Skip to Main Content

Sakòm Zo ak Tisi Mou

Alex's Place anndan Sylvester

Plis pase yon sant trètman pou timoun ki gen maladi kansè ak san, Alex's Place se yon spase ki fèt pou abilite jèn pasyan nou yo ak sipòte fanmi yo.

Sakòm se yon kalite kansèki afekte zo ak tisi mou yo. Li ka devlope nenpòt kote nan kò a. Sakòm tisi mou (soft tissue sarcoma, STS), se kalite sakòm ki plis popilè, li koumanse nan tisi mou tankou misk yo, tandon, grès, veso sangen oubyen lòt tisi sipò. Men kèk nan kalite sakòm tisi mou ki pi popilè yki afekte timoun:

  • Sakòm Ewing: Timè kansè ra sa devlope nan zo ou tisi mou ki alantou zo yo tankou katilaj ou nèf yo. Li jeneralman afekte moun ki gen 10 ak 20 an. Sakòm Ewing afekte anviwon 200 timoun ak jèn adil nan Etazini chak ane.

  • Rabdomyosakòm: Anviwon sèt semenn nan devlopman yon anbriyon, selil yo rele rabdomyoblas (ki pral fòme misk eskelèt la eventyèlman) koumanse fòme. Rabdomyosakòm plis popilè nan timoun, menm si pafwa l devlope kay granmoun.

Poukisa pou w chwazi sant Sylvester Comprehensive Cancer Center?

Sylvester se yon sant kansè deziyen NCI. National Cancer Institute te rekonèt Sylvester pou travay eksepsyonèl li fè rechèch nan laboratwa li yo, trete pasyan yo nan klinik li yo ak lopital li yo, epi lonje men nan kominote ki pa gen desèvi medikal ak estrateji prevansyon inovatè.

Se sèl pwogram transplant pedyatik ki baze nan yon inivèsite nan Sid Florid. Nou sèvi timoun ki nan Sid Florid, Amerik Latin ak Karayib la atravè afilyasyon nasyonal nou yo. Timoun ou an gen aksè avèk yon baz donè ki pi laj ak esè klinik ki enplike transplant selil souch pou ogmante chans reyisit transplant lan.

Yon apwòch ekip pliridisiplinè. Ekip swen timoun ou an genyen ladan li doktè kansè pedyatik, enfimyè onkolojis, enfimyè praktisyèn, travayè sosyal, nitrisyonis, espesyalis jesyon doulè ak lòt pwofesyonèl swen sante pou founi yon swen konplè. Nou fokis sou minimize efè segondè ak amelyore kalite vi pitit ou a pandan trètman an.

Rekòmandasyon Pèsonalize. Nou kenbe ni ou menm ak tout objektif pitit ou a nan lespri n lè n ap devlope ekzamen ak bati kalandriye trètman an. Kit yon istwa familyal kèk kansè patikilye oubyen w vle asire sante pitit ou a alontèm, w ap jwenn atansyon pèsonalize.

Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.

Trètman

  • Timè Zo ak Katilaj

    • Operasyon: Lè l posib pou retire yon timè, yo ka konbine operasyon ansanm ak radyasyon, swa anvan ou aprè operasyon an.
    • Komiterapi (Terapi Medikal Sistemik): Kimoterapi, apre sa operasyon, kapab yon trètman avèk ou san terapi radyasyon (yo bay aprè operasyon).
    • Esè Kliniik Yon esè klinik ka gen ladan l terapi sible, terapi radyasyon, ak operasyon avèk ou san kimoterapi.

