Skip to Main Content

Kansè Tete Nonenvazif

Randevou

Rele oswa klike sou pou yon vizit an pèsòn
oswa vityèl.

Rele nou nan
1-844-324-HOPE (4673)

Oswa

Kansè nonenvazif rete anndan kanal lèt yo ou lobil nan tete a ak pa grandi ou anvayi tisi nòmal anndan ou depase tete a. Pafwa called kasinòm in situ (“in the same place”) or pre-kansè, apwopo 1 in 5 new breast kansè are kansè tete nonenvazif, stage 0 kansè tete or pre-kansè. Prèske tout fanm ki nan etap primè kansè tete sa ka geri.

Gen de kalite kansè tete nonenvazif/kondisyon:

  • Kasinòm kanalè in situ (Ductal carcinoma in situ, DCIS): Kansè nonenvazif sa rete anndan kanal lèt la.
  • Kasinòm lobilè in situ (Lobular carcinoma in situ, LCIS): Pandan se pa yon vrè kansè a, LCIS se yon kwasans depase selil ki rete anndan lobil la — se yon siy ou gen yon risk ki elve pou w devlope kansè envazif.

Lè w gen yon DCIS ou LCIS, ou gen yon risk ki pi elve pou kansè retounen ou pou w gen yon nouvo kansè tete pase yon moun ki pa t janm gen kansè tete. Plis rekirans rive nan senk ak 10 ane aprè dyagnostik inisyal la.

Poukisa pou w chwazi sant Sylvester Comprehensive Cancer Center?

Enstiti Kansè Tete Ki Renome, Braman Family Breast Cancer Institute nan Sylvester. Nou ofri youn nan meyè dyagnostik pou kansè tete nan peyi a ak pwogram swen, avèk trètman ki prepare swivan bezwen endividyèl ou.

American College of Radiology nome nou Sant Imaj Tet Ekselans (Breast Imaging Center of Excellence). Gras ak ekselan imaj yo, ou resevwa yon dyagnostik ki pi ekzat, ki vin bay yon plan trètman ki pi efikas.

Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.

Trètman

  • Operasyon

    Depann sou dyagnostik la, yo ka fè operasyon kòm yon pwosedi pou kont li ou an konjonksyon avèk lòt terapi yon preskri. Onkolojis chirijikal Sylvester yo espesyalize anpil nan opsyon chirijikal pou kansè tete.

  • Operasyon pou Konsève Tete

    Nan pwosedi sa yo retire tisi kansè a afekte men li pa retire tete. Gen kèk ekzanp operasyon konsève tete tankou timorektomi (lumpectomies) ak mastektomi pasyal. Doktè w la ap diskite opsyon w genyen yo ak ede w deside kisa ki pi bon pou ou.

  • Timorektomi

    Nan pwosedi sa yo retire yon timè (boul) ak yon ti kantite tisi nòmal nan alantou l. Se chirijyen kansè Sylvester yo ki premye koumanse avèk teknik timorektomi onkoplastik la ak kounyeya y ap anseye lòt chirijyen nan peyi a. Pandan yon timorektomi, chirijyen w lan retire timè a ak yon ti pati nan alantou tisi a. Doktè w la eskilte rès tisi tete ki rete pou ka bay tete w yon aparans natirèl, li fè ti touch nan lòt tete a pou l ka fè tou de sanble ak youn lòt.

  • Timorektomi avèk Rediksyon Tete

    Pou fanm ki gen gwo tete, onkolojis chirijikal la ak chirijyen plastik la ka fè yon operasyon rediksyon tete, koumanse ak tete ki gen kansè a pou yo ka asire yo rete tisi ki gen boul la ak yon maj ki pwòp — ou sekiritè — nan anlantou boul la. Chirijyen plastik la redui lòt tete a pou l ka sanble ak lòt la.

  • Mastektomi Pasyal

    Operasyon sa, yo konn rele l tou mastektomi segmantal, ladna l yo retire yon pi gwo pati nan tete a plis pase yo retire nan timorektomi.

  • Mastektomi Po ak Pou Evite Pwent Tete

    Lè sa apwopriye ak posib, nan pwosedi sa yo konsève po ak pwent tete a pou minimize sikatris ak amelyore abilite chirijyen an pou l rekonstwi tete w.

  • Mastektomi

    Yon mastektomi retire tout tete a kansè a afekte a. Chirijyen an ka retire youn oubyen plis gangliyon lenfatik anba bra w pandan operasyon an, oubyen kòm yon pwosedi nan pita, pou wè si kansè pwopaje.

  • Biyopsi gangliyon lenfatik santinèl (Sentinel lymph node biopsy).

    Doktè itilize ti operasyon sa pou detèmine si kansè a pwopaje depase timè primè a pou l rive touche sistèm lenfatik ou. Yon gangliyon lenfatik santinèl se premye kote selil kansè yo ka ale lè yo koumanse pwopaje. Pandan biyopsi a, doktè w la enjekte yon koloran espesyal (trasè) pou lokalize gnagliyon yo ak retire yo pou ka chache selil kansè. Si yo pa gen kansè, sa vle di li pa sanble kansè pwopaje epi li pa nesesè pou retire plis gangliyon lenfatik.

