Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.

Trètman


Yo itlize kat terapi estanda nan trètman timè estromal gastroentestinal:

  • Operasyon

    Si GIST la pa pwopaje ak rete nan yon plas ki an sekirite pou fè operasyon, yo ka retire l gras ak operasyon laparoskopik. Y ap retire kèk tisi sou kote timè a tou. Laparoskòp la se yon tib fen ki klere ki ede yon chirijyen wè anndan kò a. Yo fè ti ensizyon (koupe po a) tou piti "twou kle" nan mi vant abdomèn/vant lan. Yo fouye laparoskòp la anndan youn nan ensizyon yo, menm jan yon enstriman chirijikal ki la pou retire tisi ki gen kansè.

  • Terapi Sible

    Terapi sible itilize medikaman ak lòt sibstans pou jwenn ak atake yon kalite selil kansè espesifik san andomaje selil ki an sante yo. Inibitè kinaz Tirozin (Tyrosine kinase inhibitors, TKIs) se medikaman terapi sible ki bloke siyal timè bezwen pou grandi. Yo ka itilize TKI pou trete GIST yo p aka retire nan operasyon. Yo ka itilize yo tou pou ratresi GIST yo anvan operasyon. Imatinib mesylate avèk sunitinib se de TKI yo itilize pou trete GIST.

  • Siveyans Aktif (Atant Vijilan)

    Kèk fwa doktè w la ka rekòmande pou rete tann trètman. Yo rele sa siveyans aktif, ou atant vijilan. Si nou kwè li pi bon pou w rete tann plis siy ou sentòm anvan nou trete yon GIST, n ap kontinye siveye kondisyon w lan atravè randevou regilye pou fè tès.

  • Swen Sipòtif

    Nou ka ofri swen sipòtif si timè w la vin pi mal oubyen si w gen lòt efè segondè timè a oubyen trètman w lan. Li ka gen landan jesyon doulè, sikolojik, social, ak sipò espirityèl. Objektif la se pou ede amelyore kalite lavi pou pasyan ki genyen maladi grav ou ki menase lavi yo.

    • Terapi radyasyon se youn nan trètman swen sipòtif yo ka rekòmande w pou soulaje doulè a lakay pasyan ki gen timè GIST ki gwo ki pwopaje.
  • Esè Kliniik

    Si doktè w la kwè w ap benefisye si w enskri nan yon esè klinik, li ap diskite opsyon sa ak ou. Esè klinik se etid envestigatif medikaman ki fèk disponib yo, kobinezon medikaman ou metòd chirijikal pou trete yon timè espesifik.