Skip to Main Content

Evalyasyon Risk Kansè Tete

Randevou

Fè demand yon randevou sou entènèt ou
rele nou. 1-844-324-HOPE (4673)

Yo rele nenpòt bagay ki ogmante chans pou w devlope yon maladi yon faktè risk. Jis paske w se yon fi sa se deja yon faktè risk pou w gen kansè tete, menm si majorite fanm ki gen faktè risk pou gen kansè tete pa janm devlope maladi a. Men, gen anpil fanm ki gen kansè tete ki pa gen okenn lòt faktè risk ki aparan.

Nou ka ede evalye risk pou w gen kansè tete ak ede w pran desizyon sou metòd pou ekzaminasyon ak trètman.

Poukisa pou w Chwazi sant Sylvester Comprehensive Cancer Center?

Enstiti Kansè Tete Ki Renome, Braman Family Breast Cancer Institute nan Sylvester. Nou ofri youn nan meyè dyagnostik pou kansè tete nan peyi a ak pwogram swen, avèk trètman ki prepare swivan bezwen endividyèl ou.

American College of Radiology nome nou Sant Imaj Tet Ekselans (Breast Imaging Center of Excellence). Ou resevwa yon dyagnostik ki pi ekzat, ki vin bay yon plan trètman ki pi efikas.

Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.

Kiyès moun ki yon Kandida?

 

Men faktè ki asosye ak yon ogmantasyon risk pou gen kansè tete:

  • Gen 50 ane ou plis
  • Swa ou menm ou fanmi gen kansè tete
  • Pwatrin ak vizaj ou ekspoze nan radyasyon
  • Kenetik (patikilyèman mitasyon jenetik BRCA1 ak BRCA2)
  • Tisi tete ki pwès
  • Pwoblèm manstriyasyon (koumanse anvan 12 an ou koumanse monopoz apre laj 55)
  • Bwè youn ou plis pase yon bwason alkolize chak jou
  • Pwoblèm gwosès (fè premye pitit ou apre 30 an ou pa gen timoun menm)
  • Mòd vi sedantè
  • Itilizasyon kontraseptif oral
  • Itilizasyon alontèm terapi ranplasman òmòn (hormone replacement therapy, HRT)
  • Pran pwa ak obezite, espesyalman apre menopoz

Si konn gen kansè nan fanmi w, yon sesyon konsèy ka ede idantifye risk ou ak ofri sipò. Men kèk "siyal alam" pou kansè ereditè ki posib:

  • Yon pase kote gen plizyè jenerasyon moun yo dyagnostike k gen kansè sou menm bò nan fanmi an
  • Dyagnostike w gen kansè tete anvan w gen 50 ane
  • Kansè nan tou de tete yo
  • Yon gason yo dyagnostike ki gen kansè tete
  • Fanmi w gen kansè nan ovè
  • Gen yon kalite bakgrawonn etnik

Nenpòt nan sa yo ka vle di w gen pi gwo risk.


Kisa pou w Atann

 

Rezo Nasyonal Kansè Konplè (National Comprehensive Cancer Network, NCCN) gen yon kalite enstriksyon pou konnen kiyès yo dwe refere pou yon evalyasyon risk ak ki ka dakò fè yon tès. Konpayi asirans jeneralman swiv enstriksyon sa yo pou garanti sèvis sa yo. Sesyon konsèy pou evalyasyon risk pa toujou voye w nan fè tès. Ou ka deside pa teste, oubyen yo ka pa voye w teste, akoz pase w ak kalite kansè a.

Si w panse ou riske devlope kansè tete, mande doktè w la pou l refere w nan yon klinik kansè jenetik, ou rele nan 305-243-6006 pou w pran yon randevou.

Asirans nou Asepte

Nòt: Plan sante ki gen kontra avèk UHealth aktyèlman yo nan yon lis pi ba a. Sepandan, tanpri konsilte konpayi asirans ou an pou w verifye si UHealth fè pati rezo konpayi asirans ou an.