    Sylvester ofri yon nouvo trètman ki anpeche retire plis gangliyon lenfatik, menm si yo sispèk santinèl yo. Anvan operasyon, yon seyans eskanè iltrason anba bra a ka endike ki gangliyon lenfatik ki enplike (y ap parèt pi gwo ou anfle). Lè yo itilize kimoterapi anvan operasyon (kimoterapi neyoadjivan), li ka konvèti yon gangliyon lenfatik pozitif an negatif lè yo biyopsize l, sa vle di yo pa bezwen retire plis gangliyon lenfatik.

  • Transfè Gangliyon Lenfatik Venn ak Grèf Lenfatik

    Si w te fè lenfodèm nan yon operasyon anvan sa, chirijyen ekspè Sylvester yo ka enpoze ou founi soulajman nan kondisyon enfim sa ki rive lè gangliyon lenfatik anba bra a ki gen kansè dwe soti pandan yon operasyon, sa ki deranje sikilasyon nòmal fliyid lenfatik yo pou soti nan ponyèt la. Pyiske yo pa gen okenn kote pou ale, fliyid yo retounen nan tisi manm nan,sa ki lakoz anflamasyon ki bay anpil doulè. Nan transfè gangliyon lenfatik vaskilarize, gangliyon lenfatik yo ak stòk san yo transfere nan rejyon kote gangliyon lenfatik yo koupe a pou retabli drenaj nòmal yo.

  • Terapi Radyasyon

    Onkolojis radyasyon w lan ap diskite terapi radyasyon bon pou kansè ou a ak ki kalite livrezon radyasyon ki pi apwopriye pou ka pa w la. Kalite yo gen ladan yo terapi radyasyon tankou kiriterapi ("grenn" radyoaktif yo mete nan timè a), terapi tete pasyèl (yo fokis dòz ki pi wo pou ka akselere terapi a), ak terapi radyasyon reyon ekstèn.

  • Terapi òmòn

    Si selil kansè tete w yo gen reseptè estrojèn ak projesteròn, kansè a ka grandi pi rapid. Terapi òmòn pou bloke estrojèn ak projesteròn ka efikas pou anpeche rekirans kansè.


Tès

  • Mamografi

    Mamografi se fason ki pi rapid ak pi efikas pou detekte yon kwasans abnòmal nan tete w. Avèk tomosentèz, oubyen mamografi 3-D, teknolojis radyoloji ka jwenn imaj tete sou plizyè ang, amelyore presizyon yon lekti evalyasyon ak redui bezwen potansyèl pou fè seyans eskanè plizyè fwa.

  • Iltrason Tete ak MRI

    Doktè w la ka fè demand yon ekzamen imaj nonenvazif, tankou yon iltrason tete ou MRI tete, si w gen tete pwès ak ou gen yon risk kansè tete ki elve — espesyalman pou moun ki gen yon 20 pousan oubyen risk vi ki pi elve pou gen kansè tete.

  • Diktoskopi

    Plis pase 80 pousan kwasans kansè tete soti nan kanal lèt. Si sentòm ou yo gen ladan yo yon dechaj likid ki gen ti takte san ki soti nan pwen tete yo, chirijyen w yo ap itilize yon diktoskopi pou jwenn lezyon pou pran echantiyon ak retire l. Li itilize yon skop fib optik mwens pase yon milimèt pwofondè ki anndan kanal lèt la nan pwent tete a pou voye imaj nan yon monitè òdinatè.

  • Biyopsi

    Yon biyopsi se yon ti echantiyon tisi tete yo sispèk la epi yo reti ak teste l. Yo ka pèfòme biyopsi nan plizyè fason, depann de sikonstans lan: aspirasyon ak pwent egwi (biyopsi envazif minimal). biyopsi santral apati imaj gide, aspirasyon kis, ditoskopi (kanal lèt) ak biyopsi chirijikal (biyopsi eksizyonèl ou ensizyonèl).

  • Tès Reseptè Estrojèn ak Projesteròn

    Tès sa chache reseptè estrojèn ak pwojesteròn (òmòn) nan tisi kansè w la. Si selil kansè tete w yo gen reseptè estrojèn ak projesteròn, kansè a ka grandi pi rapid. Tès la di demontre doktè w la si trètman pou bloke estrojèm ak projesteròn nan ap efikas.

  • Tès Reseptè Faktè Kwasans Epidèmal Moun Tip 2 (Human Epidermal Growth Factor Type 2, HER2/neu)

    Tès sa mezire konbyen jèn kansè tete HER2/neu ki genyen avèk konbyen pwoteyin HER2/neu ki fèt sou echantiyon tisi tete. Si gen plis jèn HER2/neu ou pi wo nivo pwoteyin HER2/neu pase nòmal, kansè a ka grandi ou pwopaje pi rapidman.

Asirans nou Asepte

Nòt: Plan sante ki gen kontra avèk UHealth aktyèlman yo nan yon lis pi ba a. Sepandan, tanpri konsilte konpayi asirans ou an pou w verifye si UHealth fè pati rezo konpayi asirans ou an.