Skip to Main Content

Rekonstriksyon Kansè Tete

Randevou

Rele oswa klike sou pou yon vizit an pèsòn
oswa vityèl.

Rele nou nan
1-844-324-HOPE (4673)

Oswa

Si w konsidere fè rekonstriksyon tete, swa aprè yon mastektomi (operasyon kote yo retire tout tisi tete yo) ou yon loumpektomi (operasyon ki retire pati nan tisi tete a), pale ak chirijyen w lan sou sa anvan operasyon. Nan anpil ka, operasyon kansè tete ak rekonstriksyon ka fèt pandan menm pwosedi a, avèk onkolojis chirijikal ou a ak chirijyen rekonstriksyon an k ap travay ansanm. Sant Sylvester Comprehensive Cancer Center ofri yon gam teknik rekonstriksyon ki itilize pwòp tisi pa w, ak tout enplant.

Poukisa pou w Chwazi sant Sylvester Comprehensive Cancer Center?

Enstiti Kansè Tete Ki Renome, Braman Family Breast Cancer Institute nan Sylvester. Nou ofri youn nan meyè dyagnostik pou kansè tete nan peyi a ak pwogram swen, avèk trètman ki prepare swivan bezwen endividyèl ou.

American College of Radiology nome nou Sant Imaj Tet Ekselans (Breast Imaging Center of Excellence). Ou resevwa yon dyagnostik ki pi ekzat, ki vin bay yon plan trètman ki pi efikas.

Yon ekip kansè tete pliridisiplinè. Ou resevwa swen nan men yon ekri ekspè nan tout fasèt nan kansè tete, ki ofri w yon swen konplè pou meyè chans pou reyisi.

Sipò pou tout pati nan lavi w. Ekip sikològ nou yo, travayè sosyal, nitrisyonis, pwofesyonèl jesyon doulè, avèk lòt moun ap travay pou ou ak manb fanmi w.

Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.

Trètman

  • Pwostèz Tete

    Si w pa vle fè operasyon pou ranplase tete ou pati nan tete a, ou toujou gen opsyon. Pwostèz tete vin plis natirèl ak pèsonalize, ansanm ak rechèch k ap fèt sou pwostèz ki enprime nan enprimant 3-D apati yon foto tete a anvan operasyon.

  • Rekonstriksyon mastektomi

    Lè sa posib, chirijyen itilize yon mastektomi po ak ki evite pwent tete a pou prezève po a ak pwen tete a. Sa minimize sikatris ak amelyore abilite chirijyen an pou l rekonstui tete w. Yo ka fè rekonstriksyon an pandan masektomi an ou apre.

  • Ale dirèk nan rekonstriksyon enplant

    Yo ka fè rekonstriksyon sa nan menm tan ak mastektomi an kòm yon pwosesis ki fèt nan yon sèl etap. Li pa mande pou w gen yon ekspandè tisi anvan enplant pèmanan an.

  • Rekonstriksyon flap avèk pwòp tisi w

    Sa ka ofri w yon opsyon si w pa vle yon enplant ou pa kapab fè youn — swa paske pa gen ase po aprè yon mastektomi oubyen radyasyon domaje po w. Pwosedi sa itilize po nan lòt pati nan kò w pou rebati tete a.

  • Rekonstriksyon loumpektomi

    Sylvester ofri plizyè opsyon pou rekonstriksyon tete apre loumpektomi, yon operasyon ki retire sèlman pati nan tisi tete a:

    • Rediksyon tete bilateral: Pwosedi sa, se yon chirijyen onkoloji ki pèfòme l ak yon chirijyen plastik, sa ka yon opsyon si w gen tete mwayen ou laj. Pwosedi sa retire boul la ak nenpòt tisi kansè ki antoure l nan tete ki gen kansè a anvan, epi yo eskilte lòt tete a pou l ka vi menm jan ak li. Si nesesè, yo ka itilize yon enplant tete pou ranplase volim ki pèdi a.

    • Grèf grès oubyen deplase lòt tisi pou ranpli kote ki domaje a: Chirijyen plastik nou yo ka itilize tisi ki soti nan lòt pati nan kò w, tankou grès oupa bezwen, pou restore volim tete w.


Aprann plis sou opsyon rekonstriksyon sa yo ak wè foto anvan-ak-aprè yo.

Asirans nou Asepte

Nòt: Plan sante ki gen kontra avèk UHealth aktyèlman yo nan yon lis pi ba a. Sepandan, tanpri konsilte konpayi asirans ou an pou w verifye si UHealth fè pati rezo konpayi asirans ou an.