Skip to Main Content

Kansè Tete Anflamatwa

Randevou

Rele oswa klike sou pou yon vizit an pèsòn
oswa vityèl.

Rele nou nan
1-844-324-HOPE (4673)

Oswa

Kansè tete anflamatwa (Inflammatory breast cancer, IBC) se yon fòm ra ak agresif kansè tete ki envazif. Jeneralman, li pa koumanse ak yon boul, men ak tete a ki vin tou wouj ak anfle epi gwo, po ki plen ti tou, menm jan ak yon zoranj kale. Nan premye faz yo, yo souvan pran kansè tete anflamatwa pou enfeksyon tete.

IBC koumanse nan fanm ki senk ane pi jèn pase laj mwayèn pou lòt kalite kansè tete epi li ka afekte gason tou. Li ka grandi ak pwopaje rapidman, avèk sentòm yo k ap egzajere nan kèk jou pafwa kèk èdtan. Se pou sa li enpòtan anpil pou rekonèt sentòm yo ak chache trètman imedyatman.

Poukisa pou w chwazi sant Sylvester Comprehensive Cancer Center?

Enstiti Kansè Tete Ki Renome, Braman Family Breast Cancer Institute nan Sylvester. Nou ofri youn nan meyè dyagnostik pou kansè tete nan peyi a ak pwogram swen, avèk trètman ki prepare swivan bezwen endividyèl ou.

American College of Radiology nome nou Sant Imaj Tet Ekselans (Breast Imaging Center of Excellence). Ou resevwa yon dyagnostik ki pi ekzat, ki vin bay yon plan trètman ki pi efikas.

Yon ekip kansè tete pliridisiplinè. Ou resevwa swen nan men yon ekri ekspè nan tout fasèt nan kansè tete, ki ofri w yon swen konplè pou meyè chans pou reyisi.

Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.

Trètman

  • Kimoterapi

    Kimoterapi se medikaman ki konbat kansè epi yo ka administre l nan venn ou atravè konprime. Yo ka rekòmande kimoterapi tou anvan operasyon, yo rele sa kimoterapi neyoadjivan, pou ede redui gwosè timè a ak amelyore rezilta operasyon an. Souvan, yo itilize plis pase yon medikaman an menm tan oubyen youn apre lòt pou detui diferan kalite selil kansè nan menm kansè tete a.

    Si w bezwen kimoterapi nan venn (enfizyon), ou ka fè l nan Comprehensive Treatment Unit (CTU) a nan lokal prensipal Sylvester a nan Miami, ki se yon inite 12.000 pye-kare ki gen ladan l 33 fotèy enklinab ak 11 sal prive. Si w prefere, ou ka pran trètman enfizyon w lan nan lokal Kendall, Plantation, Hollywood, Coral Springs, Coral Gables, ou Deerfield Beach.

  • Terapi Bone Frèt (Cold Cap Therapy) pou Minimize Pèt Cheve

    Sylvester ofri terapi bone frèt (Cold Cap Therapy), FDA apwouve l, pou redui pèt cheve pandan kimoterapi. Jan terapi a mache se refwadi yo refwadi bone a pandan trètman.

  • Terapi Sible (Targeted Therapy)

    Terapi sible yo bati pou atake chanjman molekilè ki fè selil kansè yo grandi ak pwopaje. FDA apwouve plizyè terapi sible. Si biyopsi w la montre ou pozitif pou reseptè HER2, y pa trete w avèk Èseptin (Herceptin) anvan operasyon, an plis kimoterapi a.

  • Esè Kliniik

    Esè Kliniik se etid rechèch ki teste avantaj nouvo medikman ou terapi kont estanda swen ki ekziste nan moman an. Pale ak onkolojis Sylvester w la pou w konnen si yon esè klinik bon pou ou.

    Gen kè rechèch klinik ki sijere Tykerb, yon medikaman sible HER2, ka yon terapi efikas pou trete kansè tete anflamatwa ki HER2 pozitif. Tykerb pètibe aksyon aksyon pwoteyin HER2 pou ralanti oubyen kanpe kwasans selil kansè. Etid aktyèl yo ap ekzamine si Tykerb se yon trètman efikas pou IBC, swa yo itilize li pou kont li oubyen avèk Taxol, yon medikman kimoterapi.

  • Radyasyon

    Si kimoterapi pa ede ratresi kansè a ak redui anflamasyon an, doktè w la ka rekòmande kimoterapi adisyonèl ou koumanse terapi radyasyon.

