Skip to Main Content

Kansè San Pedyatik (Lesemi ak lenfòm)

Alex's Place anndan Sylvester

Plis pase yon sant trètman pou timoun ki gen maladi kansè ak san, Alex's Place se yon spase ki fèt pou abilite jèn pasyan nou yo ak sipòte fanmi yo.

Lesemi ak lenfòm se kans ki ka afekte mwèl nan zo yo, selil san yo ak sistèm lenfatik la. Lesemi, se kansè anfans ki plis popilè, li afekte selil souch yo, ki fòme nan mwèl zo a (tisi eponj anndan zo yo). Selil kouch yo devlope an divès kalite selil.

Nan timoun ki gen lesemi, mwèl nan zo a fabrike selil globil blan anòmal ki pa mouri lè yo ta dwe mouri an. Tout kantite selil lesemi ki pwodui kòm rezilta yo rann li difisil pou lòt selil fonksyone.

Ekip swen kansè pedyatik Sylvester a ofri terapi iltramodèn ki baze sou pi resan yo.Sylvester Ekip ekspè nou yo devlope yon plan trètman pèsonalize pou bay timoun ou an meyè rezilta posib la.

Poukisa pou w chwazi sant Sylvester Comprehensive Cancer Center?

Trètman kansè san pedyatik ki klase pami meyè pwogram kansè nan peyi a, daprè U.S. News and World Report. Anplis swen pliridisiplinè a, timoun ou an resevwa swen pèsonalize ki koresponn ak dyagnostik yo a nan nivo jenetik. Timoun ou an resevwa trètman ki pi efikas pou kalite kansè yo a.

Yon apwòch ekip pliridisiplinè. Ekip swen timoun ou an genyen ladan li doktè kansè pedyatik, enfimyè onkolojis, enfimyè praktisyèn, travayè sosyal, nitrisyonis, espesyalis jesyon doulè ak lòt pwofesyonèl swen sante pou founi yon swen konplè. Nou fokis sou minimize efè segondè ak amelyore kalite vi pitit ou a pandan trètman an.

Rekòmandasyon Pèsonalize. Nou kenbe ni ou menm ak tout objektif pitit ou a nan lespri n lè n ap devlope ekzamen ak bati kalandriye trètman an. Kit yon istwa familyal kèk kansè patikilye oubyen w vle asire sante pitit ou a alontèm, w ap jwenn atansyon pèsonalize.

Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.

Trètman

  • Komiterapi (Terapi Medikal Sistemik)

    Kimoterapi se fason presipal pou trete lesemi ak lenfòm. Medikaman tiye selil kansè yo, nan objektif pou elimine kansè. Nan yon pwosedi ki rele kimoterapi entratekal, ou pwofilaksi sistèm nève santral, yo ka enjekte medikaman nan likid serebrospinal la (cerebrospinal fluid, CSF) pou anpeche kansè grandi ak atenn selil kansè ki nan anlantou sèvo a ak nan sistèm nève a.

  • Terapi Bone Frèt (Cold Cap Terapi) pou Minimize Pèt Cheve

    Anplis tout kesyon nòmal yo ak perèz yon timoun ka genyen akoz yon dyagnostik kansè, posibilite pou yon moun pèdi cheve l pandan kimoterapi a dekourajan. Avèk sa nan lespri nou, Sylvester ofri yon terapi bone frèt (Cold Cap Terapi) FDA apwouve, pou redui pèt cheve pandan kimoterapi.

  • Terapi Sible

    Terapi sible yo bati pou atake chanjman molekilè ki fè selil kansè yo grandi ak pwopaje. Yo sible pwoteyin anòmalyo, epi yo gen potansyèl pou yo plis efikas ak gen mwens efè segondè pase kimoterapi.

  • Iminoterapi

    Yo rele l tou terapi biyolojik, kalite terapi sa disponib nan esè klinik. Iminoterapi ka rann kansè w la pi vizib pou sistèm imin ou.

  • Transplant Selil Souch avèk Gwo dòz Kimoterapi

    Si kansè pitit ou a pa reyaji ak trètman nòmal, ou ka bezwen resevwa gwo dòz kimoterapi. Sa ka retire selil ki andomaje yo nan sistèm yo ak mwèl nan zo yo. Apre sa, yo re-enjekte selil "estatè" ki an sante pou nouvo selil san (selil souch) — se swa pwòp selil timoun ou an ou nan men yon donè — pou ranplase selil san ki pèdi.

  • Sèvis Sipò Sikososyal

    Sylvester ofri yon gam konplè sèvis sikolojik ak sosyal pou ede timoun ak fanmi yo, sa ki gen ladan l evalyasyon nerosikolojik.


Tès

  • Kontaj San Konplè (Complete Blood Coun, CBC)

    Tès sa ap chache kantite ak pousantaj selil globil san wouj, selil globil san blan ak plakèt. N ap verifye kantite emoglobin nan tou, yon pwoteyin ki transpòte oksijèn.

  • To sedimantasyon

    To sedimantasyon an mezire to selil globil san wouj nan yon echantiyon san koule desann nan baz yon tib tès. Kantite a montre ki kantite anflamasyon ki genyen nan kò a. Yon to ki depase mwayèn nan ka petèt yon siy lenfòm oubyen yon lòt kondisyon.

  • Biyopsi Gangliyon Lenfatik

    Yon biyopsi gangliyon lenfatikis se anlèvman chirijikal tout pati nan yon gangliyon lenfatik. Yon patolojis (yon ekspè selilè) ekzaminen tisi a anban yon mikwoskòp pou ka chache selil kansè, ladan l tou li chache selil Reed-Sternberg (yon siy pwobab lenfòm Hodgkin).

  • Seyans Eskanè CT-Scan (Computed Tomography)

    Pwosedi sa fè seri foto detaye kote anndan kò w sou plizyè ang, epi itilize yon koloran pou chache bagay tankou gangliyon lenfatik ki anfle ou rat (spleen).

  • Seyans Eskanè Tomografi Emisyon Pozitron (Positron emission tomography, PET scan)

    Yon PET scan se yon tès imaj ki itilize yon koloran radyoaktif espesyal (trasè). Yo enjekte koloran an nan yon venn nan ponyèt ou, epi ògàn ak tisi w absòbe l. Si gen selil kansè, y ap parèt pi eklèsi pase selil nòmal.

  • Biyopsi Mwèl Zo

    Yo pran yon vyet ti kal echantiyon mwèl zo nan zo senti a ou zo tete a pou chache siy mikwoskopik kansè.

  • Tès Miltijèn

    Paske pa gen okenn timè ki gen yon sèl mitasyon, pwofil jenomik pèmèt nou idantifye gwoup mitasyon nan echantiyon tisi timè a ak kreye yon pwofil timè. Pwofil timè pitit ou a ede nou detèmine kalite trètman ki pi efikas la epi konbyen tan yo dwe resevwa trètman tankou kimoterapi. Pwofil yo ka ede predi si lesemi sanble ka retounen epi pou ka dirije trètman jan sa dwe fèt la.

Asirans nou Asepte

Nòt: Plan sante ki gen kontra avèk UHealth aktyèlman yo nan yon lis pi ba a. Sepandan, tanpri konsilte konpayi asirans ou an pou w verifye si UHealth fè pati rezo konpayi asirans ou an.