  • Sakòm Tisi Mou

    • Operasyon: Si l posib, yo pèfòme operasyon pou retire sakòm tisi moun an. Si timè a laj anpil, yo ka bay terapi radyasyon ou kimoterapi anvan sa, pou ratresi timè a ak diminye kantite tisi ki bezwen anlèvman chirijikal.
    • Terapi Radyasyon Kò Estereyotaktik: Metòd sa se yon kalite terapi radyasyon ekstèn (yo founi deyò kò a) gras ak ekipman ki plase pitit ou a nan menm pizizyon an pou chak trètman radyasyon. Sa ede limite domaj nan tisi an sante ki tou pre yo.
    • Terapi Sible: Terapi sible yo bati pou atake chanjman molekilè ki fè selil kansè yo grandi ak pwopaje. Metòd sa lakoz mwens dega sou selil ki an sante pase kimoterapi ou radyasyon.
    • Esè Kliniik: Chèchè nou yo ap etidye terapi jenetik pou sakòm sinovyal anfans ki reparèt (kansè ki pwopaje ou ki pa ka soti). Nan nouvo apwòch sa, yo retire ak chanje kèk nan selil globil blan timoun ou an na laboratwa. Yo remete selil ki chanje yo nan kò timoun nan pou ka atake selil kansè espesifik.

Tès

  • MRI

    Imaj rezonans mayetik la itilize yon leman, radyo-ond ak yon òdinatè reye yon seri foto detaye pati nan kò a tankou lestomak, vant, ponyèt oubyen pye.

  • Seyans eskanè CT-Scan ou Cat Scan

    Pwosedi imaj dyagnostik sa itilize reyon-X ak teknoloji òdinatè pou pwodui imaj kò a. Eskanè a montre imaj detaye nenpòt pati nan kò a, tankou zo yo, misk yo, grès ak ògàn.

  • Biyopsi

    Yo retire yon ti kal echantiyon tisi yo sispèk pou jwenn kalite sakòm tisi mou timoun ou an ka genyen. Yo retire echantiyon tisi nan timè a, gangliyon lenfatik yo, ak lòt pati ki ka gen selil kansè. Yon patolojis ki se yon ekspè selilè verifye biyopsi yo.

  • Tès Molekilè

    Yon tès molekilè chache jèn, pwoteyin, oubyen lòt molekil nan yon echantiyon tisi, san, ou lòt likid kò pou ede dyagnostike kèk kalite kansè.

  • Tès Reyaksyon an Chèn Transkripsyon-Polimeraz Ranvèse (Reverse Transcription-Polymerase Chain Reaction, RT–PCR)

    Tès laboratwa sa etidye selil nan yon echantiyon tisi pou ede nou idantifye kalite kansè a. Yo itilize pwodui chimik pou chache chanjman nan fason jèn yo eksprime nan echantiyon tisi a an konparezon ak tisi ki an sante a.

  • Analiz Sitojenik

    Tès sa ekzamine selil anba yon mikwoskòp pou chache chanjman nan kwomozom yo.

  • Imonositochimi

    Teknik laboratwa sa itilize antikò pou chache kèk antijèn (endikatè) nan yon echantiyon selil.

  • Biyopsi Gangliyon Lenfatik Santinèl

    Gangliyon lenfatik santinèl la se nan premye gangliyon lenfatik kansè a plis ka pwopaje. Nan tès sa, yo enjekte yon sibstans radyoaktif ou koloran ble mam kò a tou pre timè a. Yo retire premye gangliyon lenfatik ki kapte koloran an ou sibstans lan epi ekzaminen l nan laboratwa a. Si yo wè selil kansè nan gangliyon lenfatik la, y ap retire gangliyon lenfatik sa. Si yo pa wè okenn kansè, pa gen okenn nesesite pou retire lòt gangliyon lenfatik.

  • Seyans eskanè PET-CT Scan

    Tès imaj sa konbine foto ki soti nan yon PET-scan (tomografi emisyon pozitron) ak yon CT-scan (tomografi emisyon pozitron) gras ak yon sèl machin ki kreye yon imaj ki pi detaye. Seyans eskanè sa ede jwenn selil timè enfekte ki nan kò a, gras ak itilizayson yon ti kantite glikoz radyoaktif (sik) yo enjekte nan yon venn. Selil timè ki enfekte yo pran plis glikoz pase selil nòmal yo, konsa yo parèt pi klere nan foto a.

Asirans nou Asepte

Nòt: Plan sante ki gen kontra avèk UHealth aktyèlman yo nan yon lis pi ba a. Sepandan, tanpri konsilte konpayi asirans ou an pou w verifye si UHealth fè pati rezo konpayi asirans ou an.