Skip to Main Content

Melanòm ak Kasinòm Selil Merkel

Randevou

Rele oswa klike sou pou yon vizit an pèsòn
oswa vityèl.

Rele nou nan
1-844-324-HOPE (4673)

Oswa

Melanòm mwens popilè pase lòt kansè po yo. Li plis serye ak plis ka grandi ak pwopaje si yo pa dyagnostike ak trete l bonè. Melanosit, selil ki fabrike pigmantasyon nan po w yo, ka kreye melanòm ak ti mak nwa sou po a. Melanòm ka afekte je ak pòpye. Gadekansè je ki gen rapò ak sa pou w ka jwenn plis enfòmasyon.

Kasinòm Selil Merkel (Merkel cell carcinoma, MCC): Kasinòm selil Merkel se yon kalite ki pa popilè ki ka grandi rapidman ak pi difisil pou trete si l pwopaje depase po a. Selil sa yo tou pre tèminezon nève yo epi yo pataje kèk karakteristik avèk selil nève yo ak selil ki fabrike òmon yo.

Poukisa pou w chwazi sant Sylvester Comprehensive Cancer Center?

Klinik siveyans melanòm ak deteksyon nivo entènasyonal. Opsyon depistaj bonè ak dyagnostik ki pi ekzat ede nou idantifye melanòm lè l plis tretab.

Esè klinik Iminoterapi. W ap gen askè avèk trètman ki pi avanse nan Sid Florid la.

Youn nan kèk enstitisyon ki ofri mikwoskopi konfokal reflektans (eflectance confocal microscopy, RCM). RCM kapab diferansye ant melanòm ak lòt lezyon po ki mwens serye ou ki pa enfekte pou founi yon dyagnostik ekzat. Li bay imaj byen anplifye po a, ki pèmèt fè dyagnostik lezyon ki pi ekzat ki pa fin defini nèt nan ekzamen klinik ak dèmoskopi.

Ekspètiz avanse nan iminois

tochimi ak makè timè. Patolojis ekspè nou yo fè dyagnostik ki pi ekzat. Lè patolojis yo ka deklare agresivite yon timè, yo ka rekòmande trètman nòmalman.

 

Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.

Trètman

  • Operasyon

    Trètman ki pi popilè pou melanòm (90 pousan nan ka yo) se operasyon. N ap detèmine pwosedi chirijikal ki pi apwopriye a ak founi ranplasman po avèk ekspètiz pou nenpòt domaj po pandan anlèvman kansè a.

    • Eksizyon Lokal Elaji (Wide Local Excision): Yo koupe melanòm nan ak kèk tisi nòmal ki nan alantou nan operasyon. Gwosè eksizyon an baze sou dansite timè a ak nan ki pwofondè melanòm nan anvayi nan kouch po yo. Pou kèk melanòm fasyal, yo ka rekòmande yon eksizyon ki pwofile pa etap (staged contoured excision) pou planifye rekonstriksyon chiriji plastik final.

    • Echantiyonaj Gangliyon Lenfatik: Y ap retire gangliyon lenfatik ki elaji yo ka santi anba men yo epi biyopsize yo pou chache selil kansè.

    • Biyopsi Gangliyon Lenfatik Santinèl: Gangliyon lenfatik santinèl la se nan premye gangliyon lenfatik kansè a plis kapab pwopaje. Yo idantifye l, retire l, ak ekzaminen l pou detèmine prezans kansè, anplè maladi a ak yon plan trètman rekòmande.

    • Lenfadenektomi: Si yo jwenn selil kansè, doktè a ap retire plis gangliyon lenfatik ak ekzaminen echantiyon tisi pou chache siy kansè. Yon lenfadenektomi rejyonal enplike anlèvman kèk gangliyon lenfatik. Yon lenfadenektomi radikal ap retire pi fò ou tout gangliyon lenfatik nan pati kote timè a ye a.

  • Kimoterapi

    Medikaman yo ba ou nan venn, atravè konprime oral ou kimoterapi entra-ateryèl.

    • Kimoterapi ILI Rejyonal: Si w gen melanòm nan yon ekstremite ki pa fasil pou operasyon, ou si w pa yon kandida pou fè operasyon, nou ka ofri enfizyon manb izole (isolated limb infusion, ILI). Sa founi gwo dòz kimoterapi pou melanòm nan ponyèt ak pye ak evite domaj nan lòt tisi yo. W ap ospitalize jiskaske anflamasyon manb lan tounen nòmal.

    • Komiterapi Sistemik: Se kimoterapi tradisyonèl yo founi nan venn (atravè venn) ou nan bouch (fòm konprime) ki afekte tout kò a, nan objektif pou detui selil kansè. Yo mwens itilize l pou melanòm akoz terapi sible ki pi nouvo ak plis amelyore.

  • Iminoterapi

    Yo konn rele l tou terapi biyolojik, medikaman sa yo ranfòse pouvwa pwòp sistèm imin kò a genyen pou l batay kont kansè. Terapi biyolojik y ap etidye pou melanòm gen pami yo:

    • Enjeksyon iminoterapi entra-timè: Yo enjekte yon medikaman sible ou yon konbinezon medikaman ou viris onkolitik nan timè ou gangliyon lenfatik yo ki pa ka retire nan operasyon akoz twòp timè, kote li lokalize a, oubyen paske w pa ka tolere yon pwosedi chirijikal.

    • Antikò Monoklonal Inibitè Pwendkontwòl ak Medikaman Blokaj Pwendkontwòl: Trètman sa yo pran avantaj sou selil T imin yo ki prezan nan anpil timè, men selil kansè yo bloke yo.

    • Intèferon: Medikaman sa afekte divizyon selil kansè yo ak ka ralanti devlopman timè.

