Skip to Main Content

Mezotelyòm

Mezotelyòm se yon kalite kansè ki ra ki koumanse nan mezotelyòm nan — yon kouch fen, pwotektif ki kouvri anndan lestomak ou ak vant ou ak ki trase tou sifas eksteryè anpil nan ògàn ou yo tankou kè w. Li sekrete yon likid ki pèmèt ògàn ou yo deplase kont youn lòt, tankou ekspansyon ak kontraksoyon poumon w yo. Mezotelyòm ki trase lestomak la, yo rele l plèv, se pati ki pi popilè pou mezotelyòm.

Diferan ak anpil lòt kansè, mezotelyòm jeneralman pa devlope kòm yon sèl grenn timè. Inisyalman, li devlope anndan kouch la epi afekte kapasite pou kouch la byen fonksyone. Li ka lakoz sentòm tankou souf kout ou doulè lestomak. Apre w tan, kansè a ka grandi nan ògàn ki tou pre yo ou pwopaje nan lòt pati nan kò w.

Yo gwoupe mezotelyòm yo swivan jan selil kansè yo parèt nan yon mikwoskòp:

  • Mezotelyòm epitelyoyid
  • Mezotelyòm sakomatoyid
  • Mezotelyòm Miks (bifazik)

Poukisa pou w chwazi sant Sylvester Comprehensive Cancer Center?

Pwogram operasyon avèk asistans videyo robotik ki klase pami 10 meyè nan Sidès la. Bon doktè nou yo itilize yon teknoloji robotik avèk asistans videyo pou amelyore rezilta pasyan, avèk diminye pèty san pandan operasyon, dire ospitalizayson ki pi kout ak to sivivans ki pi wo pou pasyan ki apwopriye.

Zouti onkoloji radyasyon avanse. Sylvester se youn pami sèlman senk sant medikal nan peyi a ki gen terapi radyasyon ViewRay — terapi radyasyon MRI-gide. Avèk, sistèm RapidArc® radyoterapi nou an ki founi terapi radyasyon ekstèn ki gen entansite modile (intensity modulated external radiation therapy, IMRT). Zouti sa yo mennen nan trètman ki pi konpetan ak efikas, dire trètman ki pi kout, presizyon ekzat nan zafè sible timè ak mwens domaj nan tisi ki an sante ki antouraj la.

Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.

Trètman

  • Operasyon

    Pou kèk mezotelyòm ki nan etap bonè, yo ka itlize operasyon. Chirijyen w lan ap retire valè k nesesè nan kansè a, aprè sa ap gen lòt trètman. Pou mezotelyòm ki pi avanse, chirijyen w lan ka itilize fòm operasyon ki mwens ekstansif pou ede amelyore sentòm ak malèz kansè a lakoz, tankou pwoblèm respirasyon.

  • Terapi Radyasyon

    Yo souvan itilize l aprè operasyon, terapi radyasyon ka tiye nenpòt kansè selil ki rete. Y oka itilize w tou pou ede amelyore sentòm pou kansè ki anvanse.

  • Kimoterapi

    Pou mezotelyòm ki nan etap bonè, onkolojis ou ka itilize kimoterapi anvan operasyon pou diminye risk rekirans ak amelyore sivivans ou an jeneral aprè operasyon. Yo souvan pi byen tolere kimoterapi anvan yon gwo operasyon pase aprè l. Yo ka itilize l tou pandan ou aprè operasyon pou yo eseye tiye nenpòt selil kansè ki rete. Kimoterapi se souvan trètman prensipal la (pafwa ansanm ak terapi radyasyon) pou moun ki gen mezotelyòm avanse ou ki pa kandida pou fè operasyon.

    Lokal: Si w bezwen kimoterapi nan venn (enfizyon), ou ka fè l nan Comprehensive Treatment Unit (CTU) a nan lokal prensipal Sylvester a nan Miami, ki se yon inite 12.000 pye-kare ki gen ladan l 33 fotèy kage ak 11 sal prive. Si w prefere, ou ka pran trètman enfizyon w lan nan lokal Kendall, Plantation, Hollywood, Coral Springs, Coral Gables, ou Deerfield Beach.

Asirans nou Asepte

Nòt: Plan sante ki gen kontra avèk UHealth aktyèlman yo nan yon lis pi ba a. Sepandan, tanpri konsilte konpayi asirans ou an pou w verifye si UHealth fè pati rezo konpayi asirans ou an.