    Apre yon mastektomi, gen anipl chans pou w fè terapi radyasyon pou w detui nenpòt selil kansè ki rete dèyè nan zòn nan. Kantite ak dòz trètman an ap depann sou kijan kò w reponn ak kimoterapi ak Èseptin. Nan majorite ka kansè tete anflamatwa, doktè rekòmande terapi radyasyon aprè operasyon.

  • Operasyon

    Aprè w fin fè yon kimoterapi ak petèt terapi sible, tankou Èseptin, doktè w la ap detèmine kijan kò w reyaji ak trètman. SI kansè tete a amelyore, doktè w la ap pèfòme yon mastektomi radikal modifye, ki se yon operasyon pou retire tout tete a nèt ak kèk gangliyon lenfatik anba bra w. Depi IBC afekte tout pati sa nan po w ak tete w, operasyon pou konsève tete pa yon opsyon.

  • Mastektomi

    Yon mastektomi retire tout tete a kansè a afekte a. Chirijyen an ka retire youn oubyen plis gangliyon lenfatik anba bra w pandan operasyon an, oubyen kòm yon pwosedi nan pita, pou wè si kansè pwopaje.


Tès

  • Mamografi

    Mamografi se fason ki pi rapid ak pi efikas pou detekte yon kwasans abnòmal nan tete w. Avèk tomosentèz, oubyen mamografi 3D, teknolojis radyoloji ka jwenn imaj tete sou plizyè ang, amelyore presizyon yon lekti evalyasyon ak redui bezwen potansyèl pou skane fè plizyè fwa.

  • Iltrason Tete ak MRI

    Doktè w la ka fè demand yon ekzamen imaj nonenvazif, tankou yon iltrason tete ou MRI tete, si w gen tete pwès ak ou gen yon risk kansè tete ki elve — espesyalman pou moun ki gen yon 20 pousan oubyen risk vi ki pi elve pou gen kansè tete.

  • Diktoskopi

    Plis pase 80 pousan kwasans kansè tete soti nan kanal lèt. Si sentòm ou yo gen ladan yo yon dechaj likid, ki gen ti takte san ki soti nan pwen tete yo, chirijyen w yo ap itilize yon diktoskopi pou jwenn lezyon pou pran echantiyon ak retire l. Li itilize yon skop fib optik mwens pase yon milimèt pwofondè ki anndan kanal lèt la nan pwent tete a pou voye imaj nan yon monitè òdinatè.

  • Biyopsi

    Yon biyopsi se yon ti echantiyon tisi tete yo sispèk la epi yo reti ak teste l. Yo ka pèfòme biyopsi nan plizyè fason, depann de sikonstans lan: aspirasyon ak pwent egwi (biyopsi envazif minimal). biyopsi santral apati imaj gide, aspirasyon kis, ditoskopi (kanal lèt) ak biyopsi chirijikal (biyopsi eksizyonèl ou ensizyonèl).

  • Tès Reseptè Estrojèn ak Projesteròn

    Tès sa chache reseptè estrojèn ak pwojesteròn (òmòn) nan tisi kansè w la. Si selil kansè tete w yo gen reseptè estrojèn ak projesteròn, kansè a ka grandi pi rapid. Tès la di doktè w la si trètman pou bloke estrojèn ak projesteròn yo ap efikas.

  • Tès Reseptè Faktè Kwasans Epidèmal Moun Tip 2 (Human Epidermal Growth Factor Type 2, HER2/neu)

    Tès sa mezire konbyen jèn kansè tete HER2/neu ki genyen avèk konbyen pwoteyin HER2/neu ki fèt sou echantiyon tisi tete. Si gen plis jèn HER2/neu ou pi wo nivo pwoteyin HER2/neu pase nòmal, kansè a ka grandi ou pwopaje pi rapidman.

  • Tès Miltijèn

    Paske pa gen okenn timè ki gen yon sèl mitasyon, profil jenomik pèmèt patolojis (ekspè selilè) idantifye gwoup mitasyon nan echantiyon tisi timè w la. Nou ka kreye yon pwofil timè pou ou. Pwofil sa ede detèmine ki kalite trètman k ap pi efikas ak konbyen tan ou bezwen trètman an.

Asirans nou Asepte

Nòt: Plan sante ki gen kontra avèk UHealth aktyèlman yo nan yon lis pi ba a. Sepandan, tanpri konsilte konpayi asirans ou an pou w verifye si UHealth fè pati rezo konpayi asirans ou an.