    • Interleukin-2 ou IL-2: Medikaman sa amelyore selil imin yo, espesyalman lenfosit pou tiye selil kansè yo.

  • Terapi Sible

    Terapi sible se trètman ki itilize medikaman ou lòt sibstans pou atake selil kansè yo, jeneralman li lakoz mwens domaj sou selil nòmal pase kimoterapi ou terapi radyasyon.

    • Terapi Inibitè Sinyal Transdiksyon: Medikaman sa yo bloke siyal ki pase soti nan yon molekil ale nan yon lòt anndan yon selil. Yo itilize diferan kalite (pa ekzanp, terapi inibitè BRAF, MEK) pou trete moun ki gen melanòm avanse ou ki gen timè ki pa ka retire nan operasyon.

    • Terapi Viris Onkolitik: Nan terapi sa, yo itilize yon viris pou enfekte ak dekonpoze selil kansè yo, men se pa selil nòmal. Yo ka bay terapi radyasyon ou kimoterapi aprè terapi viris onkolitik pou tiye plis selil kansè.

    • Inibitè Anjyojenèz: Medikaman ki bloke devlopman nouvo veso sangen yo nan timè yo pou fè yo mouri grangou.

  • Terapi Radyasyon

    Yo selektifman itilize terapi radyasyon pou kèk melanòm, tankou timè ki twò laj ou ki lokalize nan pati ki difisil pou trete. Sa ka meyè trètman pou pasyan ki gen lòt konplikasyon medikal. Reyon-X ki gen gwo enèji founi gwo dòz radyasyon chak jou pandan yon peryòd de semenn edmi.

    • MRIdian System™ (yo rele l tou ViewRay™): Nou se youn nan kèk sant nan mond lan ki ekipe avèk sistèm livrezon radyasyon sa ki ka pran imaj MRI pandan livrezon trètman. Zouti pou swiv timè sa pi byen sible timè a ak evite plis tisi an sante ki nan alantou a. Yo pa itilize l pou kansè po sipèfisyèl, men souvan endike pou timè ki anndan sèvo a, lestomak ak vant ou pèlvis.

    • Terapi Radyasyon Kò Estereyotaktik (Stereotactic Body Radiation Therapy, SBRT): Terapi radyasyon sa soti nan diferan pozisyon nan alantou timè a. Yo oryante yon gwo dòz radyasyon nan kansè a, men yo toujou pran swen espesyal pou limite ekzpozisyon tisi an sante yo ki nan alantou yo.

  • Trètman Estanda pou Kansè Po Selil Merkel

    Pou kasinòm selil Merkel, eksizyon chirijikal, pafwa yo ka sijere biyopsi gangliyon lenfatik santinèl pou kèk gwosè timè, ak esè klinik.

    Yo jeneralman itilize terapi radyasyon pou founi yon dòz konvansyonèl chak jou avèk chak trètman pandan yon peryòd senk semenn kòm swa sèl trètman ou swa yon sipleman operasyon pou anpeche retonbe lokal ou rejyonal nan drenaj chèn gangliyon lenfatik la.


Tès


Anplis yon istwa medikal apwofondi ak ekzamen fizik, pwosedi pou dyagnostike melanòm gen ladan yo:

  • Ekzamen Po

    N ap chache ak eseye santi nenpòt boul ou mak ki parèt anòmal nan koulè, gwosè, fòm ou teksti. Yo ka retire yon echantiyon tisi nan nenpòt pati yo sispèk la pou chache kansè.

  • Biyopsi Po

    Pandan biyopsi sa, yon patolojis retire tout ou pati nan devlopman ki parèt anòmal la, li koupe l nan po a pou chache siy kansè. Men kèk kalite biyopsi po:

    • Biyopsi Punch: Yo retire yon sèk tisi nan pati devlope ki anòmal la

    • Biyopsi Ensizyonèl: Doktè yo itilize yon skalpèl pou retire pati nan pati ki devlope a

    • Biyopsi Eksizyonèl: Yo retire tout pati ki devlope a, gras ak yon skalpèl.

  • Dèmoskopi

    Dèmoskopi se yon ekzamen po ki itilize yon aparèy ki anplifikasyon manyèl (mikwoskopi sifas po). Nou evalye lezyon pigmante (kolore) ak idantifye nenpòt devlopman kansè ki pa jis tach oubyen mak ki pa gen kansè.

  • Mikwoskopi Konfokal Reflektans (Reflectance Confocal Microscopy, RCM).

    Tès gwo anplifikasyon adisyonèl sa ede idantifye lezyon dèmoskopi pa totalman idantifye.

  • Katografi Gangliyon Lenfatik (lenfosentigrafi) ak Biyopsi Gangliyon Lenfatik Santinèl

    Yo pèfòme teknik sa sèlman lè yon melanòm primè gen yon kalite pwofondè (dansite) ou sanble ak yon timè ki pi agresif. Gangliyon lenfatik santinèl la se nan premye gangliyon lenfatik selil kansè plis kapab pwopaje. Yo idantifye l, retire l, ak ekzaminen l pou detèmine prezans kansè, anplè maladi a ak yon plan trètman rekòmande.

  • Tès Jenetik

    Anviwon mwatye nan melanòm gen mitasyon nan jèn BRAF ki ede selil grandi. Kèk medikaman ede trete melanòm ki gen chanjman sa, men yo pa sanble ka reyisi trete melanòm san chanjman jenetik sa. Patolojis nou yo se ekspè selilè k ap teste selil yo ak detèmine meyè metòd trètman.

Asirans nou Asepte

Nòt: Plan sante ki gen kontra avèk UHealth aktyèlman yo nan yon lis pi ba a. Sepandan, tanpri konsilte konpayi asirans ou an pou w verifye si UHealth fè pati rezo konpayi asirans ou an.