou ablasyon. Anbolizasyon eseye bloke ou redui sikilasyon san nan selil kansè nan fwa a.

    • Kimoanbolizasyon: Founi timè a youn ou plizyè medikaman kimoterapetik konsantre ansanm ak yon ajan ki bloke veso sangen – tiye timè paske l enpoze l jwenn ak san pou nouri l.

    • Radyoanbolizasyon: Pwosedi sa sanble ak kimoanbolizasyon men avèk radyasyon olye medikaman.

    • Anbolizasyon Ven Pòtal: Yo souvan itilize l pou kandida reseksyon fwa ki nan limit la. Yo bloke kontak sangen an nan yon bò nan timè a, pou pèmèt lòt bò a grandi pou l vin gen yon gwosè ki konplètman fonksyonèl pou operasyon.

  • Terapi Radyasyon

    Zouti teknolojik avanse k ap travay pou yo gen ladan yo RapidArc®,yon teknoloji reyon ekstèn (yon machin ki deyò kò a k ap founi l) k ap livre terapi radyasyon ekstèn modile (intensity modulated external radiation therapy, IMRT). IMRT dimintye dire tan trètman jiska mwatye ak yon uityèm dire terapi radyasyon konvansyonèl la, ki pèmèt sible timè a epi diminye domaj sou tisi ki an sante yo.

  • Komiterapi (Terapi Medikal Sistemik)

    Yo ka ba w kimoterapi nan venn (enfizyon egwi) ou atravè yon konprime epi li se jeneralman yon konbinezon medikaman ki konbat kansè. Pafwa yo bay pasyan chirijikal yo kimoterapi apre pwosedi a pou elimine selil kansè ki rete yo ak redui chans pou kansè a retounen.

    • Si w bezwen kimoterapi nan venn (enfizyon), ou ka resevwa l nan Inite Trètman Konplè a (Comprehensive Treatment Unit, CTU) nan lokal prensipal Sylvester a nan lokal prensipal la nan Miami. Se yon inite 12.000 pye-kare ki gen ladan l 33 fotèy enklinab ak 11 sal prive. Ou ka pran trètman enfizyon w lan tou nan lokal Kendall, Plantation, Hollywood, Coral Springs, Coral Gables, ou Deerfield Beach.
  • Terapi Sible

    Trètman sa yo bati pou atake chanjman molekilè ki fè selil kansè yo grandi ak pwopaje. Yo bay kèk nan medikaman sa yo ansanm ak medikaman kimoterapi, pandan gen kèk lòt yo itilize pou kont yo. Objektif la se pou enpoze kansè grandi. Yo ka itilize terapi radyasyon pou ede kimoterapi rantre anndan timè a ak gen plis efikasite.


Tès


Pou detèmine opsyon trètman ak meyè chans retablisman depann sou etap kansè a (sa vle di si kansè a konsantre nan fwa a oubyen l pwopaje). Rekirans kansè ak sante jeneralou ka enfliyanse opsyon trètman w yo tou. Anplis yon istwa medikal atansyone ak konplè avèk ekzamen fizik, pwosedi pou dyagnostike kansè fwa a ka gen ladan l:

  • Tès Endikatè Timè Sewòm

    Yon verifye yon echantiyon san pou mezire nivo sibstans espesifik ki relache nan san an, tankou fetopwoteyin alfa (pha-fetoprotein, AFP). Lè yo jwenn li nan wo nivo, sa ka yon siy kansè fwa ou yon kondisyon san kansè. Nan kèk ka, nivo AFP a nòmal menm lè gen kansè fwa.

  • Tès Fonksyon Fwa

    Yo rele l tou tès anzim fwa, gwoup tès san sa yo detekte anflamasyon ak domaj nan fwa a. Yo ka verifye tou pou gade si fwa a ap byen travay.

  • Seyans eskanè CT-scan Vant lan

    Yo pran yon seri foto detaye sou plizyè ang, anpe kote anndan vant lan. Yo koloran w bwè ou yo enjekte nan ou ede fè ògàn oubyen tisi yo parèt pi klè.

  • Tomografi Emisyion Pozitron (PET Scan, Positron Emission Tomography)

    Teknik sa ede jwenn selil timè enfekte ki nan kò a, gras ak itilizayson yon ti kantite glikoz radyoaktif (sik) yo enjekte nan yon venn. Selil timè ki enfekte yo parèt pi klere nan foto a paske yo plis aktif ak pran plis glikoz pase selil nòmal yo.

  • Imaj Rezonans Mayetik (Magnetic resonance imaging, MRI)

    Yon MRI itilize yon kobinezon ki gen yon leman ak ond radyo, ansanm avèk yon òdinatè pou kreye yon seri foto detaye fwa a. Yo enjekte koloran nan yon venn pou kreye imaj veso sangen ki nan ak nan alantou fwa a.

  • Ekzamen Iltrason

    Nan pwosedi sa, ond son ki gen anpil enèji rebondi sou tisi entèn yo oubyen ògàn yo pou fòme yon imaj tisi ki nan kò a.

  • Biyopsi

    Souvan, yo retire yon echantiyon nan selil yp sispèk la chirijikalman pou yo ka ekzaminen anba yon mikwoskòp. Aspirasyon egwi fen, egwi ki gen twou anndan pwent yo ou lapawoskòp (yon pwosedi envazif minimal) ede retire tisi a.

Asirans nou Asepte

Nòt: Plan sante ki gen kontra avèk UHealth aktyèlman yo nan yon lis pi ba a. Sepandan, tanpri konsilte konpayi asirans ou an pou w verifye si UHealth fè pati rezo konpayi asirans ou an.